40 Bible Verses About Integrity

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Integrity
  1. 3 Entegrite a moun dwat la va gide yo;

    men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

    4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;

    men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.

    5 Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;

    men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.

    6 Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;

    men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.

    7 Lè yon nonm mechan mouri,

    sa li anvizaje a mouri avè l.

    8 Moun dwat la va delivre soti nan twoub;

    men mechan an va pran plas li.

    9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;

    men ak konesans, moun dwat yo va delivre.

    10 Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;

    e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.

    11 Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;

    men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.

  2. Yon sòm David

    1 Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.

    Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.

    2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.

    Sonde panse mwen avèk kè m.

    3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m.

    Mwen te mache nan verite Ou.

    4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.

    Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran pòz yo.

    5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e

    mwen pa chita avèk mechan yo.

    6 Mwen va lave men m nan inosans, e

    mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,

    7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,

    e deklare tout mèvèy Ou yo.

    8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,

    avèk kote ke glwa Ou rete a.

    9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,

    ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,

    10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo,

    ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.

    11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.

    Delivre mwen e fè m gras.

    12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat.

    Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.

  3. 9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;

    men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.

  4. 6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;

    men kibò pou jwenn yon nonm onèt?

    7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;

    A la beni fis ki vini apre li yo beni!

  5. 1 Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan. 2 Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufri okenn pèt. 3 Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou tout wayòm nan.

    4 Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li. 5 Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan lalwa Bondye li a.”

  6. 19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.

    Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.

    20 Gade nanm mwen e delivre mwen.

    Pa kite m vin wont, paske mwen

    pran refij nan Ou menm.

    21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,

    paske se Ou m ap tann.

  7. 4 E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo, 5 alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’

  8. 3 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”

  9. 11 Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen.

    Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.

    12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m,

    epi Ou mete mwen nan prezans Ou

    jis pou tout tan.

    13 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

    soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.

    Amen e amen.

  10. 6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a

    pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.

  11. 1 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite

    pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.

  12. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”

    10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”

    Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.

  13. 5 Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”

    6 Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li.

  14. 8 Se SENYÈ a ki jije pèp yo.

    Fè m jistis O SENYÈ,

    selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.

  15. Yon Sòm David

    1 Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis.

    A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.

    2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.

    Kilè Ou va vini kote mwen?

    Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.

  16. 8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  17. 22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.

  18. 1 Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou. 2 Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a. 3 Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”

    4 Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”

    5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen nan men m nan.”

    Epi yo te di: “Li se temwen.”

  19. 70 Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a.

    Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,

    71 sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris,

    Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a,

    avèk Israël, eritaj Li a.

    72 Konsa, Li te fè bèje yo selon entegrite kè l,

    e te gide yo avèk men abil li.

  20. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

  21. 13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon? 14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.

    16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.

  22. 1 Alò, Job te kontinye diskou li. Li te di:

    2 Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,

    Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,

    3 paske tan lavi toujou nan mwen.

    Souf Bondye la nan nen m.

    4 Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,

    ni lang mwen pa p pale manti.

    5 Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.

    Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.

    6 Mwen kenbe fèm a ladwati mwen.

    Mwen p ap lage l menm.

    Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.

  23. 22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

    men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

  24. 5 Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.

    6 Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.

    7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li,

  25. 4 Èske Li pa wè chemen mwen yo

    e kontwole tout pa mwen yo?

    5 “Si mwen te mache nan sa ki fo,

    e pye m te kouri dèyè twonpe moun,

    6 (kite Li peze mwen nan yon balans ki jis

    e kite Bondye konnen entegrite m).

    7 Si pa m yo te vire kite chemen an,

    oswa kè m te swiv zye m,

    oswa si gen yon tach ki kole sou men m,

    8 kite mwen simen pou yon lòt ta manje,

    e kite tout sa m plante vin rache.

  26. 31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.

  27. 2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.

  28. 8 Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen. 9 Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” 10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avè l, oswa pou li ta rete avè l.

    11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la. 12 Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.

  29. 6 Paske, SENYÈ a bay sajès.

    Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

    7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.

    Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,

    8 K ap veye chemen lajistis yo,

    e pwoteje chemen a fidèl Li yo.

  30. 3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis

    plis pase sakrifis.

  31. 25 Kite zye ou gade tou dwat devan

    e kite vizyon ou konsantre devan nèt.

    26 Veye wout pye ou konn pran

    e tout chemen ou yo va byen etabli.

    27 Pa vire ni adwat ni agoch;

    fè pye ou vire kite mal.

  32. 6 Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la;

    men mechanste fè pechè a vin souye nèt.

  33. 3 Zye a SENYÈ a tout kote;

    L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.

  34. 18 Sila ki mache san tò a va delivre;

    men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.

  35. 33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.

  36. 22 “Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23 Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.

    “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!

  37. 10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.

  38. 16 Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.

  39. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  40. 2 Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun.