44 Bible Verses About God's Wrath
Bib Sen An (BSA)
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.
-
35 Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.
-
1 Se kilès sa ki sòti Edom an,
avèk vètman Botsra byen kolore a?
Kilès sila a, ak abiman majeste Li,
k ap mache nan grandè ak fòs li a?
“Se Mwen menm ki pale nan ladwati,
ki pwisan pou delivre a.”
2 Poukisa abiman Ou wouj
e vètman Ou tankou sila
k ap mache nan kivèt diven an?
3 “Mwen te foule nan kivèt diven an sèl,
Pami pèp yo, pa t gen moun avè M.
Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen,
e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an.
Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen
e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.
4 Paske jou vanjans lan te nan kè M;
e ane racha a M yo rive.
5 Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede;
Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen.
Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen
e kòlè Mwen te fè M kanpe.
6 Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;
Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen.
Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”
-
4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
-
17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.
-
8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm.
-
2 Yon Dye jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li. 3 SENYÈ a lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li. 4 Li Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen. 5 Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann. 6 Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.
-
5 Jérusalem avèk tout Judée t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. 6 Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
7 Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? 8 Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. 9 Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo. 10 Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife. 12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
-
3 Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa vin yon pati ak yo.
-
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
-
6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
-
11 Bondye se yon jij ki jis
e ki rayi enjistis chak jou.
12 Si yon nonm pa repanti, L ap file nepe Li.
Li deja koube banza Li; Li prèt.
13 Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.
Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
-
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
-
9 Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, 10 epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.
-
2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo.
-
14 Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou tenèb ak dekourajman, yon jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
-
6 Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.
7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
8 Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”
9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
12 Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.
-
9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di. 10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
-
7 “Sonje, pa bliye jan nou te pwovoke SENYÈ a, Bondye nou an, a lakòlè nan dezè a. Depi jou ke nou te kite peyi Égypte la jiskaske lè nou te rive nan kote sa a, nou tap fè rebèl kont SENYÈ a. 8 Menm nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou.
-
30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
-
23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
-
5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
-
28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.
-
17 Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.
18 Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou a ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”
19 Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a. 20 Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.
-
25 Avan li, pa t gen wa tankou li ki te vire vè SENYÈ a avèk tout kè li, avèk tout nanm li e avèk tout fòs li, selon lalwa Moïse la. Ni pa t gen okenn moun tankou li ki te leve apre li. 26 Malgre sa, SENYÈ a pa t kite chalè gran kòlè Li ki te brile kont Juda, akoz tout pwovokasyon avèk sila Manassé te pwovoke Li yo. 27 SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’”
-
8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
-
6 Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an,
konsi se yon tonèl jaden.
Li te detwi kote ke Li menm te deziye
pou asanble yo.
SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo,
e Li te meprize ni wa a, ni prèt la
nan gwo kòlè Li a.
7 Senyè a te rejte lotèl Li a.
Li te abandone sanktyè Li a.
Li te livre nan men lènmi an, miray a palè li yo.
Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi
li ta nan yon jou fèt deziye.
-
13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
-
22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.
-
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
-
18 Te gen kout eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.
19 Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li an.
-
12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,
epi ou ta mouri nan chemen an.
Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.
A la beni se tout sila ki kache nan Li.
-
4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.
Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.
Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.
SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,
ki twonpe moun.
-
4 SENYÈ a nan sen tanp Li an.
SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.
Zye Li veye.
Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
5 SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;
men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli;
dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.
7 Paske Bondye dwat.
Li renmen ladwati.
Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.
-
6 Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. 7 Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e kè a tout moun va fann. 8 Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. 9 Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. 11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.
-
11 Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’
-
13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
14 Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a,
pou L kite dèyè Li yon benediksyon,
menm yon ofrann sereyal
ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
-
5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
-
10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
-
11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
Shows Read in context, Share and Copy.