100 Bible Verses About Sexual Immorality

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Sexual Immorality
  1. 9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.

    12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. 13 Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a. 14 Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li. 15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  2. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

    29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

    31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.

  3. 3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

    7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.

  4. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

    3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.

    5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.

    6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa vin yon pati ak yo.

  5. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

    26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  6. 22 “‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.

    23 “‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.

    24 “‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi. 25 Paske peyi a gen tan vin konwonpi. Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò.

  7. 1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

  8. 20 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.

    22 “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo. 23 Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.

  9. 5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo.

  10. 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  11. 4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

  12. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  13. 9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;

    10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.

    11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.

    12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?

  14. 1 Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. 2 Gran foul yo te swiv Li, e Li te geri yo la.

    3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”

    4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

    7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

    8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

  15. 5 Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. 6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a. 7 Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl la.

  16. 23 Paske kòmandman an se yon lanp,

    e enstriksyon li se limyè.

    Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a

    24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,

    a lang glise de fanm adiltè a.

    25 Pa dezire bote li nan kè ou,

    ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.

    26 Paske akoz yon pwostitiye,

    yon gason redwi a yon mòso pen.

    Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.

    27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo

    pou rad li pa brile?

    28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,

    san ke pye l pa brile?

    29 Se konsa li ye ak yon nonm ki

    antre nan madanm vwazen li.

    Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.

  17. 24 Alò, pou sa, fis yo, koute mwen

    e okipe pawòl a bouch mwen yo.

    25 Pa kite kè ou vire akote nan chemen li yo!

    Pa vin antre egare nan wout li yo!

    26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;

    e anpil se sila ki te mouri akoz li.

    27 Lakay li nan wout Sejou mò yo,

    k ap desann nan chanm lanmò yo.

  18. 9 Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo. 10 Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’

    11 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen. 12 Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”

    13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”

    Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri. 14 Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”

  19. 8 Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou. 9 Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.

  20. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.

  21. 1 Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.

    2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.

    3 Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan. 4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,

    5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.

  22. 14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.

    15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

  23. 28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”

  24. 36 Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la. 37 E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat. 38 Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an. 39 Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”

    40 Jésus te reponn li: “Simon, Mwen gen yon bagay pou di ou.”

    Li te di: “Pale, Mèt.”

    41 Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-sandenye, epi lòt la, senkant. 42 Lè yo pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”

    43 Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.”

    “ Li te di li: “Ou jije byen”.

    44 Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li. 45 Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen. 46 Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.

    47 “Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”

    48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.

    49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”

    50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”

  25. 12 “A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:

    13 Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.

    14 “Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral. 15 Konsa tou, nou gen kèk moun ki, nan menm jan an, k ap kenbe sou ansèyman Nikolayityen yo.

    16 “Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.

    17 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.

  26. 15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

    16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

    kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

    17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

    18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

    20 Paske poukisa fis mwen an,

    ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

    e anbrase lestonmak a yon etranje?

  27. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  28. 6 Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd. 7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. 8 Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm. 9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.

  29. 17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo. 18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.

  30. 21 Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.

  31. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.

  32. 31 Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?”

    Yo te reponn: “Premye a”.

    Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm. 32 Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.

  33. 13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

  34. 13 “‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.

  35. 19 Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a. 20 Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè ou.”

    Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a. 21 Alò, lè David te tande tout koze sila yo, li te vin byen fache. 22 Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.

  36. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

  37. 8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  38. 26 Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou,

    pou wont ou kapab vin vizib.

    27 Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo

    e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo,

    sou kolin ak nan chan yo.

    Malè a ou menm, O Jérusalem!

    Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?”

    Pou konbyen de tan sa va dire?

  39. 1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.

    3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.

  40. 16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,

    soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;

    17 ki kite konpanyen jenès li a,

    e ki bliye akò a Bondye li;

    18 paske lakay li mennen a lanmò

    e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.

    19 Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò,

    ni yo pa jwenn pa lavi.

  41. 1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,

    apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;

    2 pou ou kab kenbe sajès

    e pou lèv ou ka konsève konesans.

