42 Bible Verses About Learning
Bib Sen An (BSA)
-
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2 Paske mwen bay ou bon konsèy;
pa abandone enstriksyon mwen.
3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5 Vin ranmase sajès!
Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;
renmen li e li va veye sou ou.
7 Men sa ki kòmansman sajès la:
Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
-
25 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa. 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li
e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
-
9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8 K ap veye chemen lajistis yo,
e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
9 Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo. 10 Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo, 11 lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l. 12 Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo. 13 Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”
-
4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
-
71 Li bon pou mwen ke m te aflije,
pou m te kab aprann règleman Ou yo.
72 Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen,
pase pyès lò ak ajan pa milye.
YODH
73 Men Ou te fè m e te fòme mwen.
Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
-
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
-
19 Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
-
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
-
27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;
e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;
lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
-
15 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;
anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
-
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
-
1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.
-
18 Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 19 Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. 20 Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, 21 jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.
-
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
-
42 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm.
-
1 Tout sila ki anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. 2 Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
-
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.
-
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,
-
24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan. 25 Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.
26 “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’ 27 Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’”
Konsa, pèp la te bese ba, e te adore.
-
9 “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. 10 Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’
-
1 Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon.
-
6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
-
4 Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
5 Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
7 pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men kenbe kòmandman Li yo.
8 Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo,
yon jenerasyon tèt di e rebèl,
yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,
ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
-
11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
-
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
21 Mare yo tout tan sou kè ou;
mare yo nan kou ou.
22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.
Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.
Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
23 Paske kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
-
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
-
11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
-
15 Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
-
1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris:
-
16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
Shows Read in context, Share and Copy.