42 Bible Verses About Religion

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Religion
  1. 26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.

    27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.

  2. 1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

    2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.

    3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

    4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.

    5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.

    6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

    7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.

    8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.

    11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”

    13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.

  3. 1 Anne te priye e te di:

    “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

    Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

    Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

    akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

    2 Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

    Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

    ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

    3 “Pa pale kè anfle ankò,

    pa kite awogans sòti nan bouch ou.

    Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,

    e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.

  4. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

    25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.

  5. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.

  6. 15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.

  7. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  8. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  9. 12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.

    13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.

    15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.

    21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

    24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”

    28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a.

  10. 16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.

    18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  11. 1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm. 5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.

    6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8 Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.

    9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

    14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.

    15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’” 16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.

  12. 11 Paske mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri. 13 Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou tradisyon zansèt mwen yo. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17 Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.

  13. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.

  14. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

    6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.

    Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a. 8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

    9 Sa se yon vre Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.

    11 Preskri e enstwi bagay sa yo.

    12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.

    13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

    14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.

    15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

    16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

  15. 12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

    14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann. 15 Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16 Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.

    17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad.

  16. 8 O bay remèsiman a SENYÈ a.

    Rele non Li.

    Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.

    9 Chante a Li menm.

    Chante lwanj a Li menm.

    Pale tout mèvèy Li yo.

  17. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

  18. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  19. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

  20. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  21. 6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

  22. 16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  23. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

  24. 14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

    18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”

    19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil? 21 Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22 Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè. 23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. 24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.

  25. 3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

  26. 6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,

    epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.

  27. 25 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou acheve tout bezwen pèsonèl yo. 26 Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.

    27 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti. 28 Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite.

  28. 28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”

    29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

    34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.

    Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.

  29. 15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

  30. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

    26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd.

  31. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

  32. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  33. 1 Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a.

  34. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  35. 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

    16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  36. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.

  37. 7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan nou.

    13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.

    16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  38. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”

  39. 3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. 4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.

  40. 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

    2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.

    Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.

  41. 12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.

  42. 1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 2 lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. 3 Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.

    4 Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, 5 te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, 6 e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.

    7 Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye. 8 Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile. 9 Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.

    10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.