105 Bible Verses About Poverty
Bib Sen An (BSA)
-
2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal, 3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?
5 Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? 6 Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. 7 Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.
9 Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè.
-
3 “Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
-
18 “Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”
-
21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24 Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
25 Men koulye a mwen prale Jérusalem pou sèvi fidèl yo. 26 Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. 27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl.
-
7 Moun ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
-
41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
-
7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
19 “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak len fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
20 “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
-
3 Onore vèv ki vrèman vèv yo; 4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
-
12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”
-
10 Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li, 11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan doliv ou yo.
-
20 Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
-
9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.
-
13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
-
19 Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
-
17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
-
6 Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se refij li.
-
10 Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm?
Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo?
Wi, ak aflije e malere yo k ap soti
nan men a sila menm k ap vòlè yo?”
-
14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
-
3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
4 Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
-
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè jistis pou malere a.
-
22 Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni kraze aflije nan pòtay la;
23 paske, SENYÈ a va plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
-
1 Malè a sila ki fè règleman lajistis ki pa dwat yo ak sila k ap anrejistre desizyon ki pa jis yo, 2 pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e pou yo ka piyaje òfelen yo. 3 Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?
-
21 Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.
22 Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen. 23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li; 24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.
25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè. 26 Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche, 27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.
-
6 Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.
-
9 Li te bay ak jenewozite a pòv yo.
Ladwati li dire jis pou tout tan.
Kòn li va egzalte nan lonè.
-
1 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
-
1 Yon bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
2 Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki fè yo tout.
-
6 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,
Mwen p ap retire pinisyon an;
akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan,
e malere yo pou achte de grenn sapat.
7 Sila yo k ap foule tèt a malere a,
jis pou l rive nan pousyè,
k ap refize bay jistis a oprime a.
Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan
pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
-
10 kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
-
7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. 10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’
-
18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;
men sila ki konsidere repwòch la va onore.
-
20 Malere a vin rayi menm pa vwazen li;
men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
21 Sila ki meprize vwazen li fè peche;
men sila ki fè gras a malere a, beni.
-
27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
-
10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.
-
1 Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. 2 Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. 3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! 4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
5 Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. 6 Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
-
5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
6 Ki te fè syèl la avèk tè a,
lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
-
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
-
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
-
8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
-
20 Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
-
11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
-
16 Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.
-
9 Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.
-
9 Ou te voye vèv yo ale men vid
e te kraze fòs a òfelen yo.
10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou,
e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11 oswa se fènwa pou ou pa kab wè
ak anpil dlo ki kouvri ou.
-
24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.
Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
-
23 Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
-
5 Sila ki moke malere a moke Kreyatè li;
sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.
-
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
-
22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
-
17 Sila ki renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
-
8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
-
8 Chache Li ki te kreye Pléiades ak Orion yo,
ki chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,
ki etenn lajounen pou fè lannwit,
ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;
SENYÈ a, se non L.
9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon
sou moun pwisan yo,
jiskaske destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
10 Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la
ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
11 Konsa, akoz nou foule malere a,
e egzije taks nan ble sou li,
akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye,
malgre nou pa menm rete nan yo,
konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo,
men nou p ap bwè diven yo.
12 Paske Mwen konnen transgresyon nou yo
vin anpil e peche nou yo vin gran;
nou menm ki boulvèse moun dwat yo,
ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo,
e ki detounen malere a nan pòtay la.
13 Alò nan yon tan konsa,
sila ki saj la oblije rete an silans,
paske tan an vin plen ak mechanste.
-
21 “Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’
-
8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
-
1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.
-
35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
-
9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
-
15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.
16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.
18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.
19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.
20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.
21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
-
17 Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a;
menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
18 Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan,
ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
-
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
-
10 Moun pa Ou yo te vin rete ladann.
Ou te founi tout bonte Ou pou
malere yo, O Bondye.
