95 Bible Verses About Daughters

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Daughters
  1. 25 Fòs ak respè se abiman li

    e li souri a lavni.

    26 Li ouvri bouch li avèk sajès

    e enstriksyon ladousè sou lang li.

    27 Li gade byen tout afè lakay li

    e li pa manje pen laparès.

    28 Pitit li yo leve e beni li;

    mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

    29 “Anpil fi te fè byen bon;

    men ou pi bon anpil pase yo tout.”

    30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;

    men se fanm nan ki krent SENYÈ a

    k ap resevwa lwanj.

    31 Ba li sa ke men l te pwodwi,

    epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

  2. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  3. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  4. 3 Men Tselophchad, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, pa t gen fis, men sèlman fi. Sila yo se non a fi li yo: Machla, Noa, Hogla, Milca ak Thirtsa. 4 Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo. 5 Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an, 6 akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo.

  5. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  6. 27 Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li. 28 Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo. 29 Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’

  7. 1 Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, 2 ke fis Bondye yo te wè ke fi lèzòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.

    3 Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”

    4 Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.

    5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.

    7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”

    8 Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.

  8. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

    18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.

  9. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.

  10. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  11. 8 Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li. 9 Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.

    10 Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée. 11 Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”

    12 Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou pa monte Jérusalem.

    13 Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”

    14 Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”

  12. 9 Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen!

    Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.

    10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble,

    O fi ki san pridans yo;

    paske, afè fwi diven an va fini,

    ni rekòlt la p ap rive.

    11 Tranble, fanm alèz yo;

    twouble, nou menm ki san pridans!

    Retire rad nou, dezabiye nou

    e mete twal sak nan senti nou.

  13. 18 Mwen va yon Papa pou nou,

    e nou va fis ak fi pou Mwen,’

    di Senyè Tou Pwisan an.”

  14. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  15. 29 Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo; 30 Sila yo se fis a Galaad yo: a Jézer, fanmi a Jezerit yo; a Hélek, fanmi a Helekit yo, 31 epi a Asriel, fanmi a Asriyelit yo; epi Sichem, fanmi a Sichemit yo; 32 epi a Schemida, fanmi a Schemidayit yo; epi a Hépher, fanmi a Eferit yo. 33 Alò, Tselophchad, fis a Hépher a, pa t gen fis, men sèlman fi; epi non a fi a Tselophchad yo se te Machla, Noa, Hogla, Milca, ak Thirtsa.

    34 Sila yo se fanmi a Manassé yo; epi sila ki te konte nan yo, se te senkann-de-mil-sèt-san (52,700).

  16. 1 Alò fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa, 2 Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di: 3 “Papa nou te mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis. 4 Poukisa non a papa nou ta dwe retire soti nan fanmi li akoz ke li pa t gen fis? Bannou yon posesyon pami frè a papa nou yo.”

    5 Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a. 6 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 7 “Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm.

    8 “Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li. 9 Si li pa gen fi, alò, ou va bay eritaj li a a frè li yo. 10 Si li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a frè papa li yo. 11 Si papa li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li. Li va posede li. Konsa, sa va yon règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’”

  17. 13 Li te gen sèt fis ak twa fi. 14 Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc. 15 Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo.

  18. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

  19. 9 Apre, fis a Juda yo te desann pou goumen kont Kananeyen ki te rete nan peyi ti kolin yo ak nan Negev la ak nan ba plèn nan. 10 Konsa, Juda te ale kont Kananeyen ki te rete Hébron yo (alò, non Hébron avan an se te Kirjath-Arba.) Yo te frape Schéschaï avèk Ahiman ak Talmaï.

    11  Soti la, li te ale kont sila ki te rete Debir yo. (Alò, non Debir se te Kirjath-Sépher) 12 Epi Caleb te di: “Sila ki atake Kirjath-Sépher e ki kaptire li a; a li menm, mwen va bay fi mwen an, Acsa kòm madanm li.” 13 Othniel, fis a Kenaz la, pi jèn frè a Caleb la te kaptire li. Konsa, li te ba li fi li a kòm madanm.

    14 Epi li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?”

    15 Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.

  20. 22 Koute papa ou ki te fè ou a,

    e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

    23 Achte verite e pa vann li!

    Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

    24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

    e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

    25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;

    kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

  21. 12 Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon an! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”

  22. 20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

    21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

  23. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  24. 16 Alò, Caleb te di: “Sila ki kaptire li a, mwen va bay li Acsa, fi mwen an, kòm madanm.” 17 Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm.

    18 Li te vin rive ke lè fi a te vin kote li, li te konvenk li pou mande papa li pou yon chan. Konsa, fi a te desann bourik la, e Caleb te di l: “Kisa ou vle?”

    19 Epi li te di: “Beni mwen; Kòmsi, ou te ban mwen tè nan negev la, ban mwen sous dlo yo tou.” Konsa, li te ba li sous pi wo yo avèk sous anba yo.

