43 Bible Verses About Doubt

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Doubt
  1. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

    5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

  2. 19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.” 20 E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.

    21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”

    22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.

    23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”

    24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”

    26 Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”

    27 Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”

    28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”

    29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”

  3. 20 Pandan yo t ap pase lantre nan granmmaten, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.

    21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.

    22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye. 23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

    25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo.

  4. 17 Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.

    18 Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou. 19 Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.

    20 Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”

    21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”

  5. 28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”

    29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”

    31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?” 32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”

  6. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  7. 23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.

  8. 23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”

    24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”

  9. 16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.

  10. 11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;

  11. 36 Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a, 37 gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”

    38 Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.

    39 Alò, Gédéon te di a Bondye: “Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.” 40 Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.

  12. 23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”

    26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.

    27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”

  13. 37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.

    38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou? 39 Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.”

  14. 1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

  15. 1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

    2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

    6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.

  16. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  17. 14 Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L: 15 “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo. 16 Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”

    17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!” 18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.

    19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”

    20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou. 21 Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”

  18. 12 Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. 13 Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”

  19. 21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.”

    Men moun yo pa t reponn menm yon mo.

  20. 6 Li te chwazi chèf militè sou pèp la, e te rasanble yo kote li nan plas kote pòtay vil la. Li te pale pawòl ki pou ankouraje yo. Li te di: 7 “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul la ki avè l yo; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l yo. 8 Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.

  21. 5 Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.

    6 Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

    7 Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”

    8 Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen? 9 Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase? 10 Ni sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase? 11 Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

    12 Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a Farizyen ak Sadiseyen yo.

  22. 39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.

    40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”

  23. 1 Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li. 2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?” 3 Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.

    4 Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.” 5 Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo. 6 Li te etone pa enkredilite yo.

    Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.

  24. 13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.

    16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.

    20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.

  25. 1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

  26. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  27. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

  28. 15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”

  29. 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.

  30. 13 Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.

  31. 10 Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.”

    Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. 11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit. 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”

    13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’

    14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”

    15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”

  32. 9 Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”

  33. 14 Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.

  34. 9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?

    “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.

  35. 1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi.

  36. 1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.

    5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.

  37. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.

  38. 6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

  39. 28 Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”

  40. 4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.

    Yo te mete konfyans yo nan Ou,

    e Ou te delivre yo.

    5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.

    Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.

  41. 18 Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”

    19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. 20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”

  42. 22 Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.

    23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.

    24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!”

    Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.

    25 Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?”

    Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”

  43. 12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.