98 Bible Verses About Animals
Bib Sen An (BSA)
-
24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
-
5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
6 Lou a va demere ak jèn mouton an,
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;
epi yon tigason va mennen yo.
7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
-
1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li.
-
3 “Nou pa pou manje okenn bagay abominab. 4 Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit, 5 Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn. 6 Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
7 “Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou. 8 Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.
-
18 Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou bèt ke yo ye.” 19 Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite. 20 Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a. 21 Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?
-
10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;
men konpasyon a mechan an se mechanste.
-
7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se men SENYÈ a ki fè sa?
10 Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak souf tout limanite a.
11 Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,
menm jan ke bouch la goute manje li a?
12 Sajès rete ak granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
-
19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja?
-
20 Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,
pou tout bèt forè yo mache toupatou.
21 Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,
e chache manje yo nan men Bondye.
22 Solèy la vin leve.
Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.
23 Lòm ale fè travay li.
Li fè fòs jis lannwit rive.
24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
25 Genyen lanmè, gran e vast.
Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte
gwo bèt, kòn ti bèt.
26 Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak
levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
27 Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
28 Ou bay yo, e yo ranmase li.
Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
29 Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.
Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
30 Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye.
Konsa, Ou renouvle fas tè a.
-
4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou te mete tout bagay anba pye li:
7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.
-
15 Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di: 16 Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. 17 Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.
18 Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo. 19 Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo.
20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”
-
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
-
1 Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo: 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo. 3 Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.
4 “‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 5 Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou; 6 Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 7 Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou. 8 Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.
9 “‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo. 10 Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou. 11 Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo. 12 Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou.
13 “‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè, 14 malfini, karanklou avèk tout espès li yo, 15 kòbo, avèk tout espès li yo, 16 otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo, 17 koukou, plonjon ak frize, 18 gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt, 19 sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.
20 “‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou. 21 Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a. 22 Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo. 23 Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou.
24 “‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè. 25 Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
26 “‘Tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp. 27 Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè. 28 Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou.
29 “‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo, 30 zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon. 31 Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè. 32 Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò. 33 Osi, pou nenpòt veso ki fèt avèk ajil kote yon bèt ta tonbe; nenpòt bagay ki ladann va vin pa pwòp. Epi nou va kraze veso a. 34 Nan nenpòt manje ki kapab manje, ki vin gen dlo sou li, sa vin pa pwòp, e nenpòt likid ke nou kapab bwè de li, nan tout veso, li va vin pa pwòp. 35 Anplis, tout bagay ladann yon pati nan kadav bèt la ta kapab tonbe, li vin pa pwòp; yon chodyè oswa yon fou va kraze an mòso. Yo pa pwòp e yo va kontinye rete pa pwòp pou nou. 36 Sepandan, yon sitèn oswa yon sous va rete pwòp, malgre ke sila ki touche kadav bèt yo va pa pwòp. 37 Si yon pati nan kadav yo vin tonbe sou nenpòt semans ki dwe plante, li toujou pwòp. 38 Men si dlo vin sou grenn semans lan, e yon pati nan kadav la tonbe sou li, li vin pa pwòp pou nou.
39 “‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè. 40 Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
41 “‘Alò, tout bagay trennen ki trennen atè abominab, li pa pou manje. 42 Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab. 43 Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp. 44 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè. 45 Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”
46 “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè,
-
34 Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an, 35 mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li. 36 Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”
-
1 Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. 2 Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li. 3 Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a.
-
9 Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou,
Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.
10 Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen,
ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.
11 Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo.
Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.
12 Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,
paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
-
25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras?
-
8 Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di: 9 “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, 10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.
11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
12 Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. 13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a. 14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la, 15 epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.
16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
17 Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”
-
18 Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi. 19 Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm: 20 zo kase pou zo kase, zye pou zye, dan pou dan. Menm jan ke li te blese yon moun, se konsa ke li va fèt sou li menm. 21 Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò.
-
4 “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an.
-
29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
-
7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
-
6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
-
7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
-
7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
-
17 “Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.
18 “Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.
