58 Bible Verses About Gratitude
Bib Sen An (BSA)
-
15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
-
12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.
17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
4 A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,
-
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
-
1 O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.
Pwent mòn yo osi se pou Li.
5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.
Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.
Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
-
Yon Sòm David
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm bliye benefis Li yo,
3 ki padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
-
6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.
-
12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”
14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.
15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.
17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?”
-
2 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!
Vini devan Li avèk chan lajwa.
3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.
Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.
Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,
e nan lakou Li yo avèk lwanj.
Ba Li remèsiman!
Beni non Li!
5 Paske Bondye bon.
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,
e fidelite Li a tout jenerasyon yo.
-
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone,
-
15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,
-
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
-
14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.
15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
-
LIV 5
1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
2 Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”
Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,
3 e te ranmase soti nan peyi yo,
soti nan lès e soti nan lwès,
soti nan nò e soti nan sid.
-
34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,
paske lanmou dous Li a se pou tout tan.
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo.
-
7 Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.
8 O bay remèsiman a SENYÈ a.
Rele non Li.
Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.
9 Chante a Li menm.
Chante lwanj a Li menm.
Pale tout mèvèy Li yo.
10 Bay glwa a sen non Li.
Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a
vin ranpli ak jwa.
11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li.
Chache figi Li san rete.
-
4 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans,
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
-
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m;
Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;
Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
-
14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman
e peye ve ou yo a Pi Wo a.
15 Rele Mwen nan jou twoub la.
Mwen va delivre ou e ou va onore M.”
-
30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,
epi leve Li wo avèk remèsiman.
31 Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,
ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
32 Enb yo te wè sa e yo kontan.
Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.
-
14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16 Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?
-
6 Beni se SENYÈ a,
akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
-
Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a
1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,
pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten
avèk fidelite Ou nan lannwit,
-
23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,
mwen remèsye Ou.
Mwen bay Ou lwanj,
paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.
Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa
ke nou te mande Ou a,
Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”
-
9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.
Sali a sòti nan SENYÈ a.”
-
3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
-
7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 Li bay bèt la manje li,
ak jenn kòbo k ap kriye yo.
-
41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42 Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”
-
6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman. 7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li.
-
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
-
2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,
e Ou te geri mwen.
3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.
Bay remèsiman a sen non Li.
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
-
18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.
Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
-
1 Louwe SENYÈ a!
O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,
paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
-
8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e
nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
-
24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.
Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
-
21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;
pou sa, mwen gen espwa.
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
-
1 Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
3 Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. 4 Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; 5 Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la, 6 ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a;
-
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.
-
17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.
Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.
-
1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!
Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.
2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.
Pale sou tout mèvèy Li yo.
3 Bay non Li glwa!
Kite kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.
-
Yon Sòm David
1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.
Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,
paske gran se glwa SENYÈ a.
-
35 Lè l fin di sa, li te pran pen e te remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje.
-
4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo.
-
17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.
-
6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.
-
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
Shows Read in context, Share and Copy.