46 Bible Verses About Honesty
Bib Sen An (BSA)
-
17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;
men yon fo temwen twonpe.
18 Genyen yon moun ki pale san pridans
tankou sila k ap goumen ak nepe yo;
men lang a saj la pote gerizon.
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;
men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;
men konseye lapè yo gen jwa.
21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;
men mechan yo plen ak twoub.
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
-
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;
bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
11 Yon balans ki jis apatyen a Bondye;
li veye sou tout pwa nan sak yo.
12 Se abominab pou wa yo komèt zak mechan,
paske yon twòn etabli sou ladwati.
13 Lèv ki dwat se plezi a wa yo;
e sila ki pale dwat, vin renmen.
-
19 Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou. 20 N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a. 21 Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.
-
9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
-
16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
-
22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
-
10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,
e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;
men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
-
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
-
17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.
-
35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.
-
13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. 14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. 15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. 16 Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
-
Yon sòm David
1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a;
3 ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
-
1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;
men yon pwa ki jis se plezi Li.
-
3 Entegrite a moun dwat la va gide yo;
men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.
-
2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.
-
7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
A la beni fis ki vini apre li yo beni!
-
6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
-
3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
-
18 Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file,
se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.
-
14 Lajistis vin detounen
e ladwati vin kanpe byen lwen.
Paske verite a fin glise tonbe nan lari
e ladwati p ap ka antre.
15 Wi, verite a manke;
epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,
fin fè pwòp tèt li yon viktim.
Alò, SENYÈ a te wè
e sa pa t fè plezi devan zye L,
ke pa t gen jistis.
-
16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
-
33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
-
5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.
8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
-
4 E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo, 5 alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’
-
15 Anplis, yo pa t egzije yon kontwòl kontab nan men mesye ke yo te mete lajan pou peye sila ki te fè travay yo, paske yo te fidèl.
-
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
-
16 Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.
-
26 Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
-
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo. 12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
-
9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;
men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
-
1 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
-
7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
-
24 Mete lwen de ou yon bouch manti
e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25 Kite zye ou gade tou dwat devan
e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26 Veye wout pye ou konn pran
e tout chemen ou yo va byen etabli.
27 Pa vire ni adwat ni agoch;
fè pye ou vire kite mal.
-
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
-
13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;
men moun dwat la va evite pwoblèm.
14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,
e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
-
17 Pen konn twouve nan bay manti dous;
men pita, bouch la plen gravye.
-
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
-
10 “Ou va gen balans ki peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis.
-
37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?”
“Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.
-
4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
-
7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.
-
3 Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun.
-
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
-
22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.
-
17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
Shows Read in context, Share and Copy.