85 Bible Verses About Sympathy
Bib Sen An (BSA)
-
2 Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. 7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.
-
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
Pa menm youn nan yo va kase.
21 Se mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki kache nan Li yo
k ap kondane.
-
1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
3 “Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;
yo va konsole.
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
-
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
-
35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di: “Kibò nou mete Li?”
Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”
35 Jésus te kriye.
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
-
25 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.
-
11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
-
22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
-
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay ki fè plezi devan zye Li yo.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.
24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
-
14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
17 Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. 18 Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
-
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
12 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè
e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde.
Nou va vin pran tete,
nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.
13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,
se konsa Mwen va rekonfòte nou;
epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”
14 Nou va wè sa;
kè nou va kontan e zo nou
va fleri tankou zèb vèt tounèf.
Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo;
men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.
-
25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M. 29 E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
13 Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
-
9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;
yon sitadèl nan tan twoub la.
10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
-
3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!
Rejwi, O latè!
Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!
Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
-
11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.
16 Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!
-
40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.
-
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
25 Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?
-
50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,
paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
-
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
-
31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.
32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;
alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.
33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,
oswa pou atriste fis a lòm yo.
-
1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
3 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
-
4 Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.
Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou
e souke tèt mwen sou ou.
5 Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,
e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
-
14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.
Li va gide nou jiska lanmò.
-
1 Moun dwat la peri,
men pèsòn pa pran sa a kè.
Sila ak mizerikòd vin retire,
men pèsòn pa konsidere
ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.
2 Li antre nan lapè.
Chak antre nan pwòp kabann pa l;
tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.
-
5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regrèt yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.” 6 Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.
-
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
11 Jis kon nou konnen jan nou t ap egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou yon papa ta dwe fè pwòp pitit li, 12 pou nou ta kab mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm ak laglwa Li a.
-
22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.
Moun ki vèse san e ki bay manti
p ap rive fè mwatye nan jou yo.
Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.
-
7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li. 8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a. 9 Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.
-
2 Epi David te di: “Mwen va montre favè a Hanun, fis a Nachasch la, akoz papa li te montre m favè.” Pou sa, David te voye mesaje pou konsole li selon lanmò papa li. Sèvitè David yo te antre nan peye fis a Ammon yo pou konsole Hanun. 3 Men chèf a fis a Ammon yo te di a Hanun: “Èske ou kwè ke David ap bay papa ou onè akoz li voye moun rekonfòte yo? Èske sèvitè li yo pa vin kote ou pou chèche fè espyonaj pou boulvèse peyi a?”
-
14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin,
kon flèv ravin ki vin sèch;
16 ki vin sal tankou glas k ap fonn
kote lanèj kon kache.
17 Nan sezon sèch, yo pa la;
lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18 Chemen a kous pa yo tòde tout kote;
yo monte rive vin anyen;
yo vin disparèt.
-
2 Soti nan dènye pwent latè,
mwen rele Ou lè kè m fèb;
Mennen mwen sou wòch
ki pi wo pase m nan.
-
20 Repwòch fin kraze kè m.
Mwen vin ba nèt.
Mwen te chache pitye, men pa t genyen;
kondoleyans, men nanpwen.
-
15 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
-
20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
“Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li.
-
41 Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li. 42 Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.
-
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la. 14 Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an. 15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. 20 Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
-
6 Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”
-
33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
-
6 “Se pa jèn sila a ke M pito;
pou lache lyann mechanste yo,
pou demare kòd jouk la,
pou lese oprime yo pran libète
e kase tout jouk yo?
7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,
e mennen endijan yo antre nan kay?
Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l;
epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
-
33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
-
25 jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt. 26 Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
-
5 Men si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout. 6 Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a. 7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. 8 Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. 9 Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.
-
6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.
-
32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
3 Pa kite dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
20 Anverite, nanm mwen sonje yo.
Li vin koube anndan mwen.
21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;
pou sa, mwen gen espwa.
22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
26 Se bon pou yon nonm gen espwa,
e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
-
7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd;
yo va resevwa mizerikòd.
-
12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
-
21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.
28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
-
9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
-
2 Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.
-
67 Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
-
5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
-
36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”
-
19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.
-
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede òfelen an.
-
8 Ou te byen konte tout egare mwen fè.
Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou.
Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?
-
16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.
Paske Bondye se sitadèl mwen,
Bondye ki montre mwen lanmou dous la.
-
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
-
15 Gade anba depi nan syèl la
e wè soti nan abitasyon sen Ou
ki plen ak glwa Ou.
Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?
Santiman a kè ou ak konpasyon Ou
te vin anpeche de mwen.
-
1 O ke tèt mwen te dlo,
e ke zye m yo te yon fontèn dlo,
pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit
pou lanmò a fi a pèp mwen an!
-
30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”
31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.
32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.
-
15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
Shows Read in context, Share and Copy.