34 Bible Verses About Storms

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Storms
  1. 36 Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.

    37 Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kraze sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt. 38 Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”

    39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.

    40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”

    41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”

  2. 23 Sila ki desann bò kote lanmè nan bato yo,

    ki fè komès sou gwo dlo yo,

    24 yo te konn wè zèv SENYÈ yo,

    avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.

    25 Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt,

    ki te fè leve gwo vag lanmè yo.

    26 Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo.

    Nanm yo te fann avèk mizè.

    27 Yo te gaye, bite tankou moun sou.

    Yo te fin about nèt.

    28 Yo te kriye a Bondye nan mizè yo,

    e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.

    29 Li te fè tanpèt la vin kalm,

    jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.

    30 Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme,

    e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.

    31 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

    pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

  3. 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  4. 1 Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: 2 “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”

    3 Men Jonas te leve al kacheTarsis pou evite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l evite prezans SENYÈ a.

    4 Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt. 5 Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a pwòp dye pa yo. Yo te vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi. 6 Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”

  5. 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. 5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.

  6. 21 Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: “Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou evite fè rive donmaj ak pèt sila yo. 22 Men koulye a mwen ankouraje nou pou pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a. 23 Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen an, e Sila ke m sèvi a, te kanpe devan mwen. 24 Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’ 25 Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an. 26 Men fòk nou echwe sou yon sèten lil.”

  7. 5 SENYÈ a va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit lan, paske sou tout glwa a, va genyen yon kouvèti. 6 Va gen abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.

  8. 24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”

    28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

  9. 2 Yon Dye jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li. 3 SENYÈ a lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li. 4 Li Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen. 5 Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann. 6 Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.

  10. 11 Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”

    Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a. 12 Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, yon ti bwi tankou yon souf lejè. 13 Lè Élie te tande l, li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”

  11. 22 Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale. 23 Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li. 24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move. 25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”

    28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”

    29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”

    31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?” 32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann.

  12. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

    19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

    men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

    20 Li konsève tout zo li yo.

    Pa menm youn nan yo va kase.

  13. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  14. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  15. 23 Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèklagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.

    24 Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon. 25 Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an. 26 Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la.

  16. 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

    2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

    3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

    ak ravaj gwo maladi yo.

    4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.

    Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

    Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

    5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,

  17. 2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li.

  18. 1 Mande pou lapli ki sòti

    nan SENYÈ a nan epòk prentan.

    Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo;

    epi se Li ki bay lapli lejè a tout

    pou jaden plant yo.

  19. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  20. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  21. 8 SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.”

    9 Konsa, Josué te parèt sou yo sibitman akoz yo te mache nan nwit lan soti Guilgal. 10 Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.

    11 Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.

  22. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  23. 8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki

    tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?

    Anplis, fidelite Ou antoure Ou.

    9 Ou domine ògèy lanmè a.

    Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo.

  24. 26 konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.

    Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,

    27 lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt

    e gwo dezas nou yo tankou toubiyon,

    lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.

  25. 47 Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li. 48 Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.

    49 Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò; 50 pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.” 51 Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi. 52 Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.

  26. 17 Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”

    18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.

  27. 6 Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay.

  28. 31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  29. 7 SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.

  30. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  31. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  32. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  33. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  34. 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.