    3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,

    e pale li pi dous pase lwil;

    4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,

    epi file kon yon nepe ki koupe de bò.

    5 Pye li yo desann vè lanmò

    e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.

    6 Li pa reflechi sou pa lavi a;

    vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.

    7 Alò, fis mwen yo, koute mwen,

    e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.

    8 Kenbe wout ou byen lwen li, e

    pa pwoche toupre pòt lakay li.

    9 Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo

    ak ane ou yo a mechan an.

    10 Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,

    e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,

    va rive lakay a yon etranje.

    11 Epi ou va plenyen nan gòj

    lè dènye moman lavi ou rive,

    lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.

    12 Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon!

    Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!

    13 Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,

    ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.

    14 Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”

  42. 15 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò. Nou va anplis touye bèt la.

    16 “‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.

  43. 22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.

    23 Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.

    24 Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la. 25 Konsa li te di:

    “ Canaan se modi.

    Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”

  44. 6 Hamor, papa a Sichem, te vin deyò a pou pale avèk li. 7 Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.

  45. 29 “‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd.

  46. 22 ‘Modi se sila ki kouche avèk sè li, fi a papa li, oswa a manman li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’

    23 ‘Modi se sila ki kouche avèk bèlmè li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’

  47. 1 Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an. 2 Paske jijman Li yo vre e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”

  48. 1 Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo. 2 Paske yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a. 3 Konsa, Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.

    4 SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”

    5 Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo menm avèk Baal Peor la.”

  49. 1 “Mwen te fè yon akò ak zye m;

    alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?

  50. 10 Yo va manje, men yo p ap gen ase.

    Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante,

    akoz yo sispann koute SENYÈ a.

    11 Lavi pwostitisyon, diven,

    ak diven nèf retire bon konprann.

    12 Pèp mwen an mande konsèy

    a zidòl ki fèt ak bwa yo.

    Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;

    yo te enfidèl a Bondye yo a.

    13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo,

    e yo brile lansan sou kolin yo.

    Anba pye bwadchèn yo,

    pye sikrèn ak pye mapou yo;

    akoz lonbraj yo dous.

    Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon

    e madanm nou yo fè adiltè.

    14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon,

    ni madanm nou yo lè yo fè adiltè.

    Paske, mesye yo, yo menm,

    ale sou kote ak pwostitiye yo,

    e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo.

    Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.

  51. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

    18 Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè. 19 Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.

  52. 23 “‘Konsa, li te vin rive apre tout mechanste ou yo—Malè, malè a ou menm!’, deklare Senyè BONDYE — 24 “Ke ou te bati pou kont ou yon lotèl, e te fè yon wo plas tout kote. 25 Ou te bati pou kont ou yon wo plas nan pwent anwo nan tout lari, ou te fè belte ou vin abominab e ou te ouvri janm ou pou tout ale vini pou ogmante pwostitisyon ou an. 26 Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Ejipsyen yo, vwazen ou yo ak gwo anvi lachè e ou te ogmante pwostitisyon ou an pou fè m vin fache. 27 Gade byen, Mwen te lonje men M kont ou pou te diminye nan sa ki te pou ou yo. Epi Mwen te livre ou a volonte a sila ki rayi ou yo, fi a Filisten yo, ki wont devan kondwit lèd ou a. 28 Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a. 29 Anplis, ou te ogmante pwostitisyon ou an ak peyi komèsan yo, Chaldée. Menm malgre sa, ou pa t satisfè.

    30 “‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon pwostitiye ki san wont. 31 Lè ou te bati lotèl ou yo nan pwent a tout lari a, e te fè wo plas ou yo tout kote yo, san menm mande kòb, ou pa t sanble a yon pwostitiye.

    32 “‘“Ou menm, fanm adiltè, ki pran etranje olye de mari li! 33 Mesye yo konn bay kado a tout pwostitiye, men ou te bay kado ou a tout moun ki renmen ou yo pou rale yo vin kote ou sòti nan tout direksyon pou zak pwostitisyon ou yo. 34 Konsa, ou apa de fanm sa yo nan fè pwostitisyon ou an. Nan sa, nanpwen moun ki jwe pwostitiye tankou ou. Ou menm konn vèse lajan olye resevwa lajan. Konsa, ou apa.”’

