55 Bible Verses About Grace

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Grace
  1. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.

  2. 1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.

  3. 14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.

    15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’” 16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.

  4. 11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

  5. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

  6. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

  7. 5 Nou konprann menm jan ke nan tan prezan pa nou anplis, nou twouve yon retay nan pèp la pa gras ak chwa Bondye. 6 Men si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò.

  8. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.

    15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

  9. 16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  10. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  11. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.

  12. 20 Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis lagras te abonde pi plis toujou. 21 Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an.

  13. 10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  14. 15 Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun. 16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.

  15. 9 Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.

    10 Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.

  16. 4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

    5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

    6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

  17. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  18. 6 Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a. 7 Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.

    8 Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou. 9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.

  19. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.

  20. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo.

  21. 7 Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.

  22. 10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.

  23. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras. 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a.

  24. 4 Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejte sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.

  25. 32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.

  26. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”

  27. 13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—

  28. 4 Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5 Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li.

  29. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.

  30. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.

  31. 1 Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.

  32. 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

    16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  33. 1 Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.

  34. 11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.

    SENYÈ a va bay gras avèk glwa.

    Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

  35. 32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.

  36. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

    20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

  37. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?

  38. 14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.

  39. 1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo.

  40. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.

  41. 17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”

    18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”

    19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

  42. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

    15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.

    16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.

    17 “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”

  43. 2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo.

    Lagras debòde sou lèv ou.

    Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.

  44. 7 “Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje? 8 Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’? 9 Li p ap remèsye esklav la paske li te fè bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vre?

    10 “Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”

  45. 10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.

  46. 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

  47. 11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.

  48. 1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.

    3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.

    5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

  49. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.

  50. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  51. 15 Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li. 16 Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”

    17 Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.

  52. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  53. 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  54. 14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la.

  55. 2 Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri.