39 Bible Verses About Waiting
Bib Sen An (BSA)
-
Yon Sòm David
1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,
e disparèt tankou zèb ki vèt.
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere kon midi.
7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,
men sila k ap tann SENYÈ yo,
va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
-
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
-
13 Mwen toujou gen konfyans sa a:
ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
14 Tann SENYÈ a.
Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.
Wi, tann SENYÈ a.
-
5 Mwen tann SENYÈ a.
Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,
mwen mete espwa m.
6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis
pase gadyen k ap tann maten rive a.
Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.
Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.
Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.
8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.
-
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
26 Se bon pou yon nonm gen espwa,
e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 Mwen te tann avèk pasyans SENYÈ a.
Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.
-
5 Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye.
Paske espwa mwen se nan Li.
6 Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Mwen p ap ebranle menm.
7 Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.
Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.
Vide kè nou devan Li.
Bondye se yon refij pou nou.
-
35 “Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
36 “Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape. 37 Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis. 38 Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
39 “Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. 40 Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.
-
27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:
“Chemen Mwen an kache de SENYÈ a
e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
18 Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.
-
6 Moun dwat yo va wè, va gen lakrent;
yo va ri sou li epi di:
7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a,
men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo.
Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye.
Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a
pou tout tan e pou tout tan.
9 Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa.
Mwen va mete espwa nan non Ou,
paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.
-
22 Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;
tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
-
5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
-
4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
-
1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras. 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a. 6 Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
-
20 Nanm nou ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
-
7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”
-
18 Konsa, SENYÈ a ap tann. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
-
6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a,
Swiv ladousè ak lajistis,
e tann Bondye ou a tout tan.
-
18 Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a. 19 Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo. 20 Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.
-
2 O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou.
Sèvi kon fòs pa nou chak maten,
delivrans pa nou nan tan gwo twoub.
-
16 Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre kazèn nan pou te enfòme Paul.
17 Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”
18 Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.”
19 Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”
20 Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm. 21 Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”
-
3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
-
7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?
Espwa m se nan Ou.
8 Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.
Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
-
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou bay yo manje yo nan lè yo.
16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
-
7 Chemen moun jis se ladwati.
O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
8 Anverite, selon jijman Ou yo,
O SENYÈ, nou t ap tann Ou.
Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
9 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.
Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;
paske lè jijman Ou yo rive sou latè,
sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
-
4 Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zòrèy,
ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou,
k ap aji pou sila k ap tann Li an.
-
33 Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt. 34 Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.
-
34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.
Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.
Lè mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
-
13 Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo.
Yo pa t tann konsèy Li,
14 men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan,
e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.
15 Pou sa, Li te ba yo sa yo te mande a,
men te voye yon maladi epwizan pami yo.
-
23 Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo,
e fi yo kon manman nouris.
Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè,
pou niche pousyè nan pye ou.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a;
sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”
-
3 Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. L ap pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.
-
8 “Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
-
16 Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.
17 Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rankontre yo.
-
7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
-
3 Mwen fatige nèt ak kriye mwen an.
Gòj mwen sèk nèt.
Zye m varye pandan mwen
ap tann Bondye mwen an.
-
7 Men pou mwen menm,
mwen va gade vè SENYÈ a.
Mwen va tann Bondye a sali mwen an.
Bondye mwen an va koute mwen.
-
20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.
-
27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
Shows Read in context, Share and Copy.