34 Bible Verses About Food

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Food
  1. 32 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vre pen ki sòti nan syèl la. 33 Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”

    34 Pou sa yo te di L: “Senyè, toujou bay nou pen sa a”.

    35 Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.

  2. 23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25 Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26 “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” 27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.” 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

    31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32 Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.

    33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.

  3. 29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.

  4. 27 Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan, 28 te pote kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen, 29 siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.”

  5. 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.

    4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.

  6. 4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.

  7. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?

  8. 27 “Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”

  9. 13 Li te fè li monte sou wo plas tè yo.

    Yo te manje pwodwi a chan yo.

    Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la,

    ak lwil nan wòch ki te di:

    14 Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo,

    avèk grès jenn ti mouton yo,

    Belye a ras Basan yo ak kabrit,

    Avèk ble ki pi fen yo.

    Nou te bwè san rezen an,

    diven an menm nou te bwè.

  10. 18 Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l, 19 paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)

    20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  11. 1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

    5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li.

  12. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  13. 17 Alò, Jesse te di a David, fis li a: “Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a. 18 Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo.

  14. 31 Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”

    32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”

    33 Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”

    34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.

  15. 12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. 13 Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a.

  16. 7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.

  17. 1 Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant lan nan chalè jounen an. 2 Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè. 3 Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an. 4 Souple, kite yon ti dlo ta pote pou lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a. 5 Konsa, mwen va pote yon mòso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.”

    Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”

    6 Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”

    7 Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li. 8 Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.

  18. 8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.

  19. 1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a, 3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch. 4 Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.

  20. 22 Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin, 23 dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra.

  21. 24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;

    dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.

  22. 11 Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann.

  23. 11 Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè. 12 Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit.

  24. 14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi

    pou zèv a lòm nan,

    pou li kab fè manje sòti nan tè a,

    15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,

    pou li kab fè figi li klere ak lwil,

    ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.

  25. 1 Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè,

    konsidere byen sa ki devan ou.

    2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou

    si ou se yon nonm ak gwo lanvi.

    3 Pa dezire bon manje sa yo,

    paske se yon repa desepsyon.

  26. 2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,

    ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?

    Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon

    e pran plezi nou an abondans.

  27. 31 Lakay Israël te nonmen li lamàn. Li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl.

  28. 18 Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.

  29. 10 Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”

    11 Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”

    12 Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”

    13 Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. 14 Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”

    15 Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. 16 Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.

  30. 14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.

    15 Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”

    16 Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”

    17 Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”

    18 Li te di: “Pote yo ban Mwen!” 19 Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la. 20 Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen. 21 Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.

  31. 10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv. 11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”

    14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”

    15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”

  32. 10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an.

  33. 16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris.

  34. 17 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.