19 Bible Verses About Easter
Bib Sen An (BSA)
-
2 Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. 3 E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo. 5 Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. 7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
-
1 Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. 2 Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo. 6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri. 7 Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo. 8 Epi an dènye, tankou yon pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.
-
5 Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.
Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo? 6 Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? 7 Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
-
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou
-
25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
-
8 Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. 9 Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. 10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. 11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
-
33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” 7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
-
33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout.
-
16 Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: “Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”
17 Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”
18 Marie Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.
19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.” 20 E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.
-
17 Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e nou toujou nan peche nou yo.
18 Answit sila ki mouri nan Kris yo peri.
19 Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab ke tout moun.
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
-
3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò.
-
17 Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo. Pandan yo nan wout la, Li te di yo: 18 “Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. 19 Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”
-
10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.
-
62 Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate. 63 Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’ 64 Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”
65 Pilate te di yo: “Nou genyen gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”
66 Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.
-
1 Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo. 2 Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan, 3 men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a.
-
11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
Shows Read in context, Share and Copy.