-
12 Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou;
aflije a tou, lè l san soutyen an.
13 Li va gen mizerikòd sou malere a avèk endijan an.
Konsa, lavi a pòv yo, li va sove.
14 Li va rachte lavi yo soti nan opresyon avèk vyolans,
e san yo va chè nan zye Li.
15 Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm.
Moun va priye pou li san rete.
Yo va beni li tout lajounen.
-
31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;
men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
-
6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
-
16 Li te plede koz a malere ak aflije yo,
epi sa te ale byen.
Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.
-
4 Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt,
pou mete fen a tout pòv yo,
5 k ap di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini
pou nou ka vann sereyal la?
Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a?
N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo.
Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,
6 pou achte sila ki san sekou a pou lajan,
ak malere a pou de grenn sapat.
Menm balizaj ble a n ap vann!’”
-
1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo. 3 Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. 4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo. 5 Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye.
-
28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
-
1 Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2 Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo, 3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li. 4 Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”
5 Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò. 6 Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!
SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.
2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a.
Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.
Nan maladi li, li va restore li a lasante.
-
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
-
7 “De bagay m te mande ou yo;
pa refize m yo avan m mouri:
8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
-
13 Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo
e ki kanpe pou jije pèp la.
14 SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.
“Se nou ki te devore chan rezen an;
piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
15 Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an,
e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
-
32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
-
14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
15 “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
16 “‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an.
Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.
-
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede òfelen an.
-
15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li.
Sa ki detwi malere a se mizè.
-
30 Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb,
Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi ak zam.
-
17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”
18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
-
22 Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande.
‘Avèg yo vin wè, bwate yo vin mache,
lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve,
e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.
-
9 Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li; 10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt. 11 Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.
-
1 Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: “Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”
2 Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke yon bokal lwil.”
3 Alò, li te di: “Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil. 4 Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote.”
5 Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen. 6 Lè tout veso yo te plen li te di a fis li yo: “Mennen ban mwen yon lòt veso.”
Epi li reponn li: “Nanpwen menm yon veso ankò.” Konsa, lwil la te sispann.
7 Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”
-
6 Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koz
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
7 A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè
e a grangou yo, ou te refize yo pen.
-
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo p ap janm wont.
6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
-
4 Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
-
5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
-
4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.
-
41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
-
10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
-
9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
-
9 Sila ki bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
-
3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
-
9 “Fè vit, monte vè papa m pou di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.” 10 Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’” 11 La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
-
9 “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
-
25 “Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan. 26 Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an, 27 alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp tèren pa l. 28 Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.
29 “Menm jan an, si yon mesye vann yon kay nan yon vil ki antoure avèk miray, alò, dwa pou peye ranson pa l la va dire pou tout 1 nan. 30 Men si li pa peye ranson li an nan 1 nan ki ekoule a, alò, kay ki nan vil antoure avèk miray la va pase nèt bay sila ki te achte li pou tout jenerasyon li yo. Li p ap remèt nan jibile a.
-
28 “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an. 29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.
-
10 “Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti. 11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou. 12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li. 13 Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. 14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. 15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
-
7 SENYÈ a fè pòv ak rich.
Li abese e anplis, Li leve.
8 Li leve malere sòti nan pousyè.
Li leve sila ki nan bezwen an
soti nan pil sann nan,
pou yo chita avèk prens yo,
e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.
Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye.
Li te plase lemond sou yo.
-
10 “Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki fè nenpòt nan bagay sa yo,
11 o malgre li pa t fè okenn nan bagay sa yo,
men li konn manje kote lotèl mòn yo
e souye ak madanm a vwazen li,
12 Oprime malere ak endijan,
te fè vòl desepsyon an,
pa remèt sa li pwomèt,
epi te leve zye li a zidòl,
te komèt abominasyon,
13 te prete lajan sou enterè
pou l pran benefis sou malere;
èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.
Shows Read in context, Share and Copy.