41 Bible Verses About Courage

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Courage
  1. 5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.

    7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

    9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

    10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di: 11 “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’”

  2. 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou. 7 Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

  3. 16 Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. 17 Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. 18 Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”

  4. Yon sòm David

    1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.

    Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

    defans lavi mwen.

    Se kilès k ap fè m gen laperèz?

    2 Lè malfektè yo te rive sou mwen

    pou yo ta devore chè m,

    advèsè mwen yo ak lènmi m yo

    te chape tonbe.

    3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.

    Malgre lagè leve kont mwen,

    malgre sa, m ap gen konfyans.

  5. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

    11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

    va vin wont e dezonore.

    Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo va peri.

    12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

    men ou p ap jwenn yo.

    Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

    13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    ki soutni men dwat Ou,

    ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

    14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,

    nou menm mesye Israël yo.

    Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.

    “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.

  6. 11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.

    Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.

    12 Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,

    paske fo temwen yo vin leve kont mwen,

    sila k ap respire vyolans yo.

    13 Mwen toujou gen konfyans sa a:

    ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.

    14 Tann SENYÈ a.

    Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.

    Wi, tann SENYÈ a.

  7. 13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.

  8. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  9. 20 Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.

  10. 11 Koulye a, fis mwen an, ke SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan. 12 Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a. 13 Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen.

  11. 24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,

    nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.

  12. 12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. 13 Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. 14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.

  13. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  14. 25 Epi Josué te di yo: “Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj, paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.”

  15. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

  16. 12 Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.”

  17. Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.

    Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”

    1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;

    Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.

    2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.

    Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.

    3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

    4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!

    Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

    Mwen p ap pè.

    Kisa lòm ka fè m?

  18. 1 Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;

    men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.

  19. 18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.

    19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”

  20. 18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

  21. 22 Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li. 23 Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”

  22. 7 “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul la ki avè l yo; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l yo. 8 Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.

  23. 27 Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la, 28 san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye.

  24. 45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a. 46 Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël, 47 epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”

  25. 1 Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè. 2 Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël. 3 Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a. 4 Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.”

  26. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

    27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

    28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M. 29 E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.

    30 “Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen. 31 Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l.

    “Leve, annou kite isit la.”

  27. 19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. 20 Selon volonte sensè ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris la va menm koulye a, kon toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò. 21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj.

  28. 11 Lè nou vin tande sa, kè nou te fonn. Pa t gen kouraj ki te rete nan okenn moun ankò akoz nou menm, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a.

  29. 2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”

  30. 26 Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele. 27 Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.

    29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  31. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”

  32. 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’

    12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

    13 Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.

  33. 11 Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”

  34. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  35. 10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an.

  36. 25 “Li va pwovoke pwisans ak kouraj li kont wa a Sid la ak yon gwo lame. Konsa, wa Sid la va fòme yon vrèman gwo lame pou fè lagè, men li p ap ka kanpe, paske yo va fòme yon plan kont li.

  37. 6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.

  38. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.

  39. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  40. 49 Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò; 50 pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”

  41. 28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.

    29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”