71 Bible Verses About Alcohol
Bib Sen An (BSA)
-
1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,
-
4 Se pa pou wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6 Bay bwason fò a sila k ap peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7 Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
-
29 Se kilès ki gen gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès k ap plenyen?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30 Sila ki mize sou diven an,
sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l desann byen dous.
32 Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va twouble anpil.
34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,
oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35 “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!
Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!
Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”
-
17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
-
19 Koute, fis mwen an, vin saj
pou dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
-
23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
-
14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
-
20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.
-
1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
-
1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a, 3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch. 4 Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.
-
22 Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon
-
8 “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di: 9 Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. 10 Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. 11 Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
-
7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. 8 Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.
-
19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;
men yo pa okipe zèv SENYÈ yo,
ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
-
13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.
-
2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.
-
7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.
-
15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.
-
33 Paske Jean-Baptiste te vinisan manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab! 34 Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo! 35 Men sajès lajistifye pa tout pitit li yo.
-
20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen. 21 Li te bwè diven, e li te vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.
23 Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.
-
17 Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
-
6 La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
7 Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
8 Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
-
8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
-
17 Sila ki renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
-
13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare
SENYÈ a,
“lè sila k ap raboure a va depase sila
k ap rekòlte a,
e sila k ap foule rezen an va depase
sila k ap simen grenn nan;
lè mòn yo va degoute diven dous e
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
14 Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an,
Israël, ki an kaptivite a,
e yo va rebati vil ki kraze nèt yo
pou yo viv ladan yo.
Anplis, yo va plante chan rezen yo
pou bwè diven yo;
epi fè jaden pou manje fwi yo.
15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,
e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi
ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,
Bondye Ou a.
-
18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’! 19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
-
34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
-
26 Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou.
-
11 Lavi pwostitisyon, diven,
ak diven nèf retire bon konprann.
12 Pèp mwen an mande konsèy
a zidòl ki fèt ak bwa yo.
Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;
yo te enfidèl a Bondye yo a.
13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo,
e yo brile lansan sou kolin yo.
Anba pye bwadchèn yo,
pye sikrèn ak pye mapou yo;
akoz lonbraj yo dous.
Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon
e madanm nou yo fè adiltè.
-
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
-
12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.
-
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
-
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
-
13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.
-
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
-
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li,
-
5 Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou. 6 Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an.
-
6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”
-
1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!
Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.
Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
-
14 “Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen.
-
21 Ni okenn nan prèt yo pa pou bwè diven pandan y ap antre nan lakou enteryè a. 22 Epi yo p ap marye ak yon vèv ni yon fanm divòse, men yo va pran vyèj ki soti nan desandan lakay Israël yo, oswa yon vèv ki se vèv a yon prèt. 23 Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
-
15 “Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo! 16 Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou. 17 Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.
-
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
-
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
-
9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
-
28 Koulye a, ke Bondye kapab ba ou
lawouze syèl la, ak grès tè a,
anpil sereyal chan avèk diven nèf.
-
18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
-
8 Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan. 9 Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a. 10 Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.
-
9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo.
-
1 Belschatsar, wa a te fè yon gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo. 2 Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo. 3 Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo. 4 Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.
-
3 Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven an pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
-
19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
-
20 Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.
-
13 “Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lèzòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’
-
1 Fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane. 2 Te gen yon sèten nonm nan Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit. 3 Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. 4 Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp. 5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”
6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li. 7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”
-
14 Alò Éli te di li: “Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”
15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a.
-
13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li.
-
18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:
“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;
malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
-
10 Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann.
-
12 Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo. 13 Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”
-
1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo!
-
8 SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li
e pa men pwisan Li:
“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò
kon manje pou lènmi ou yo;
ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf
pou sila ou te depanse fòs ou a.”
9 Men sila ki ranmase li,
se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.
Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou
sanktyè pa Mwen an.
-
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
-
1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. 5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou.
Shows Read in context, Share and Copy.