    35 “Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a. 36 ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz bagay lèd ou yo te vin vide nèt, toutouni ou a te fin dekouvri nèt atravè pwostitisyon ou ak moun ki renmen ou yo, e ak tout zidòl abominab ou yo, e akoz san a fis ou ke ou te bay a zidòl yo, 37 akoz sa, gade byen, Mwen va rasanble tout moun ki renmen ou yo avèk sila ou te pran plezi yo, menm tout sila ke ou te renmen yo, ak tout sila ou te rayi yo. Konsa, Mwen va rasanble yo kont ou soti nan tout direksyon e Mwen va fè toutouni ou an vin parèt a yo menm pou yo ka wè toutouni ou an nèt. 38 Konsa, Mwen va jije ou kon fanm k ap komèt adiltè, oswa k ap vèse san moun ta jije. Epi Mwen va mennen sou ou san gwo kòlè a ak jalouzi. 39 Anplis, Mwen va bay ou nan men a moun ki renmen ou yo, e yo va demoli tout lotèl ou yo, demoli wo plas ou yo, retire tout rad sou ou, retire tout bijou ou yo e kite ou toutouni, san rad. 40 Yo va pouse yon gwo foul kont ou, yo va lapide ou e rache ou an mòso ak nepe yo. 41 Yo va brile lakay ou ak dife e egzekite jijman sou ou devan zye anpil fanm. Nan lè sa a, mwen va fè ou sispann jwe pwostitiye e ou p ap peye moun ou renmen yo ankò. 42 Konsa, Mwen va kalme gwo chalè kòlè Mwen an kont ou. Jalouzi Mwen va kite ou, Mwen va vin satisfè e Mwen p ap fache ankò.

    43 “‘“Akoz ou pa t sonje jou jenès ou yo, men te fè m vin anraje akoz tout bagay sa yo; gade byen, Mwen, nan kou pa M nan, Mwen va desann tout kondwit ou a, sou pwòp tèt ou,” deklare Senyè BONDYE a, “pou ou pa komèt bagay lèd sa a pou mete sou tout lòt abominasyon ou yo.”

  53. 5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.

  54. 10 Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?” 11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”

  55. 12  Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo. 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

    16 Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.

  56. 4 Avan yo gen tan kouche, mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo. 5 Konsa, yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo.”

    6 Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l. 7 Li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste. 8 Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”

    9 Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kraze pòt la.

  57. 20 “‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.

  58. 17 “‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l.

  59. 21 ‘Modi se sila ki kouche avèk nenpòt bèt.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.

  60. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

    1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

    Selon grandè a mizerikòd ou,

    efase transgresyon mwen yo.

    2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

    netwaye m de peche mwen an.

  61. 1 Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo

    e kache kòmandman mwen yo anndan ou.

    2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,

    ak enstriksyon mwen yo

    kon de grenn zye nan tèt ou.

    3 Mare yo sou dwèt ou;

    ekri yo sou tablo a kè ou.

    4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”

    e rele sajès pi bon zanmi ou,

    5 Pou li kab anpeche ou ale

    jwenn ak yon fanm adiltè;

    yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.

  62. 10 Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo. 11 Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li.

  63. 12 Men sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.

    13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. 14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. 15 Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo. 16 Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.

  64. 19 Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò.

  65. 44 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.

  66. 19 “‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.

  67. 18 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.

    19 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt. Yo va pote koupabilite yo.

  68. 20 ‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.

  69. 22 Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”

    23 Alò, nonm nan, mèt kay la, te parèt deyò kote yo, e te di yo: “Non, zanmi mwen yo, souple pa aji mal konsa! Akoz nonm sa a te antre lakay mwen, pa vin fè yon zak bèt parèy konsa! 24 Men fi vyèj mwen an ak sèvant li an; souple, kite mwen fè yo sòti pou nou kapab kouche avèk yo e fè sa ke nou pito. Men pa fè zak bèt sa a kont nonm sa a!”

