44 Bible Verses About Circumcision
Bib Sen An (BSA)
-
5 Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.
6 “M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.
7 “Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo. 8 “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”
9 Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon. 10 Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.
11 “ “Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou. 12 Epi chak mal antre nou ki gen uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo. 13 Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan. 14 Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”
15 Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li. 16 Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”
-
25 Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon. 26 Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon? 27 Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a? 28 Paske sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vre sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. 29 Men yon vre Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.
-
8 Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris. 9 Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik. 10 Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo. 11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a.
-
9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: “Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” 10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! 11 Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. 12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a.
-
1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras. 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a. 6 Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
7 Nou t ap kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? 8 Enfliyans sa a pa t sòti nan Sila ki te fè apèl de nou an. 9 Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.
-
12 Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. 13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan. 15 Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.
-
1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
2 Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. 3 Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. 4 Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: 5 sikonsi nan uityèm jou a, ne nan nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; 6 kòm zele, yon pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la.
-
12 “Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak tè a, avèk tout sa ki ladann. 15 Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16 Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.
17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.
-
1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, 2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. 3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo. 4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen. 5 SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo. 6 Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv. 7 SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo. 8 Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a.
-
17 Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.
18 Èske yon moun ki te rele pa Bondye te deja sikonsi? Li pa dwe vin ensikonsi. Èske yon moun lè l rele pa Bondye tou ensikonsi? Li pa dwe vin sikonsi. 19 Sikonsizyon pa anyen, e ensikonsizyon pa anyen, men sa ki enpòtan an se kenbe kòmandman Bondye a. 20 Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la.
-
25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”
-
2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp. 3 Nan uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi.
-
21 Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.
22 Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a. 23 (Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”), 24 epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, “yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”
-
1 Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”
2 Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a. 3 Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.
4 Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konplè de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.
5 Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”
6 Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.
7 Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè. 8 Bondye ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an. 9 Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.
10 “Alò konsa, poukisa nou mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote? 11 Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”
12 Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.
13 Apre yo te fin pale Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen. 14 Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li. 15 Epi avèk sa a, pawòl a pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a:
16 ‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen.
Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a.
Mwen va rebati ranblè li yo,
e Mwen va restore li
17 pou tout rès limanite a kapab chache Bondye,
ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’
18 di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.
19 “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san. 21 Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li konn li nan sinagòg yo chak Saba.”
-
24 Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te chache touye li. 25 Konsa, Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.” 26 Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”
-
1 “Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. 2 Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
3 Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; pa simen pami pikan yo. 4 Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepis kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.
-
11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, 12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. 13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la. 14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. 17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” 18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a. 19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, 20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la. 21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a. 22 Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.
-
1 Answit, apre yon espas katòz ane mwen te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi. 2 Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven. 3 Men pa menm Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi. 4 Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj. 5 Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout.
-
9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
-
10 Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann. 11 Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan.
“Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble;
paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran,
menm sa ki nan laj ak granmoun.
-
14 Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.
15 Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
16 Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: “Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17 “Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18 Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
19 “Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”
20 Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”
21 Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.
22 “Sou kont sila a, Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 23 Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
24 “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
-
57 Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis. 58 Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li. 59 Li te vin rive ke nan uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li. 60 Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men l ap rele Jean.” 61 Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.” 62 Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li. 63 Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone. 64 Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye. 65 Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo. 66 Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.
-
1 Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre.
Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk. 2 Tout frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li. 3 Paul te vle Timothée ale avè l. Pou rezon sa a, li te fè li sikonsi, akoz Jwif ki te nan landwa sila yo. Paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk.
4 Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem. 5 Donk legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap grandi an nonb chak jou.
-
10 Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo, 11 ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.
12 Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”. 13 Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa, 14 pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.
-
44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.
Alò, Pierre te reponn: 47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.
Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.
-
23 Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a.
24 Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li. 25 Epi Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.
26 Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël. 27 Tout gason lakay li yo, ki te fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li.
-
1 Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a. 2 Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li. 3 Yo t ap di: “Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”
4 Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di: 5 “Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen. 6 Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo. 7 Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’
8 “Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’
9 “Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’ 10 Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.
11 “Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.
12 “Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.
13 “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la. 14 Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’
15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’
17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”
18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”
-
3 Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, Isaac. 4 Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a.
-
40 “Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an— 41 Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a. 42 Nan lè sa a, Mwen va sonje akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a.
-
1 Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.
2 Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo pou dezyèm fwa a.” 3 Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.
4 Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte. 5 Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.
6 Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
7 Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la. 8 Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.
-
8 Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
-
12 Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”
-
4 Epi li te mennen m pa chemen pòtay nò a pou rive devan kay la. Konsa, mwen te gade e vwala glwa SENYÈ a te ranpli lakay SENYÈ a, e mwen te tonbe sou figi m.
