77 Bible Verses About Singing

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Singing
  1. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,

  2. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  3. 1 O vini, annou chante a SENYÈ a!

    Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

    2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

    Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

  4. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.

    25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

    26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

  5. 8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  6. 1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

    Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

    2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

    Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

    3 Chante a Li menm yon chan tounèf.

    Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.

    4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

    Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

  7. 13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.

  8. 1 Louwe SENYÈ a!

    Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

    avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.

    2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.

    Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.

    3 Kite yo louwe non Li avèk dans!

    Kite yo chante lwanj a Li

    avèk tanbouren ak gita.

  9. 1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf!

    Chante a SENYÈ a tout latè a.

    2 Chante a SENYÈ a!

    Beni non Li!

    Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

    3 Pale glwa Li pami nasyon yo,

    zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

  10. 2 Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.

    3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

    “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

    O Senyè, Bondye Toupwisan an!

    Jis e vrè, se chemen Ou yo,

    Wa a nasyon yo.

    4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

    epi bay glwa a non Ou?

    Paske se Ou sèl ki sen.

    Paske tout nasyon yo va vini

    pou adore devan Ou.

    Paske zèv ladwati Ou yo,

    Ou gen tan revele.”

  11. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.

  12. 30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.

  13. 5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;

    Kè m va rejwi nan delivrans ou

    6 Mwen va chante a SENYÈ a,

    paske Li te aji ak bon kè avè m.

  14. Yon Sòm

    1 O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.

    Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.

  15. 1 Louwe SENYÈ a!

    Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.

    Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.

  16. 16 Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.

  17. 33 Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.

    Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.

    34 Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.

    Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.

  18. 26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.

  19. 11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo), 12 epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a lotèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo, 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di:

    “Paske Li bon,

    lanmou dous Li a dire pou tout tan!”

    Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, 14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.

  20. 25 Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk enstriman kòd yo, selon kòmand David la avèk Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo. 26 Levit yo te kanpe avèk enstriman mizik a David yo, prèt yo avèk twonpèt yo. 27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. 28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.

    29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. 30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.

  21. 6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo!

    Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!

    7 Paske Bondye se Wa a tout tè a.

    Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.

  22. 22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.

    A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,

    O Sila Ki Sen an Israël la.

    23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm

    pou nanm mwen ke Ou te rachte a.

    24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.

    Paske yo wont, yo imilye,

    Sila ki te chache fè m mal yo.

  23. 27 Alò, nan dedikasyon miray Jérusalem nan, yo te chache twouve Levit soti nan tout plas yo pou mennen yo Jérusalem pou yo ta kab selebre dedikasyon an avèk jwa, avèk lwanj kè kontan, avèk chan avèk senbal, ap ak lenstriman a kòd yo. 28 Konsa, fis a chantè yo te rasanble soti nan distri ki te antoure Jérusalem nan e soti nan vilaj a Netofatyen yo, 29 soti Beth-Guilgal, avèk chan nan Guéba avèk Azmavet, paske chantè yo te fin bati pou kont yo vilaj nan anviwon Jérusalem yo.

  24. 16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.

    Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.

    Paske Ou te toujou sitadèl mwen,

    yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.

    17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.

    Paske Bondye se sitadèl mwen,

    Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

  25. 4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!

    Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!

    5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,

    avèk ap ak vwa melodi a.

  26. Yon Sòm Remèsiman an

    1  Rele fò a SENYÈ tout latè a!

    2  Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

    Vini devan Li avèk chan lajwa.

  27. 14 Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.

    15 Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.

  28. 6 Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a. 7 Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te de-san-katreven-di-zuit. 8 Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.

  29. 11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.

    Kite yo toujou chante ak kè kontan,

    akoz Ou fè abri pou yo.

    Kite sila ki renmen non Ou yo kapab

    fè kè kontan nan Ou.

  30. Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph

    1 Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!

    Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!

    2 Leve yon chan, bat tanbouren an,

    gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.

  31. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.

    Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

    2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,

    sòti deyò gwo ma ajil la.

    Li te mete pye m sou wòch la e

    te fè m kanpe byen fèm.

    3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen,

    yon chan lwanj Bondye nou an.

    Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va

    mete konfyans nan Bondye.

  32. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a!

    Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!

    2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo!

    Louwe Li selon bèlte a grandè Li!

    3 Louwe Li ak son twonpèt la!

    Louwe Li ak ap avèk gita!

    4 Louwe Li ak tanbouren ak dans!

    Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!

    5 Louwe Li ak senbal byen fò!

    Louwe Li ak senbal k ap retanti!

  33. 1 Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.

    2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. 3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a. 4 Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.

