89 Bible Verses About Sharing the Gospel

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Sharing the Gospel
  1. 1 Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. 2 Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.

    3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo. 6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri. 7 Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo. 8 Epi an dènye, tankou yon pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.

  2. 16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.

    18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  3. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

    16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

    20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

  4. 14 Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo. 15 Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome.

    16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.

    18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  5. 15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane. 17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”

    19 Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye. 20 Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl yo pa sign ki te swiv yo. Amen.

  6. 8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”

  7. 26 Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)

    27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.

    29 Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.

    30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

    31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.

    32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:

    “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.

    Kon yon jenn mouton an silans

    devan sa k ap taye lenn sou do l,

    li pa t louvri bouch li.

    33 Nan imilyasyon, jistis li te rachte.

    Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?

    Paske vi Li retire sou tè a.”

    34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”

    35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.

    36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, lenik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.

    39 Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.

    40 Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

  8. 1 Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.

    2 Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?

    Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. 4 Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.

  9. 2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.

    5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.

  10. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.

    16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont.

  11. 1 Sa ki te ye depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; 2 epi lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.

    3 Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. 4 Epi bagay sa yo nou ekri, pou lajwa nou kapab vin konplèt.

    5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

    6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a.

  12. 1 Saul te fin dakò nèt ak lanmò li.

    Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo. 2 Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.

    3 Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.

    4 Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.

    5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.

  13. 5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

    16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  14. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

  15. 17 Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot a Senyè nou yo, Jésus Kri 18 ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” 19 Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.

    20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl. 22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, 23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.

    24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

  16. 35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

  17. 45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”

  18. 26 “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen. 27 E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”

  19. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

    8 Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te rele nou avèk yon apèl ki sen, pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11 Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.

    13 Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.

    14 Veye byen, selon lespri Sen ki demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.

  20. 9 “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm. 10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo. 11 “Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

    12 “Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò. 13 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.

  21. 37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”

    38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”

    40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”

    41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.

  22. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”

  23. 8 Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.

    9 Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la. 10 Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.

    11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul 12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.

  24. 26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

    27  Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.

    28 Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”

    29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas, 30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”

    31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.” 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.

    33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.

  25. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  26. 1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. 2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.

  27. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  28. 11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.

    13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.

    14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.

  29. 14 “Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.

  30. 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun,

  31. 19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.

    20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.

    21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.

    22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.

    23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.

    24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.

    25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.

    26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.

    27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

  32. 12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. 13 Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. 14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent. 15 Asireman kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite. 16 Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a levanjil la. 17 Premye sa yo pwoklame Kris avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an.

    18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen.

  33. 1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.

    3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

  34. 7 “Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen. 8 Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou. 9 Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.

  35. 32 Jésus sila Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.

  36. 38 “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse. 39 Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”

    40 Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.

    41 Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.

    42 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.

  37. 26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye. 27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvènè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. 28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te mande Pilate pou li ta fè l mouri. 29 Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.

    30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. 31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.

    32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:

    ‘Ou se Fis Mwen;

    jodi a Mwen fè Ou.’

    34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’

    35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke ‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’

    36 “Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. 37 Men Sila ke Bondye te fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.

    38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39 Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.

  38. 1 Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.

    2 Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo. 3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”

    4 Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite fanm enpòtan.

  39. 13 Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.

    14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.

  40. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

    27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.

    31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.

  41. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  42. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  43. 16 Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.

    17 Paske si mwen fè sa volontèman, mwen deja gen yon rekonpans. Men si se kont volonte m, mwen vin gen yon jerans ki plase sou mwen menm.

  44. 14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16 Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo? 17 Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan zye Bondye, nou pale nan Kris.

  45. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12 Nan Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. 13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.

  46. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.

  47. 7 A la bèl sou mòn yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la,

    ki anonse lapè,

    ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,

    ki anonse Sali,

    ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”

  48. 4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote

    ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

    men nou te rekonèt Li kon moun pini,

    frape pa Bondye e aflije.

    5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

    Li te kraze pou inikite nou yo.

    Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

    e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

    6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.

    Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,

    men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.

    7 Li te vin oprime e aflije;

    malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.

    Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,

    e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila

    k ap taye lenn li yo,

    konsa Li pa t ouvri bouch Li.

    8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.

    Selon jenerasyon Li,

    yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo,

    ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.

    9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,

    men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,

    malgre Li pa t fè okenn vyolans,

    ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.

    10 Men SENYÈ a te kontan brize Li;

    pou mete Li nan gwo soufrans,

    pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite,

    pou L ta wè desandan Li yo.

    Li va pwolonje jou Li yo,

    e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.

  49. 14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”

    16 Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.

  50. 18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.

    19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”

  51. 15 Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo. 16 Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”

  52. 6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. 7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.

    9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.

  53. 8 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.

  54. 9 Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; 10 paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.

  55. 3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. 4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.

  56. 13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, 14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.

  57. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

    3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

    4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.

    8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.

    9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

    10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.

    12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.

  58. 2 Chante a SENYÈ a!

    Beni non Li!

    Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

    3 Pale glwa Li pami nasyon yo,

    zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

    4 Paske gran se SENYÈ a!

    Li merite gran lwanj.

    Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.

  59. 1 Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: 2 “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”

  60. 18 Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo. 19 Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale. 20 Paske se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.

  61. 32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.

    34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.

    35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.

    36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li. 37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.

    38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.” 39  Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.

    40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.

    43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”

    45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.

  62. 18 Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li. 19 Men Li pa t kite L ale, men te di li: “Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.”

  63. 35 Ankò jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo, 36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a!”

  64. 24 Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: “Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”

    25 Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”

  65. 17 Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil. 18 Yo te mete men sou apòt yo, e te mete yo nan yon prizon piblik.

    19 Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di: 20 “Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”

  66. 50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò tèritwa yo.

    51 Men yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.

    52 Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.

  67. 17 Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rankontre yo.

  68. 30 Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo. 31 Li t ap preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.

  69. 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.

  70. 1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.

  71. 11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

  72. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

  73. 8 “ Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo; 9 men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.

  74. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

  75. 7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”

    8 Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’

    12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

  76. 6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

    10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.

    11 Paske mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri.

  77. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  78. 8 Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?”

    Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”

  79. 4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè!

  80. 17 “Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen. 18 Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou. 19 Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”

    20 “Ankò, lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou.

  81. 17 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”

  82. 23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.

  83. 34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen. 35 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.

    36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li? 37 Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.

    38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”

  84. 11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”

  85. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  86. 19 Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, 20 fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.

  87. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

  88. 6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8 Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.

  89. 39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.

    43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”

    44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.