5 SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, make byen, gade ak zye ou, e tande ak zòrèy ou tout sa ke M di ou konsènan tout règleman lakay SENYÈ yo, e konsènan tout lwa li yo. Epi make byen antre kay la, ak tout sòti ki gen nan sanktyè a. 6 Ou va di a sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE a di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël. 7 Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo. 8 Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktyè mwen an.” 9 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
-
27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.
-
3 Papa l avèk manman l te di li: “Èske pa gen okenn fanm pami fi a fanmi ou yo, oswa pami tout pèp nou an, pou ou alepran yon madanm pami Filisten ensikonsi sa yo?”
Samson te di a papa l: “Ale pran li pou mwen; paske selon mwen menm, li byen bèl.”
-
51 “Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. 52 Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. 53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
-
11 Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an. 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. 14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?
15 Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, 16 sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. 17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”
-
43 SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li; 44 men esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li. 45 Yon etranje ki rete pami nou, oswa yon sèvitè ki anplwaye, pa pou manje l.
46 “Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, ni nou pa pou kase okenn nan zo li. 47 Tout asanble Israël la dwe obsève fèt sa a.
48 “Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li. 49 Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”
50 Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an. 51 Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.
-
1 Alò, Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a. 2 Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li. 3 Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l. 4 Alò, Sichem te pale avèk papa l Hamor. Li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.”
5 Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a, men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an. Alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre.
6 Hamor, papa a Sichem, te vin deyò a pou pale avèk li. 7 Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.
8 Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye. 9 Annou marye yo youn pou lòt. Bay fi ou yo a nou menm, e pran fi nou yo pou ou menm. 10 Konsa, ou va viv avèk nou, e peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.”
11 Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou. Konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m. 12 Mande m tan kòm pèyman avèk kado, e mwen va bannou nenpòt sa nou mande mwen, men ban mwen fi a pou marye.”
13 Konsa, fis Jacob yo te reponn Sichem avèk papa li Hamor avèk desepsyon, akoz ke li te vyole Dina, sè yo a. 14 Yo te di yo: “Nou pa kapab fè bagay sa a, pou bay sè nou an a yon moun ki pa sikonsi. Sa ta yon wont pou nou tout. 15 Sou yon sèl kondisyon nou ta kapab dakò: si nou va vini tankou nou. Sa vle di ke chak mal nan nou ta vin sikonsi. 16 Konsa, nou va bay sè nou yo a nou menm, nou va viv avèk nou e vin yon sèl pèp. 17 Men si nou pa koute nou pou vin sikonsi, alò, n ap pran sè nou an e ale.”
18 Alò, pawòl pa yo a te parèt rezonab a Hamor avèk Sichem, fis Hamor a. 19 Jennonm sa a pa t pèdi tan pou fè bagay la, paske li te tèlman kontan avèk fi Jacob la. Epi li te jwenn respè depase tout moun ki lakay papa li a. 20 Konsa, Hamor, avèk fis li a, Sichem te vini nan pòtay vil yo, li te pale avèk mesye nan vil yo, e li te di: 21 “Moun sa yo se zanmi nou yo ye; pou sa, annou kite yo viv nan peyi a pou fè komès ladann, paske, gade byen, peyi a ase gran pou yo. Annou pran fi yo an maryaj, e bay fi nou yo a yo menm.
22 “Se sèl sou kondisyon sa a ke moun sa yo va vin dakò pou vin viv avèk nou, pou vin yon sèl pèp; ke chak mal pami nou vin sikonsi tankou yo menm tou deja sikonsi a. 23 Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.”
24 Tout sa yo ki te sòti nan pòtay lavil la te koute Hamor, avèk fis li a, Sichem. Konsa, chak mal te sikonsi, tout moun ki te sòti nan pòtay vil la.
25 Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo. 26 Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem, avèk lam file a nepe yo. Yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale. 27 Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a. 28 Yo te pran bann mouton, twoupo ak bourik, sa ki te nan vil la, ak sa ki te nan chan an. 29 Epi yo te kaptire e piyaje tout byen yo, tout pitit yo, madanm yo, menm tout sa ki te lakay yo.
-
30 Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?”
-
1 Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.
Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;
paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo
p ap antre kote ou a ankò.
-
31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
-
18 “‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo.
“‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”
-
17 Apre nou te rive Jérusalem frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.
18 Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la. 19 Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.
20 Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a. 21 Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon koutim nou yo. 22 Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.
23 “Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki anba yon ve. 24 Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.
25 “Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”
26 Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.
Shows Read in context, Share and Copy.