82 Bible Verses About Fear and Worry

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Fear and Worry
  1. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  2. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  3. 8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,

    Jacob ke M te chwazi a,

    desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;

    9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo,

    e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:

    ‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou

    e Mwen pa t rejte ou.’

    10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

    11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

    va vin wont e dezonore.

    Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo va peri.

    12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

    men ou p ap jwenn yo.

    Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

    13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    ki soutni men dwat Ou,

    ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

    14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,

    nou menm mesye Israël yo.

    Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.

    “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.

  4. 4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

    epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

    5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.

    Figi yo p ap janm wont.

    6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,

    epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.

    7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,

    epi li sove yo nan gwo twoub.

    8 O goute e wè ke Bondye bon.

    A la beni nonm ki kache nan Li a beni!

    9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.

    Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.

  5. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.

    27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

    28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.

  6. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  7. Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.

    Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”

    1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;

    Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.

    2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.

    Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.

    3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

    4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!

    Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

    Mwen p ap pè.

    Kisa lòm ka fè m?

  8. 24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

    25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

    27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?

    “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!

    31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

    34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  9. 6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.

    7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  10. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

  11. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  12. 22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.

    24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.

    25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? 26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?

    27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. 28 Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!

    29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou. 30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. 31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.

    32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.

    33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.

  13. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

  14. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

    4 Akoz ou presye nan zye M,

    akoz ou gen gran valè

    e Mwen renmen ou,

    Mwen va bay lòt moun nan plas ou

    e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

    5 Pa pè, paske Mwen avèk ou;

    Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès

    e ranmase ou nan lwès.

  15. Yon sòm David

    1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.

    Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

    defans lavi mwen.

    Se kilès k ap fè m gen laperèz?

    2 Lè malfektè yo te rive sou mwen

    pou yo ta devore chè m,

    advèsè mwen yo ak lènmi m yo

    te chape tonbe.

    3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.

    Malgre lagè leve kont mwen,

    malgre sa, m ap gen konfyans.

  16. 17 Si SENYÈ a pa t sekou mwen,

    nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.

    18 Si mwen ta di: “Pye m glise,”

    Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.

    19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,

    konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.

    20 Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?

    Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?

  17. 5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.

    7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

    9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  18. 22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

    Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

    23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.

    Moun ki vèse san e ki bay manti

    p ap rive fè mwatye nan jou yo.

    Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.

  19. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  20. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  21. 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  22. 25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

    men yon bon pawòl fè l leve.

  23. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

    2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè

    ta chanje e malgre mòn yo

    ta chape antre nan fon lanmè.

    3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

    malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

  24. 12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

    13 Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon? 14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.

    16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.

  25. 26 Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele. 27 Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.

    29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

  26. Yon Sòm David

    1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.

    2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,

    e disparèt tankou zèb ki vèt.

    3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

    4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

    5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

    Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

    6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

    Ak jijman ou klere kon midi.

    7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

    Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

    Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

    8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

    Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

    9 Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,

    men sila k ap tann SENYÈ yo,

    va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

  27. 3 Ankouraje men ki pèdi fòs,

    e ranfòse jenou ki fèb la.

    4 Pale a sila ki gen kè twouble yo,

    “Pran kouraj!

    Pa pè!

    Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.

    Rekonpans Li an va rive.

    Li va vini, e Li va sove nou.”

  28. 5 Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;

    SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.

    6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.

    Kisa lòm kab fè m?

    7 SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;

    Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.

    8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

    pase pou mete konfyans nan lòm.

  29. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

  30. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

  31. 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.

  32. 5 Konsa pale SENYÈ a:

    “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,

    ki fè lachè vin fòs li,

    ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.

    6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè;

    li p ap janm wè lè bonè rive,

    men li va viv pami wòch savann nan dezè a,

    nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.

    7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

    ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

    8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  33. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  34. 23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”

    26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.

    27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”

  35. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

    18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo.

  36. 4 “Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. 5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!

    6 “Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. 7 Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

    8 “ Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo; 9 men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.

  37. 7 Li p ap krent move nouvèl.

    Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.

    8 Kè li kanpe dyanm.

    Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè

    li gade ak kè kontan advèsè li yo.

  38. 18 Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. 19 Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”

    20 Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini pou pase nou a leprèv, e pou lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”

  39. 10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.

    Mwen va leve wo pami nasyon yo.

    Mwen va leve wo sou tè a.”

    11 SENYÈ dèzame yo avèk nou.

    Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan

  40. Yon Sòm pou monte vè tanp lan

    1 Mwen leve zye m vè mòn yo.

    Se kibò sekou mwen va sòti?

    2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,

    ki te fè syèl la ak tè a.

  41. 30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  42. 22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi.

  43. 7 Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

  44. 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

    2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

    3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

    ak ravaj gwo maladi yo.

    4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.

    Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

    Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

    5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,

    6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,

    ni destriksyon ki devaste a midi.

  45. 16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!

  46. 13 “Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li. 14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo, 15 paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.

  47. 39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.

    40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”

    41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”

  48. 32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.

    33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  49. 17 Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a, 18 e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.

  50. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

    41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

  51. 32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi.

  52. 12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?

    Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.

    13 Nanm li va viv alèz.

    Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.

    14 Lamitye SENYÈ a se pou sila ki

    gen lakrent Li yo.

    Li va fè yo konnen akò Li.

  53. 10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.

    Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.

    Lwanj Li dire jis pou tout tan!

  54. 26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;

    e pitit li yo va jwenn sekou.

    27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,

    pou moun ka evite pèlen lanmò yo.

  55. 15 SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. 16 Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.

  56. 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

  57. 48 Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.

    49 Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò; 50 pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.” 51 Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.

  58. 22 Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm k ap goumen pou nou.’

  59. 1 Louwe SENYÈ a!

    A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni!

    Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.

  60. 10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès

    e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.

  61. 11 “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12 paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”

  62. 22 Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? 23 Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite.

  63. 12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.

  64. 26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.

  65. 15 Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?”

    16 Konsa, li te reponn: “Pa pè, paske sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a.” 17 Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.

  66. 26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”

  67. 3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,

    glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.

    4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;

    Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan

    5 Mwen te kouche e dòmi;

    mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.

    6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun

    ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.

  68. 13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

    se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

  69. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

  70. 14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.

  71. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.

  72. 1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

  73. 12 Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li.

    13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.

  74. 28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.

  75. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.

  76. 11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e

    rejwi avèk tranbleman.

  77. 4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.

  78. 23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi

    ak kè satisfè, san kontamine ak mal.

  79. 57 Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a.

    Ou te di: “Pa pè!”

    58 O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an.

    Ou te rachte lavi mwen.

  80. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

    “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an.

  81. 5 Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent;

    dènye pwent latè yo tranble.

    Yo rapwoche; yo rive.

  82. 25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. 26 Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle. 27 Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa. 28 Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.