44 Bible Verses About Cursing

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Cursing
  1. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.

    Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! 6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.

    7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.

    9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye. 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.

    11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 12 Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.

    13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

  2. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

    29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.

    30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.

  3. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.

  4. 10 Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann; 11 Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”

  5. 14 Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.

  6. 10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.” 11 Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”. 12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”

    13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” 14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.

  7. 14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

    16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

    17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”

  8. 26 “Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; 27 Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; 28 epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.

    29 “Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la.

  9. 33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.

  10. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”

  11. 7 “Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”

  12. 17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  13. 24 Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la. 25 Konsa li te di:

    “ Canaan se modi.

    Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”

    26 Li te di osi:

    “Beni se SENYÈ a, Bondye a Cham nan.

    Canaan va sèvitè li.

    27 Ke Bondye agrandi Japhet.

    Kite li viv nan tant Sem yo.

    Kite Canaan vin sèvitè li.”

  14. 17 Anplis, li te renmen bay madichon.

    Konsa, madichon an te retounen sou li.

    Li pa t renmen beni.

    Konsa, sa te rete lwen l.

    18 Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,

    e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.

  15. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

  16. 34 Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”

  17. 13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.

    Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.

    Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.

    14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;

    15 pye yo kouri rapid pou fè san koule.

    16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;

    17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.

    18 Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”

  18. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.

  19. 14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

  20. 9 “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.

  21. 3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.

  22. 2 Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li,

    se konsa yon madichon san koz p ap poze.

  23. 21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.

  24. 26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.

  25. 28 Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.

  26. 23 Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a.

  27. 1 “Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo.

    2 “Tout benediksyon sila yo va vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an. 3 Nou va beni nan vil, e beni andeyò. 4 Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo. 5 Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an. 6 Beni lè nou antre, epi beni lè nou sòti.

  28. 13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

    e lèv ou pou pa bay manti.

    14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.

    Chache lapè e fè efò pou twouve li.

  29. 8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.

  30. 45 “Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.

  31. 12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.

  32. 11 Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12 Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”

    13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! 14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”

    15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. 16 Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou tèren Nod nan pati lès Eden an.

  33. 21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

  34. 12 Petèt papa m va manyen m. Konsa, mwen ta vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen ta rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.”

    13 Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.”

  35. 12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

  36. 23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!” 24 Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.

  37. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”

  38. 7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk

    twonpe moun avèk oprime moun.

    Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.

    8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;

    nan anbiskad yo, li touye inosan yo.

    Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.

  39. 12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,

    Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.

    Paske se malediksyon avèk manti yo bay.

  40. 24 Mete lwen de ou yon bouch manti

    e mete tout pawòl foub byen lwen ou.

  41. 21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;

    e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.

  42. 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  43. 74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”

    Imedyatman, kòk la te chante.

  44. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.