  25. 28 Li va vin rive apre sa,

    ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.

    Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

    e granmoun nou yo va fè vizyon yo.

    29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo,

    mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.

  26. 14 Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! 15 SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. 16 Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. 18 Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwòch yo ye pou ou. 19 Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.

  27. 25 Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane. 26 E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò. 27 Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li. 28 Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”. 29 Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.

    30 Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”

    31 Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”

    32 Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.

    33 Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.

    34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.

    35 Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”. 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

    37 Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques. 38 Yo te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tenten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”. 39 Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.

    40 Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a. 41 Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”

    42 Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi. 43 Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.

  28. 53 Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè.”

  29. 24 SENYÈ a beni nou e kenbe nou;

    25 SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou;

    epi fè gras anvè nou;

    26 SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou,

    e bannou lapè.’

  30. 3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  31. 8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;

    pou dwa yo a tout sila ki san sekou.

    9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,

    e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”

    10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?

    Paske valè li depase bijou.

    11 Kè a mari li mete konfyans nan li

    e li p ap manke reyisi.

    12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal

    pandan tout jou lavi li.

  32. 44 “‘“Gade byen, tout moun ki site pwovèb va site pwovèb sila a konsènan ou menm. Yo va di: ‘Jan manman an ye a, se konsa fi a ye.’ 45 Ou se fi a manman ou, li te rayi mari li ak pitit li. Ou se, anplis, sè a sè ou yo, ki te rayi mari yo ak pitit yo. Manman ou te yon Etyèn e papa ou te yon Amoreyen. 46 Alò, pi gran sè ou a se Samarie, ki viv sou kote nò ou, ak tout fi li yo; epi pi jèn sè ou a, ki rete nan kote sid ou a, se Sodome, ak tout fi li yo.

  33. 9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!

    Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!

    Gade byen wa ou ap vini kote ou;

    Li jis e Li gen Sali;

    Li enb e Li monte sou yon bourik,

    menm yon jenn pòtre,

    pitit a yon bourik.

    10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,

    ansanm ak cheval Jérusalem nan.

    Banza lagè a va koupe retire;

    Li va pale lapè a nasyon yo.

    Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,

    e nan Rivyè Euphrate la jis pou l

    rive nan dènye pwent tè a.

  34. 22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.

    23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”

    Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve. 26 Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.

  35. 4 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:

    5 “Pale a fi Sion an,

    Men gade, Wa ou ap vin kote ou,

    dou, e monte sou yon bourik,

    yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.

    6 Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo.

  36. 7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  37. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  38. 27 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan plas kote li te kanpe devan SENYÈ a, 28 epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout tèren nan vale a. Li te wè, e gade byen, lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.

    29 Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete yo.

    30 Lot te kite Tsoar e monte. Li te rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te pè rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo. 31 Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: “Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin antre nan nou apre sistèm sou tè a. 32 Vini, annou fè papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou.” 33 Pou sa, yo te fè papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li. Li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.

    34 Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.” 35 Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.

    36 Konsa tou de fi a Lot yo te vin ansent pa papa yo. 37 Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a. 38 Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis Ammon yo jis rive jodi a.

  39. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  40. 17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

    anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

  41. 13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.

    14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”

    16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.

  42. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.

    22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.

  43. 12 Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a, 13 paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”

  44. 8 Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye. 9 Annou marye yo youn pou lòt. Bay fi ou yo a nou menm, e pran fi nou yo pou ou menm. 10 Konsa, ou va viv avèk nou, e peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.”

  45. 9 “‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.

  46. 3 “Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li, 4 epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe. 5 Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li.

  47. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.

  48. 14 Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! 15 Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans.

  49. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  50. 10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la. 11 Paske Fis a Lòm nan te vini pou sove sila ki te pèdi yo.

    12 “Kisa nou panse? Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a? 13 Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.

    14 “Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi.

  51. 17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:

    Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.

    Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

    Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,

    e granmoun nou yo va fè rèv.

  52. 1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, 2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.

  53. 5 Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit, 6  ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a. 7 Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.

    8 Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo. 9 Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo. 10  Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt. 11 Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.

  54. 34 Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li.

  55. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

    5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

    7 “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.

  56. 40 Lè Jésus te retounen, foul la te resevwa L byen, paske yo tout t ap tann Li.

    41 Konsa, te vini yon nonm ki te rele Jaïrus ki te yon ofisye sinagòg la. Li te tonbe nan pye a Jésus e te kòmanse sipliye Li pou te vini lakay li; 42 paske li te gen yon sèl fi, anviwon laj a douz lane, e li te mouri.

    Men pandan Li t ap ale, foul la t ap peze Li.

    43 Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun, 44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.

    45 Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?”

    E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: “Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”

    46 Men Jésus te di: “Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lèpouvwa a te kite M nan.”

    47 Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.

    48 Jésus te di li: “Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; ale anpè.”

    49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakayofisye sinagòg la, e te di: “Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò.”

    50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”

    51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.

