41 Bible Verses About Bad Friends

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Bad Friends
  1. 33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”

  2. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

    14 “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15 Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.

    16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.

  3. 17 Yon zanmi renmen tout tan;

    yon frè fèt pou move tan.

  4. 24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;

    oswa ale ak yon moun kolerik,

    25 sinon, ou va aprann mès li yo

    e jwenn yon pèlen pou tèt ou.

    26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo,

    pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.

    27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,

    poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?

  5. 19 Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan,

    men moun bèt pa vle kite mechanste.

    20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;

    men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.

    21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo;

    men moun dwat yo va pwospere.

  6. 5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.

    6 Fidèl se blese a yon zanmi;

    men twonpri se bo a yon ènmi.

  7. 24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;

    men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

  8. 26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;

    men chemen a mechan fè yo egare.

  9. 28 Yon nonm pèvès gaye konfli,

    e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.

    29 Yon nonm vyolan ap tante vwazen li

    pou l mennen li nan move chemen.

  10. 9 Lwil ak pafen fè kè kontan;

    se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.

    10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou.

    Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.

    Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.

  11. 17 Se fè ki file fè;

    se konsa yon nonm file zanmi l.

  12. 9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.

  13. 9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;

    men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.

  14. 4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

  15. 12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch.

    Konsa, mwen ta kab sipòte l.

    Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.

    Konsa, mwen ta kab kache de li.

    13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.

    14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,

    ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.

  16. 6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;

    men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.

    7 Kite prezans a yon moun ensanse,

    sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.

  17. 5 Lènmi m yo pale mal kont mwen:

    “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”

    6 Si li vin wè m, li bay manti.

    Kè li ranmase mechanste pou kont li.

    Lè l sòti deyò, li pale sa.

    7 Tout sila ki rayi mwen yo

    soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.

    Kont mwen, yo fè plan pou

    donmaje mwen epi yo di:

    8 “Yon bagay mechan gen tan pran l,

    pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”

    9 Menm zanmi ki te pre m nan,

    nan sila mwen te mete konfyans la,

    li ki te manje pen mwen an,

    te leve talon li kont mwen.

  18. 20 Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.

    Li te vyole akò li a.

    21 Pawòl li te pi dous pase bè,

    men ak kè, li te fè lagè.

    Pawòl li yo te pi dous pase lwil,

    men se nepe rale yo te ye.

  19. 16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.

  20. 5 Pa fè konfyans ak yon vwazen.

    Pa fè konfyans ak yon zanmi.

    Ak fi k ap kouche ak ou a,

    gade pòt bouch ou!

    6 Paske fis la derespekte papa a,

    e fi a leve kont manman li,

    bèlfi a kont bèlmè li;

    lènmi a yon nonm se anndan lakay li.

  21. 16 Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a? 17 Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo. 18 Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e pa sèlman lè m la avè nou.

    19 Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou— 20 Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen reflechi sou nou, paske mwen vin pa konprann nou.

  22. 10 paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie.

  23. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

  24. 6 “Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen), 7 nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan), 8 nou pa pou dakò avè l, ni koute li. “Ni zye noupa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li. 9 Men anverite, nou va touye li. Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la. 10 Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò, akoz li te chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 11 Konsa, tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò.

  25. 11 Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamit lan. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò. 12 Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la. 13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.

  26. 29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

  27. 14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,

    li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;

    menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.

    15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin,

    kon flèv ravin ki vin sèch;

    16 ki vin sal tankou glas k ap fonn

    kote lanèj kon kache.

    17 Nan sezon sèch, yo pa la;

    lè li cho, yo disparèt sou plas yo.

  28. 19 Tout asosye m yo etone ak krent devan m.

    Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.

  29. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

    10 Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.

    11 Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san,

    annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;

    12 Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo,

    menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.

    13 Nou va jwenn tout kalite byen presye,

    nou va ranpli lakay nou ak piyaj.

    14 Tire osò pa ou ansanm ak nou.

    Nou tout va gen yon sèl bous”—

  30. 1 O ke tèt mwen te dlo,

    e ke zye m yo te yon fontèn dlo,

    pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit

    pou lanmò a fi a pèp mwen an!

    2 O ke m ta gen nan dezè a,

    yon plas pou moun k ap vwayaje rete,

    pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.

    Pou m kite yo nèt!

    Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.

    3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.

    Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.

    Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,

    e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.

    4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li,

    pou l pa mete konfyans nan okenn frè;

    akoz tout frè yo aji nan koken,

    e tout vwazen yo ap voye kout lang.

    5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.

    Yo refize pale verite.

    Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;

    yo vin fatige nèt nan fè inikite.

  31. 14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”

    Yo te peze bay li trant pyès ajan. 16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.

  32. 11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.

    12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?

  33. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  34. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

    4 Mechan yo pa konsa.

    Yo tankou pay ke van an pouse ale.

  35. 11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo

    kanpe nan distans akoz touman m.

    Fanmi m yo kanpe byen lwen.

  36. 6 Kite foli ou pou ou ka viv;

    epi avanse nan chemen bon konprann nan.”

  37. 4 Richès fè zanmi ogmante anpil;

    men malere pèdi zanmi li yo.

  38. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  39. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  40. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.

  41. 6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.