114 Bible Verses About Fools
Bib Sen An (BSA)
-
7 Kite prezans a yon moun ensanse,
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;
men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
9 Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;
men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
10 Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li;
men ak lòt, sa p ap pataje.
-
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
Nanpwen ki fè sa ki bon.
2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki konprann, k ap chache Bondye.
3 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
5 La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
6 Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se refij li.
-
1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li
e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
-
11 Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12 Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz. 14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.
Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li. 15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
-
6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;
bouch li ap mande kou.
7 Bouch a moun san konprann nan se dega li;
e lèv li se pèlen pou nanm li.
-
10 Tankou moun ak banza k ap blese tout moun,
se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a,
ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
11 Tankou yon chen ki retounen nan vomi li,
se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?
Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
-
19 Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan,
men moun bèt pa vle kite mechanste.
20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
-
5 Reponn yon moun ensanse selon foli li merite,
pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
6 Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans,
ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
7 Tankou janm ki initil pou moun bwate a,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
-
15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li;
men yon nonm saj koute konsèy.
-
1 Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè. 2 Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil. 3 Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl. 4 Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la!
-
2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman nan devwale pwòp panse li.
3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;
e avèk dezonè, wont vin parèt.
-
23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;
e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;
men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;
men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
-
11 Moun san konprann toujou fache;
men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
-
26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
-
20 Sajès rele fò nan lari.
Li leve vwa li nan plas la.
21 Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò.
Nan antre pòtay lari yo,
li fè moun tande tout pawòl li yo:
22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo,
nou va renmen rete san konprann anyen?
Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e
moun san konprann yo rayi konesans?
-
1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
-
18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men sila ki frennen lèv li gen sajès.
-
9 Pa chofe kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse.
-
18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:
“Mwen va detwi sajès a saj yo,
e entèlijans moun save yo,
mwen va mete sou kote.”
20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
-
28 Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.
Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
29 akoz yo te rayi konesans
e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.
30 Yo te refize konsèy mwen.
Yo te rejte tout repwòch mwen yo.
31 Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo,
e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.
32 Paske chemen kwochi a moun
san konprann yo va touye yo.
Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.
33 Men sila ki koute mwen an
va viv ansekirite,
e li va rete alèz san pè malè.”
-
1 Mouch mouri bay
lwil pafen yon move odè;
Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa
pou depase sajès ak respè.
2 Kè a yon moun saj mennen li adwat,
men kè a moun san konprann nan
mennen l agoch.
3 Menm lè ensanse a mache nan lari
li manke bon tèt.
Li montre tout moun ke
se moun fou li ye.
-
Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath
Yon refleksyon pa David
1 Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.
Yo konwonpi!
Yo fè zak enjis ki abominab.
Nanpwen ki fè sa ki bon.
-
3 Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respè;
alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
-
8 Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;
men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
-
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
-
13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 Moun saj yo ranmase konesans;
men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
-
24 Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;
men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,
ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
-
16 “Malè a nou menm, gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’ 17 Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?
18 “Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’. 19 Moun avèg! Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?
20 “Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li. 21 Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki rete ladann nan. 22 Epi sila ki sèmante sou syèl la, sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan.
23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo. 24 Nou menm, gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!
25 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou acheve tout bezwen pèsonèl yo. 26 Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.
27 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti. 28 Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite.
-
35 Saj yo va resevwa gran respè kon eritaj,
men moun plen foli yo va dezonore.
-
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
-
5 Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;
men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
-
14 Zye a mesye saj la anndan tèt li; men moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de. 15 Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.” 16 Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!
-
17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo
e akoz inikite yo, yo te aflije.
-
2 Lang a saj la gen pou mèt, konesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
-
5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li.
-
8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun saj yo kalme kòlè.
9 Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
-
16 Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal;
men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
-
7 Lèv a moun saj yo gaye konesans;
men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
-
29 Gen desizyon jijman pou mokè yo;
ak kou pou do a moun ensanse yo.
-
9 Pa pale nan zòrèy a moun sòt,
paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
-
11 Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.
12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13 volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.
14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”
16 Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fot, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flate moun, pou yo kapab gen yon avantaj.
-
18 Sonje bagay sa a, O SENYÈ,
ke lènmi yo te meprize Ou,
e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.
19 Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo.
Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.