  34. 31 Alò, sila yo se sila ke David te chwazi nan sèvis chante lakay SENYÈ a, lè lach la te fin poze la. 32 Yo te fè ministè avèk chanson yo devan tant tabènak asanble a, jis lè Salomon te fin bati lakay SENYÈ a Jérusalem; epi yo te sèvi nan fonksyon pa yo selon lòd yo.

  35. 27 Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len. 28 Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.

  36. 2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou;

    Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

  37. 23 Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa!

    Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo!

    Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo,

    O forè ak tout pyebwa ki ladann yo;

    paske SENYÈ a te rachte Jacob,

    e an Israël,

    Li va devwale glwa Li.

  38. 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!

    Rejwi, O latè!

    Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

    Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

    Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

  39. 12 Paske ou va sòti ak kè kontan

    e mennen sòti ak lapè.

    Mòn yo ak kolin yo va eklate

    nan gwo kri lajwa devan ou,

    e tout bwa nan chan yo va bat men yo.

  40. 1 Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:

    2 “Akoz chèf yo te dirije Israël,

    akoz pèp la te pran desizyon,

    beni SENYÈ a!

    3 “Tande O wa yo!

    Bay zòrèy nou, O gran chèf yo!

    Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante.

    Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.

  41. 33 Alò, sila yo se te chantè a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit.

  42. 6 David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a. 7 Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la. 8 David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.

  43. 19 Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo; 20 epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la; 21 epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an. 22 Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò.

  44. 4 Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li!

    Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo:

    non l se SENYÈ a!

    Rejwi devan Li an!

    5 Yon papa pou òfelen yo

    e yon jij pou vèv yo,

    se Bondye nan lye sen Li an.

  45. 7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

    Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

  46. 9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,

    paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

    Li te rachte Jérusalem.

  47. 4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,

    k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,

    e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la,

    ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;

    5 sila ki enpwovize ak son ap la,

    ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;

    6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo

    onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,

    malgre sa, yo pa kriye pou Joseph,

    ki fin devaste nèt la.

    7 Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.

    Banbòch a sanzave yo va sispann.

    8 Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,

    SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:

    “Mwen rayi awogans a Jacob la,

    e Mwen deteste sitadèl li yo.

    Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”

  48. 6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. 7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:

    “Saül te touye dè milye pa li menm

    e David dè di-milye pa li menm.”

  49. 65 anplis, sèvitè gason ak fanm pa yo ki te kontwole nan sèt-mil-twa-san-trann-sèt; epi yo te gen de-san chantè, ni gason ni fanm.

  50. Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la

    1 Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.

    Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.

  51. Yon Sòm David

    1 Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis.

    A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.

  52. 1 O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!

    Fè zèv Li yo rekonèt pami pèp yo.

    2 Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.

    Pale sou tout mèvèy Li yo.

  53. 9 Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye;

    Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,

  54. 17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.

    Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

  55. 4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.

    Bay remèsiman a sen non Li.

  56. 2 Nan lè sa a, bouch nou te plen

    ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.

    Konsa, yo te di pami nasyon yo:

    “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”

  57. 5 Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.

  58. 10 Rachte a SENYÈ yo va retounen.

    Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;

    lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.

    Yo va twouve kè kontan ak lajwa;

    tristès ak soupi va sove ale.

  59. 10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

    lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè!

    Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,

    nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.

  60. 1 “Chante, O esteril la!

    Ou menm ki pa t kapab fè pitit!

    Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò,

    ou menm ki pa t gen doulè ansent lan!

    Paske fis fanm abandone an va depase fis a

    fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.

  61. 2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen

    epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.

    Sa se Bondye pa m,

    e mwen va louwe Li;

    Bondye a papa m nan,

    e mwen va leve Li wo.

  62. 4 Konsa, yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la. 5 Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk ap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.

  63. 12 Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.

  64. 11 Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda.

  65. 21 Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a.

  66. 11 Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion;

    deklare pami pèp yo zèv Li yo.

  67. 7 Ou se kote ke m konn kache a.

    Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.

    Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

  68. 20 Tankou yon moun ki retire rad li nan jou fredi,

    oswa tankou vinèg sou poud bikabonat,

    se konsa sila ki chante chan ak kè twouble yo ye.

  69. 23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;

    Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.

  70. 19 “Koulye a, akoz sa, ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo.

  71. 23 Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo.

  72. 6 Beni se SENYÈ a,

    akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.

    7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

    Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

    jwenn sekou.

    Pou sa, kè m leve wo nèt.

    Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

  73. 8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!

    Mwen va fè maten vin leve.

    9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

  74. 32 Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo,

    Chante lwanj a Senyè a, Tan

  75. 30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

    epi leve Li wo avèk remèsiman.

  76. 13 Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò.

  77. 32 Gade byen, ou vin pou yo tankou yon chan sansyèl ki chante pa yon moun ak yon bèl vwa, byen jwe sou enstriman. Paske yo tande pawòl ou yo, men yo pa pratike yo.