    25 Men mesye yo te refize koute li. Epi nonm nan te sezi ti mennaj li a, li te mennen li deyò kote yo. Konsa, yo te vyole li e te abize li tout lannwit jis rive nan maten, e yo te lage li lè solèy prèt leve. 26 Lè jou te kòmanse vin parèt, fanm nan te vin tonbe devan pòtay kay a mesye a kote mèt la te ye a jiskaske solèy fin klere nèt. 27 Lè mèt li te leve nan maten e te louvri pòt la pou fè wout li, alò vwala, mennaj li an te kouche devan pòtay kay la, avèk men li sou papòt kay la.

    28 Li te di li: “Leve non, annou ale.” Men pa t gen repons. Alò, li te mete kadav li sou bourik la, epi nonm nan te leve ale lakay li.

    29 Lè li te antre lakay li, li te pran yon kouto, li te mete men li sou mennaj li a e te koupe li fè douz mòso, manm pa manm e te ranvoye li toupatou nan tout tèritwa Israël la. 30 Tout sa ki te wè l te di: “Anyen parèy a sa pa t janm fèt, ni pa t konn wè depi jou ke fis Israël yo te monte sòti nan peyi Égypte la jis jodi a. Reflechi sou sa, pran konsèy e pale klè.”

  70. 16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo.

  71. 20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.

  72. 8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. 9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.

  73. 1 Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo, 2 avèk sila a wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”

    3 Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn. 4 Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo. 5 Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.

  74. 10 “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.

  75. 1 Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li. 2 Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.”

  76. 4 Epi Levit la, mari a fanm nan ki te asasine a, te reponn e te di: “Mwen te vini avèk mennaj mwen pou pase nwit lan Guibea ki pou Benjamin. 5 Men mesye Guibea yo te leve kont mwen, yo te antoure kay la pandan nwit lan akoz mwen menm. Yo te gen entansyon touye mwen; men olye de sa, yo te vyole mennaj mwen jiskaske li te vin mouri. 6 Epi mwen te pran mennaj mwen an, mwen te koupe li an mòso e mwen te voye li nan tout peyi eritaj Israël la, paske yo te komèt yon zak ki lèd e malonèt an Israël. 7 Gade byen, tout fis Israël yo, bay lide avèk konsèy nou isit la.”

    8 Alò, tout pèp la te leve kòm yon sèl moun, e yo te di: “Pa gen menm youn nan nou k ap tounen nan tant li, ni nou p ap retounen lakay nou. 9 Men kisa n ap fè Guibea; nou va monte kont li pa tiraj osò. 10 Epi nou va pran dizòm sou san nan tout tribi Israël yo, san sou mil e mil sou dis-mil pou founi manje pou pèp la jiskaske yo vini Guibea nan Benjamin, pou yo kapab pini yo pou tout zak malonèt yo te fè an Israël yo.” 11 Konsa, tout fis Israël yo te rasanble kont vil la, tèt yo ansanm kòm yon sèl moun.

  77. 27 Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.

  78. 24 Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.

  79. 11 Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a. 12 Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo.

  80. BETH

    9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?

    Nan kenbe li selon pawòl Ou.

  81. 32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;

    nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.

  82. 14 Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon;

    sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.

  83. 13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.

  84. 6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”

  85. 19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.

  86. 41 Nou ap fè pwòp zèv papa nou.”

    Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Nou gen yon sèl papa, Bondye.”

  87. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.

    13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

    14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.

  88. 9 “‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.

  89. 1 Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem. 2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li. 3 Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”

    4 David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li. 5 Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”

  90. 7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a. 8 Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo.

  91. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.

  92. 8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  93. 22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.

  94. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

  95. 15 “Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li. 16 Epi pou nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo.

  96. 27 Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.

  97. 8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9 Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”

    10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.

    11 Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.

  98. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,

  99. 31 Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.

  100. 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an?