41 Bible Verses About Discernment

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Discernment
  1. 9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.

  2. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.

  3. 1 Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.

    2 Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: 3 Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi koulye a ki deja nan lemonn lan.

    4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan. 5 Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.

    6 Nou a Bondye: sila ki konnen Bondye a va koute nou. Sila ki pa a Bondye a p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri a sa ki fo a.

  4. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”

    10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.

  5. 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.

    13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

  6. 5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.

  7. 66 Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans,

    Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.

  8. 19 Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize pawòl pwofetik yo. 21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.

  9. 1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

    e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

    2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;

    e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

    3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;

    e leve vwa ou vè bon konprann;

    4 si ou chache li kon ajan,

    e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;

    5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,

    e dekouvri konesans Bondye a.

  10. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  11. 11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.

    12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.

  12. 123 Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou,

    avèk pawòl ladwati Ou.

    124 Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a

    e enstwi mwen nan règleman Ou yo.

    125 Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann

    pou m konnen temwayaj Ou yo.

  13. 1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:

    2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,

    Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,

    3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,

    ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;

    4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.

    5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li

    e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

  14. 54 Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive. 55 Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive. 56 Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?

    57 “ “Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon? 58 Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon. 59 Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan.”

  15. 10 Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.

    11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa. 12 Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo.

  16. 28 Paske yo se yon nasyon ki manke bon konsèy.

    Yo san konprann.

    29 Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa,

    ke yo te konprann avni yo!

    30 Kijan yon moun ta kapab chase yon milye,

    pou de sèl grenn fè di mil sove ale,

    sof ke Wòch pa yo a te vann yo,

    sof ke SENYÈ a te livre yo bay.

  17. 21 Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan;

    men yon nonm ak bon konprann mache dwat.

  18. 11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;

    men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.

  19. 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

  20. 1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.

    4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li. 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.

  21. 21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe bon sajès ak bon konprann.

    22 Konsa yo va lavi pou nanm ou

    ak dekorasyon pou kou ou.

    23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

    e pye ou p ap chape.

    24 Lè ou kouche ou p ap pè;

    kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

  22. 6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;

    men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.

    7 Kite prezans a yon moun ensanse,

    sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.

    8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;

    men betiz a moun ensanse a se desepsyon.

  23. 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.

    13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.

    14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  24. 14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans;

    men bouch a moun sòt la, manje foli.

  25. 32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.

  26. 23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò 24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”

  27. 3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.

  28. 7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”

  29. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  30. 24 Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;

    men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.

  31. 15 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;

    anplis, zòrèy a saj la chache konesans.

  32. 28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a.

  33. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;

  34. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  35. 12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;

    men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.

  36. 10 Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan

    pase anpil kou sou yon moun ensanse.

  37. 1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;

    bon jijman an pa anyen devan l.

    2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;

    men sèlman nan devwale pwòp panse li.

  38. 23 Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.

  39. 21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.

    Li retire wa e Li etabli wa.

    Li bay sajès a moun saj yo,

    e konesans a moun ki gen bon konprann.

  40. 24 “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”

  41. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.