    52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”

    53 Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.

    54 Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: “Pitit, leve!”

    55 Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman. Li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.

    56 Paran li yo te etone, men Li te enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.

  57. 10 Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.

    12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.

    14 Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”

    15 Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16 Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”

    17 Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.

  58. 15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.

    16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.

    17 “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”

  59. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  60. 3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.

    5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.

  61. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.

  62. 6 Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l. 7 Li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste. 8 Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”

  63. 21 Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab antre nan relasyon avè l.” 22 Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.

    23 Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li. 24 Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant. 25 Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a?

    “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”

    26 Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a. 27 Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”

    28 Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li. 29 Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li. 30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.

  64. 15 “‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.

  65. 10 Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv. 11 Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se yon fanm plen kalite. 12 Alò, se vre ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m.

  66. 17 Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”

    18 Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”

    19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.

    20 Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm. 21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”

  67. 1 Apre, Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan.

  68. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.

  69. 15 “Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”

  70. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  71. 1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.

    2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.

    3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

  72. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

    10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  73. 3 Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,

  74. 12 “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.

  75. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”

  76. 29 Alò, Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo.

    30 Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m, 31 konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.”

    32 Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li. 33 Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.

    34 Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi. 35 Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”

    36 Konsa li te di li: “Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. Fè avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te fè vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo.” 37 Li te di a papa li: “Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou vyèj, mwen menm avèk zanmi mwen yo.

    38 Epi li te reponn: “Ale.” Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj. 39 Nan fen de mwa yo, li te retounen vè papa li ki te aji ak li selon ve ke li te fè a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël, 40 pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.

  77. 8 Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li. 9 Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo. 10 Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem.

  78. 16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye,

    mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,

    mache ak ti pa kout pou atire zye gason,

    e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.

    17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,

    e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”

  79. 18 “Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.

  80. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l.

  81. 23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, san aksè a lafwa ki t ap vin revele pita. 24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. 25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba yon pwofesè lekòl ankò. 26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.

  82. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  83. 20 Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.

  84. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  85. 22 Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”

    23 Alò, nonm nan, mèt kay la, te parèt deyò kote yo, e te di yo: “Non, zanmi mwen yo, souple pa aji mal konsa! Akoz nonm sa a te antre lakay mwen, pa vin fè yon zak bèt parèy konsa! 24 Men fi vyèj mwen an ak sèvant li an; souple, kite mwen fè yo sòti pou nou kapab kouche avèk yo e fè sa ke nou pito. Men pa fè zak bèt sa a kont nonm sa a!”

    25 Men mesye yo te refize koute li. Epi nonm nan te sezi ti mennaj li a, li te mennen li deyò kote yo. Konsa, yo te vyole li e te abize li tout lannwit jis rive nan maten, e yo te lage li lè solèy prèt leve. 26 Lè jou te kòmanse vin parèt, fanm nan te vin tonbe devan pòtay kay a mesye a kote mèt la te ye a jiskaske solèy fin klere nèt. 27 Lè mèt li te leve nan maten e te louvri pòt la pou fè wout li, alò vwala, mennaj li an te kouche devan pòtay kay la, avèk men li sou papòt kay la.

    28 Li te di li: “Leve non, annou ale.” Men pa t gen repons. Alò, li te mete kadav li sou bourik la, epi nonm nan te leve ale lakay li.

    29 Lè li te antre lakay li, li te pran yon kouto, li te mete men li sou mennaj li a e te koupe li fè douz mòso, manm pa manm e te ranvoye li toupatou nan tout tèritwa Israël la. 30 Tout sa ki te wè l te di: “Anyen parèy a sa pa t janm fèt, ni pa t konn wè depi jou ke fis Israël yo te monte sòti nan peyi Égypte la jis jodi a. Reflechi sou sa, pran konsèy e pale klè.”

  86. 1 Alò, mesye Israël yo te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.”

  87. 24 O fi Israël yo, kriye pou Saül,

    ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj,

    ki te mete òneman an lò sou vètman nou.

  88. 6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,

    e glwa a fis yo se papa yo.

  89. 22 Konsa pale Senyè BONDYE a:

    “Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo

    e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo.

    Yo va mennen fis ou yo nan sen yo,

    e fi nou yo va pote sou zepòl yo.

  90. 13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

    14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.

  91. 41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen? 44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”

    46 Marie te di:

    “Nanm mwen egzalte Senyè a,

    47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

  92. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  93. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

  94. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  95. 7 Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage tankou yo konn fè ak esklav mal yo. 8 Si li vin degoutan nan zye mèt li ki te anvizaje li pou li menm, alò, li va kite li ransone. Li pa gen otorite pou vann li a yon pèp etranje, akoz sa li fè pa jis. 9 Si li ta dezinye l pou marye ak fis li, li va trete li selon koutim pwòp fi li yo. 10 Si li ta vin pran pou li menm yon lòt fanm, li pa ka redwi manje li, vètman li, ni dwa konjigal li.