19 “Epi soti nan tout chè de tout kalite bèt k ap viv, ou va pote de nan chak espès pou antre nan lach la, pou kenbe yo vivan ak nou. Konsa, yo va mal avèk femèl. 20 “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan. 21 Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm. Yo va sèvi pou ou kòm manje pou ou, ak pou yo.”
22 Konsa Noé te fè l. Selon tout sa ke Bondye te kòmande li, se konsa li te fè l.
-
7 Louwe SENYÈ a soti sou latè,
gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
8 Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,
van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
9 Mòn yo ak tout kolin yo,
pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
10 Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo,
sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
11 wa latè yo ak tout pèp yo,
prens yo ak tout jij latè yo,
12 ni jennonm, ni vyèj,
granmoun ak timoun.
-
25 Lou ak ti mouton va manje ansanm.
Lyon an va manje pay kon bèf.
Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an.
Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,”
di SENYÈ a.
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
-
12 Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.
-
21 Men se bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la. 22 Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.
-
5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. 7 Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
-
8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:
“Dign se Ou menm pou pran liv la,
e kase so li yo.
Paske Ou te touye,
e Ou te achte pou Bondye avèk
san Ou;
lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.
10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo
a Bondye nou an;
epi nou va renye sou tè a.”
11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”
13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”
-
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
-
12 Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.
Li tankou bèt yo ki peri.
-
23 Konnen byen kondisyon a bann mouton ou yo,
e okipe twoupo ou yo;
-
22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
-
9 Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. 10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv. 11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”
14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”
15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”
-
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
-
20 Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri.
21 Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun. 22 Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri. 23 Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè a nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
-
8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.
9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
-
1 “‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li san defo devan SENYÈ a.
-
28 Konsa, SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?”
29 Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.”
30 Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”.
-
15 Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo,
avèk lafimen a belye yo.
Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.
-
6 Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
-
8 Lè nou ofri bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo.
-
2 Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an.
-
4 Alò, mwen te kòmanse kriye anpil, paske pèsòn pa t dign pou louvri liv la oubyen pou gade ladann. 5 Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon an ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”
6 Konsa, mwen te wè antre twòn lan, avèk kat kreyati vivan, ak lansyen yo, yon Jèn Mouton te kanpe, kòmsi li te touye deja, avèk sèt kòn aksèt zye, ki se sèt Lespri a Bondye yo, ki te voye sou tout tè a.
-
15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’
-
19 Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò.
-
9 “‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen. 10 Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen. 11 Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la. 12 Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye. 13 Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.
-
15 Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson.
-
6 “Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo. 7 Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
-
17 Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy,
se konsa sila k ap pase pa aza a,
pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
-
24 “Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:
25 Foumi se pa yon pèp ki fò;
men yo prepare manje yo nan gran sezon.
26 Chat mawon se pa yon pèp pwisan;
men yo fè kay yo nan wòch.
27 Krikèt volan yo pa gen wa;
men yo parèt byen alinye.
28 Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou;
sepandan, li antre nan palè a wa a.
-
6 Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo.
Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.
-
31 Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.
-
6 Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo.
-
20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 21 Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan. 22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”
-
1 Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” 2 Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4 Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.
Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, 5 men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
-
9 Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twazan, yon mal mouton nan twazan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
-
15 “Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilòp la ak sèf la. 16 Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.
-
43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo.
-
1 Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2 Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo, 3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li. 4 Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”
5 Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò. 6 Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”
7 Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül.
-
6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a!
-
14 Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo;
kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.
Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;
l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
-
17 Paske gade byen,
Mwen va kreye yon syèl tounèf,
ak yon tè tounèf;
epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,
ni p ap menm antre nan panse.
-
7 Akoz sa, Mwen va vin tankou yon lyon anvè yo.
Kon yon leyopa, Mwen va kouche
an kachèt bò chemen an.
8 Mwen va rankontre yo kon yon lous
ki fenk fin pèdi pitit li,
e mwen va chire lestomak yo nèt.
