49 Bible Verses About Trusting God

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Trusting God
  1. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  2. 1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

    2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.

    3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

  3. 18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,

    sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,

    19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò,

    e kenbe yo vivan nan gwo grangou.

    20 Nanm nou ap tann SENYÈ a.

    Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.

    21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz

    nou mete konfyans nou nan sen non Li.

    22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,

    selon esperans ke nou te mete nan Ou a.

  4. 4 Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.

    5 Yo gen bouch, men yo pa kab pale.

    Yo gen zye, men yo pa kab wè.

    6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.

    Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.

    7 Yo gen men, men yo pa kab manyen.

    Yo gen pye, men yo pa kab mache.

    Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.

    8 Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.

    Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.

    9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!

    Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.

    10 O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;

    Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.

    11 Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a,

    mete konfyans nou nan SENYÈ a.

    Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.

    12 SENYÈ a te toujou sonje nou.

    Li va beni nou.

    Li va beni lakay Israël la.

    Li va beni lakay Aaron an.

    13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,

    piti kon gran.

    14 Ke SENYÈ a kab fè nou grandi plis,

    nou menm ak pitit nou yo.

  5. 23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

  6. 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.

  7. 5 Ofri sakrifis ladwati yo.

    Mete konfyans nan SENYÈ a.

  8. Yon sòm David

    1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.

    2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.

    Pa kite mwen vin wont;

    pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.

  9. 6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.

    Kisa lòm kab fè m?

    7 SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;

    Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.

    8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

    pase pou mete konfyans nan lòm.

    9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

    pase pou mete konfyans nan prens yo.

  10. 5 Konsa pale SENYÈ a:

    “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,

    ki fè lachè vin fòs li,

    ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.

    6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè;

    li p ap janm wè lè bonè rive,

    men li va viv pami wòch savann nan dezè a,

    nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.

    7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

    ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

    8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  11. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.

  12. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  13. 17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.

  14. 30 Pou Bondye, chemen Li san fot.

    Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.

    Li se yon boukliye pou tout moun

    k ap pran sekou nan Li.

  15. 15 Zye m toujou vè SENYÈ a,

    paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.

    16 Vire vè mwen e fè m gras,

    paske mwen abandone e aflije.

    17 Twoub a kè m yo vin plis.

    Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.

    18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,

    e padone tout peche mwen yo.

    19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.

    Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.

    20 Gade nanm mwen e delivre mwen.

    Pa kite m vin wont, paske mwen

    pran refij nan Ou menm.

  16. 3 Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen,

    yon chan lwanj Bondye nou an.

    Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va

    mete konfyans nan Bondye.

    4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

    e ki pa t vire vè moun ògèy yo,

    ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.

  17. 48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè.

  18. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.

  19. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.

  20. 15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.

    16 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.

  21. 17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. 19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan, 20 kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.

  22. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

  23. 2 Li te di:

    “SENYÈ a se wòch mwen,

    fòterès mwen ak liberatè mwen;

    3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila

    mwen twouve pwotèj la;

    boukliye e kòn delivrans mwen,

    sitadèl mwen ak refij mwen.

    Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.

    4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj.

    Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.

    5 Paske volas lanmò te antoure mwen;

    gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.

  24. 9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;

    yon sitadèl nan tan twoub la.

    10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,

    paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone

    sila ki mete konfyans nan Ou yo.

  25. 5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;

    Kè m va rejwi nan delivrans ou

    6 Mwen va chante a SENYÈ a,

    paske Li te aji ak bon kè avè m.

  26. 5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.

    Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.

    Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.

    6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a

    va delivre moun onksyone pa Li a.

    Li va reponn li soti nan syèl sen Li an,

    avèk delivrans pwisan men dwat Li a.

    7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,

    Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

  27. 3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

  28. Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David

    1 Koute kri mwen, O Bondye.

    Prete atansyon a lapriyè mwen.

    2 Soti nan dènye pwent latè,

    mwen rele Ou lè kè m fèb;

    Mennen mwen sou wòch

    ki pi wo pase m nan.

    3 Paske Ou te yon refij pou mwen,

    yon fò ki wo,

    yon gran fòs kont lènmi yo.

    4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan.

    Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan

  29. 5 Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye.

    Paske espwa mwen se nan Li.

    6 Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.

    Mwen p ap ebranle menm.

    7  Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.

    Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.

    8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.

    Vide kè nou devan Li.

    Bondye se yon refij pou nou.

  30. VAV

    41 Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen,

    O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.

    42 Pou m kab genyen yon repons pou sila ki repwoche m nan,

    paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.

    43 Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt,

    Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.

    44 Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt,

    pou tout tan e pou tout tan.

    45 Epi mwen va mache nan libète,

    paske se òdonans Ou ke m chache.

  31. 3 Pa mete konfyans nan prens yo.

    Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.

    4 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.

    Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.

    5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,

    sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

    6 Ki te fè syèl la avèk tè a,

    lanmè ak tout sa ki ladann.

    Ki fidèl jis pou tout tan.

    7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.

    Ki bay manje a moun grangou yo.

    SENYÈ a mete prizonye yo an libète.

  32. 22 Yon kè kontan se bon remèd;

    men yon lespri brize seche tout zo.

  33. 4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

    paske nan BONDYE SENYÈ a,

    nou gen yon Wòch etènèl.

  34. 10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,

    ki obeyi vwa a sèvitè Li a,

    ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?

    Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a

    e depann de Bondye li a.

  35. 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

  36. 22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye.

  37. 43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”

  38. 31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.”

  39. 8 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.

  40. 16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.

  41. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja?

  42. 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

    16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  43. 9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou;

  44. 7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.

  45. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.

    9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.

    11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.

  46. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.

  47. 7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. 8 A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.

  48. 6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

  49. 10 “Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.