38 Bible Verses About Keeping Your Word
Bib Sen An (BSA)
-
33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
-
1 Alò, Moïse te pale a chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a. 2 Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.
3 “Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li, 4 epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe. 5 Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li.
6 “Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a, 7 epi mari li tande sa e li pa di anyen a li menm nan jou ke li tande sa a; alò, ve li a va kanpe, e angajman pa sila li te mare tèt li a, va kanpe. 8 Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li.
-
4 Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la! 5 Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l. 6 Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo? 7 Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito gen lakrent Bondye.
-
21 Lè nou fè yon ve a SENYÈ a, Bondye nou an, nou p ap pran reta pou peye li, paske sa ta yon peche nan ou, e SENYÈ, Bondye nou an, va, anverite, egzije l nan men nou. 22 Sepandan, si nou te evite fè ve a, sa pa t ap peche nan nou. 23 Nou va fè atansyon pou fè tout sa ki sòti nan lèv nou. Nenpòt jan ke nou te fè ve selon volonte SENYÈ a, Bondye nou an, tout sa nou oblije fè.
-
Yon sòm David
1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a;
3 ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
4 nan zye a sila yon vagabon meprize a,
men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo;
li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal,
e li pa chanje menm;
5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,
ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an.
Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.
-
11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
-
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
-
12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
-
28 Jacob te viv nan peyi Égypte pandan disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karann-sèt ane. 29 Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte, 30 men lè m kouche avèk zansèt mwen yo, nou va pote mwen deyò de Égypte, pou antere mwen nan plas antèman a yo menm nan.”
Epi Joseph te di: “M ap fè jan ou di m nan.”
31 Konsa, li te di: “Sèmante ban mwen.” Epi li te sèmante ba li. Epi Israël te bese pou adore nan tèt kabann nan.
-
4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.
Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.
Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.
SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,
ki twonpe moun.
-
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
-
25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:
“Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
-
19 Bondye se pa yon nonm ke li ye
pou L ta bay manti,
ni fis a yon nonm pou L ta repanti.
Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?
-
7 “Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”
-
14 Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke.
-
9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.
Nanpwen lasante ladann.
Se kilès ki ka konprann li?
10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;
Mwen pase panse a leprèv,
pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,
selon fwi a zèv li yo.”
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
22 Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè 23 Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”
24 Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”
-
20 Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete, 21 pou m ka retounen lakay papa m anpè, pou SENYÈ a va Bondye pa m, 22 alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”
-
13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.
-
11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”
-
7 Alò, li te rive ke nan fen karant ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron. 8 Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’”.
9 Wa a te di li: “Ale anpè.”
Konsa, li te leve ale Hébron. 10 Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”
11 Konsa, de-san mesye yo te ale avèk Absalom soti Jérusalem. Yo te envite; yo te ale nan inosans, san yo pa konnen anyen. 12 Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
-
28 Alò, tout lòt moun nan pèp la, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, sèvitè tanp yo ak tout sila ki te separe yo menm soti nan pèp peyi yo pou lalwa Bondye pa yo, madanm pa yo, fis yo ak fi yo, tout sila ki te gen konesans avèk bon konprann yo, 29 t ap reyini ansanm avèk moun fanmi yo, chèf pa yo e t ap pran sou yo menm, sou nivo madichon, yon sèman, pou mache nan lalwa Bondye, ki te bay pa Moïse la, Sèvitè Bondye a, e pou kenbe ak obeyi tout kòmandman a Bondye yo, SENYÈ nou an, avèk òdonans Li yo avèk règleman Li yo;
-
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
-
9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
epi sila ki bay manti a, va peri.
-
4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li,
pou l pa mete konfyans nan okenn frè;
akoz tout frè yo aji nan koken,
e tout vwazen yo ap voye kout lang.
5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.
Yo refize pale verite.
Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;
yo vin fatige nèt nan fè inikite.
6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.
Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
7 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv;
paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl;
li pale manti.
Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,
men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
9 Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a.
“Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
-
9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.
Sali a sòti nan SENYÈ a.”
-
1 Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen.
-
71 Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”
74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”
Imedyatman, kòk la te chante. 75 Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.
-
1 Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo. 2 Anpil va swiv vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va meprize. 3 Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.
-
34 Mwen p ap vyole akò mwen an,
ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.
-
2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.
-
11 ‘Nou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki pran non li an ven an san pinisyon.
-
1 Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou,
ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,
ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.
Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,
ale desann pou jennen vwazen ou an.
-
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
-
3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li:
-
17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
18 Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
-
18 Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
Shows Read in context, Share and Copy.