36 Bible Verses About Acceptance
Bib Sen An (BSA)
-
5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
7 Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. 8 Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo;
-
3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.
-
11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
-
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
-
1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.
-
3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
-
35 Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.
36 “Men Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.
37 “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.
-
15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.
-
11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”
-
34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
-
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
-
38 “Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’; 39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
-
19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye.
-
19 pou nou ta aksepte li—li oblije ke se yon mal san defo ki sòti nan bèf, mouton, oswa kabrit. 20 Nenpòt bèt ki gen defo, nou pa pou ofri li, paske li p ap akseptab pou nou. 21 Lè yon moun ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a pou ranpli yon ve espesifik, oswa yon ofrann bòn volonte ki sòti nan bann mouton oswa nan twoupo, fòk li bon nèt pou l kapab aksepte. Li pa pou gen defo menm nan li.
-
14 Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
-
7 Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
-
7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou.
Belye a Nebajoth yo va sèvi ou;
yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an,
e Mwen va glorifye kay Mwen an
ki plen lonè ak mayifisans.
-
21 “Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. 22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv.
-
37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”
-
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
-
17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.
-
2 Paske Li di:
“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
-
11 Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an. 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. 14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?
15 Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, 16 sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. 17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”
-
32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li, 30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
-
4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an.
-
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
-
9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
-
9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
Shows Read in context, Share and Copy.