20 Konsidere akò Ou, paske
kote fènwa yo nan tout latè a,
plen ak abitasyon vyolans yo.
21 Pa kite oprime yo retounen nan gwo wont.
Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.
22 Leve, O Bondye! Plede koz Ou!
Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.
-
1 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
-
22 Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud,
tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
-
22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.
-
10 Sila ki bat zye a, koze pwoblèm,
e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
-
16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;
men sila ki saj la evite wont.
-
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
23 Yon moun pridan kache sa li konnen;
men kè moun san konprann pale jis nan foli.
-
20 Yon fis ki saj fè papa l kontan;
men yon gason ensanse meprize manman l.
21 Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan;
men yon nonm ak bon konprann mache dwat.
-
28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;
lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
-
1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,
se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.
-
6 Paske moun fou a pale foli,
e kè li apiye vè mechanste:
pou fè sa ki kont Bondye
e pale mal kont SENYÈ a,
pou kenbe moun grangou a san satisfè,
e pou anpeche moun swaf la bwè.
-
6 Kite foli ou pou ou ka viv;
epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
7 Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
-
13 Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14 Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote wo plas vil yo.
15 Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 “Dlo yo vòlè dous
e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.
-
6 Yon nonm ensanse pa gen konesans,
ni yon nonm bèt pa konprann sa:
7 Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la,
e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo,
se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
8 Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.
9 Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ,
paske gade byen, lènmi Ou yo va peri.
Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
-
5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
Moun fou yo, vin konprann sajès!
-
6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
-
12 Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li,
pase yon moun ensanse nan mitan foli li.
-
13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,
e yon madanm k ap diskite a
se tankou dlo kap degoute san rete.
14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
-
20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
-
17 Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse.
-
22 “Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”
-
8 Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli;
enstwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!
-
18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.” 21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm, 22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm. 23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.
-
10 Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè.
-
2 Paske rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
3 Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin,
e byen vit, mwen te denonse kay li.
-
5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.
Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
-
5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.
Yo aflije eritaj Ou a.
6 Yo touye vèv yo avèk etranje a.
Yo asasine òfelen yo.
7 Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye
Jacob la p ap okipe sa a.”
8 Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la;
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
-
16 Tout moun ki pridan aji ak konesans;
men yon moun san konprann parèt ak foli li.
-
3 Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la,
ak baton pou do a moun ensanse a.
-
17 Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle mouri avan lè ou?
-
39 Men Senyè a te di: “Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a. Men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste. 40 Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?
-
16 Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a
pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?
-
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan vale tout.
-
11 Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”? 12 Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te planifye pou fè kont Égypte. 13 Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare.
-
21 ‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande. 22 Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
23 “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
25 “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou.
-
7 Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon.
-
21 Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
-
3 Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;
men lèv a saj yo va pwoteje yo.
-
24 Kouwòn saj yo se richès yo;
men betiz moun ensanse se foli yo.
-
7 Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,
bokou mwens lèv k ap manti sou yon prens.
-
5 Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.
-
10 Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.
Yo kite byen yo pou lòt yo.
-
1 Fanm saj la bati kay li,
men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
-
9 Fòmante foli se peche,
e mokè a abominab a tout moun.
-
8 Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal
se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
-
3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;
men moun ensanse k ap anmède a
pi lou pase yo tou de.
-
8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo?
-
6 Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite.
-
11 Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li,
se konsa sila ki ranmase richès san dwa.
Nan mitan jou li yo, yo va kite li,
e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
-
32 “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a. 33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a. 34 Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.
35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 36 sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi.
-
17 Li fè konseye yo mache pye atè
e fè jij yo antre nan foli.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;
e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.
-
12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;
men fen li se chemen lanmò an.
-
15 Moun san konprann kwè nan tout bagay;
men yon nonm k ap reflechi veye pa li yo.
-
33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;
menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
-
14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans;
men bouch a moun sòt la, manje foli.
-
22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
-
21 Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès;
e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
-
13 Sila ki bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
-
10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;
bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.
-
7 Sajès twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
-
22 Anba yon esklav lè li vin wa,
ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje,
-
19 Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.
-
4 Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi.
-
5 Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens;
ni rele vakabon, moun bon kè.
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
-
39 Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?
-
46 “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di? 47 Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble: 48 Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.
49 “Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”
-
24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.
-
12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
Shows Read in context, Share and Copy.