Sou plas, Mwen va devore yo tankou
yon manman lyon,
jan yon bèt sovaj ta chire yo.
-
20 Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
-
33 Si yon mesye ouvri yon fòs, oswa fouye yon fòs e li pa kouvri li, yon bèf, oswa yon bourik tonbe ladann, 34 mèt fòs la va bay rekonpans. Li va bay lajan a mèt li, e bèt mouri an va vin pou li.
35 Si bèf a yon mesye vin donmaje bèf a yon lòt, e li mouri, alò yo va vann bèf vivan an e divize pri li mwatye pou yo chak; epi osi yo va divize bèt mouri an. 36 Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li.
-
4 Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li. 5 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.
-
19 “‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf.
Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn;
Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.
-
8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
10 Anpil se tristès a mechan yo,
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
se lanmou dous ki va antoure li.
11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!
Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.
-
10 Li fè sous yo vin koule nan vale yo.
Yo koule antre mòn yo.
11 Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.
Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12 Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay.
Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.
Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
-
30 Peyi yo te ranvaye avèk krapo,
menm jis rive nan chanm a wa yo.
-
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou bay yo manje yo nan lè yo.
16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
-
7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 Li bay bèt la manje li,
ak jenn kòbo k ap kriye yo.
-
4 Depi kilè peyi a va gen dèy konsa,
e vèdi chan an vin sèch konsa?
Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo,
ni bèt ni zwazo detwi nèt;
akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”
-
18 Ala plenyen bèt yo plenyen nan gòj!
Twoupo bèf yo ap gaye toupatou,
paske pa gen patiraj pou yo.
Menm bann mouton yo ap soufri.
19 A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye;
paske dife fin devore patiraj nan savann yo,
e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo.
20 Menm bèt chan yo rele vè Ou menm;
paske sous dlo yo fin seche e dife a te devore
tout patiraj nan savann yo.
-
2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a. 3 Mwen va retire ni lòm, ni bèt. Mwen va retire zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a.
-
1 Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo, 2 epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen. 3 Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”
4 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
5 “Pale a fi Sion an,
Men gade, Wa ou ap vin kote ou,
dou, e monte sou yon bourik,
yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
-
13 Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
-
5 Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”
-
9 Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?
10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.
-
39 Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason.
-
9 Juda se jèn pòtre a yon lyon;
depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte.
Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon,
e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?
10 Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda,
ni bwa règleman p ap janm antre pye li
jis lè Schilo vini,
e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.
11 Li mare jenn bourik li
ak pi bèl pye rezen an.
Li lave vètman li yo nan diven,
ak manto li yo nan san rezen yo.
12 Zye li fonse wouj akoz diven an,
e dan li blanchi nan lèt la.
13 Zabulon va demere bò lanmè;
li va yon pwotèj pou gwo bato yo.
Lizyè l va ak Sidon.
14 Issacar se yon bourik gwo fòs
k ap kouche ba nan mitan makout bèt.
-
4 Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’”
5 SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.”
6 Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri.
-
2 “‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.
-
25 “‘Se konsa ke nou gen pou distenge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la. Nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp. 26 Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.
-
21 ‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.
22 “Mwen va lage pami nou bèt sovaj chan yo ki va rache pitit nou yo nan men nou, detwi bèt nou yo e redwi fòs kantite moun nou jis pou wout nou yo rete abandone.
-
15 Kenbe rena yo pou nou,
ti rena k ap detwi chan rezen yo,
paske chan nou yo ap fè flè.
-
3 Men sila ki touye yon bèf la,
li tankou sila ki touye yon moun nan;
sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an,
li tankou yon moun ki kase kou a yon chen;
sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an;
sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la.
Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo,
e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.
-
7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.
Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;
men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
-
5 “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen.
-
11 Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple tèren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
-
22 Pa pè, nou menm bèt chan yo;
paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,
paske pyebwa a vin bay fwi li.
Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.
-
15 Jan fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.
-
12 Men sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.
13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. 14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. 15 Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo. 16 Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.
Shows Read in context, Share and Copy.