59 Bible Verses About Peace
Bib Sen An (BSA)
-
1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.
2 Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a. 3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la. 14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. 17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” 18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a.
-
23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
-
16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.
-
17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm. 19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.
-
1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:
“Nou gen yon vil ki fò;
li monte miray ak ranfò pou sekirite.
2 Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;
sila ki rete fidèl la.
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
-
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
165 Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè.
Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
166 Mwen espere gen Sali Ou, O SENYÈ.
Mwen te fè kòmandman Ou yo.
167 Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo.
Mwen renmen yo anpil anpil.
168 Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo,
Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
-
16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
-
6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L.
-
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
-
11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.
-
9 Beni se sila yo ki fè lapè;
yo va rele yo fis Bondye.
-
19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.” 20 E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
-
16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!
-
19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
21 Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, 22 men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch—
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,
e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;
men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
-
8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,
paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
-
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
-
10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”
13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:
14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,
e sou latè a, lapè pami lèzòm
ki fè L kontan yo.”
-
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.
-
14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
-
24 SENYÈ a beni nou e kenbe nou;
25 SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou;
epi fè gras anvè nou;
26 SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou,
e bannou lapè.’
-
26 Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.
27 Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.
28 Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.
29 Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.
30 Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.
31 Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.
32 Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.
33 Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.
-
1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.
-
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
-
3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, 4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo. 5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.
6 “Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.
-
18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li;
Mwen va mennen li e restore konsolasyon
a li menm ak sila k ap lamante pou li.
19 Mwen kreye fwi a lèv yo:
“Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo,
ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:
“Epi Mwen va geri yo.”
20 Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse.
Li p ap ka kalme, e dlo yo
rale fè monte fatra ak labou.
21 “Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di:
“pou mechan yo”.
-
20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
13 A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
-
22 “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.
-
10 Paske mòn yo kapab deplase,
e kolin yo ka disparèt,
men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.
Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”
di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
-
50 “Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”
-
20 Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè.
Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.
-
34 Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe. 35 Mwen te vini pou mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36 Epi lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li.
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
-
20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;
men konseye lapè yo gen jwa.
-
17 Konsa pale SENYÈ a,
Redanmtè ou a,
Sila Ki Sen an Israël la:
“Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,
ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
18 Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo!
Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè,
e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
-
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
-
5 “Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen. 6 Lalwa verite a te nan bouch li, e inikite pa t janm sou lèv li. Li te mache avè M nan lapè ak ladwati, e li te detounen anpil moun soti nan inikite.
-
3 Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!” 4 Alò, yon lòt, yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
5 Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l. 6 Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
7 Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”. 8 Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
-
15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay yo bèl!”
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
-
6 Lou a va demere ak jèn mouton an,
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;
epi yon tigason va mennen yo.
7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
-
9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!
Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!
Gade byen wa ou ap vini kote ou;
Li jis e Li gen Sali;
Li enb e Li monte sou yon bourik,
menm yon jenn pòtre,
pitit a yon bourik.
10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,
ansanm ak cheval Jérusalem nan.
Banza lagè a va koupe retire;
Li va pale lapè a nasyon yo.
Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,
e nan Rivyè Euphrate la jis pou l
rive nan dènye pwent tè a.
-
12 Pandan n ap antre nan kay la, bay li salitasyon nou. 13 Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou. 14 Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete. 15 Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”
-
48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.
49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
-
3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri,
-
2 Ke mizerikòd, lapè, ak lanmou kapab ogmante anvè nou.
-
11 “‘Alò, sa se lalwa sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a. 12 Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil. 13 Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen san ledven. 14 De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo. 15 Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten.
-
2 Anpil nasyon va vin di:
“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,
lakay Bondye Jacob la,
pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo
e pou nou ka mache sou pa Li yo.”
Paske depi nan Sion, lalwa va sòti
e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.
3 Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran
desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.
Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha
pou laboure latè yo,
ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e
p ap aprann fè lagè ankò.
4 Men yo va fè chak moun chita anba chan
rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.
Pèsòn p ap fè yo pè:
paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
-
10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
-
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
Shows Read in context, Share and Copy.