69 Bible Verses About Submission to God

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Submission to God
  1. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

  2. 1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.

    4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

    5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

    6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  3. 11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan. 12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.

    13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.

    16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.

    18 Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo. 19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.

    20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

    22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

    24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

    25 Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.

  4. 1 Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. 5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou. 6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. 7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.

    8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  5. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

    12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

  6. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

    5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm 8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.

    9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.

  7. 18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

    19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

    20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

    21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

    22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.

  8. 13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.

    15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.

    21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

    24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”

  9. 27 Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. 28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.

    29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”

  10. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

  11. 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

    19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.

  12. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

    9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L.

  13. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  14. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  15. 22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa. 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.

    25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.

    26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.

    27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.

  16. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”

  17. 41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye. 42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”

  18. 23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini. 24 Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. 25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.

    27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.

    28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.

  19. 13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

  20. 22 Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”

    24 Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.

  21. 1 Konsa pale SENYÈ a:

    “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.

    Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?

    Epi ki kote pou M ta ka repoze?

    2 Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo;

    se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a.

    “Men, anvè sila Mwen va gade;

    sila ki enb ak kè ki repanti a,

    e ki tranble devan pawòl Mwen yo.

  22. 18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.

    19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”

  23. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  24. 6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

    e bese m ba devan Bondye anlè a?

    Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

    ak ti bèf ki gen yon lane?

    7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?

    Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

    Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay

    pou zak rebelyon mwen yo?

    Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

    8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  25. 35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li. 36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”

  26. 5 Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.

  27. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

  28. 23 Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’ 24 Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan. 25 Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo. 26 Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te fè plis mal pase papa yo.

  29. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  30. 25 Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo: 26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.

  31. 27 Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’

    29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”

    31 Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.

  32. 19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.

  33. 38 “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan. 39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”

  34. 15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

  35. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

    25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

  36. 2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.

    3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.

  37. 9 Ou va kase yo avèk yon baton fè,

    Ou va kraze yo tankou veso kanari.”

    10 Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès.

    Fè atansyon, O jij sou latè yo.

    11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e

    rejwi avèk tranbleman.

    12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,

    epi ou ta mouri nan chemen an.

    Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.

    A la beni se tout sila ki kache nan Li.

  38. 9 Pou tout sa, priye konsa:

    “‘Papa nou ki nan syèl la,

    ke non Ou kapab Sen.

    10 Ke Wayòm Ou kapab vini,

    ke volonte Ou kapab fèt sou latè

    menm jan ke li fèt nan syèl la.

  39. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

    15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li,

  40. 1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.

    3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.

    4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.

    6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.

  41. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  42. 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”

  43. 10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou,

    paske se Ou menm ki Bondye mwen.

    Lespri Ou bon.

    Kondwi mwen sou tèren ladwati a.

  44. 34 Li moke moun k ap moke,

    men Li bay gras a sila ki aflije yo.

  45. 33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;

    avan onè, fòk imilite.

  46. 27 Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’

  47. 17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”

    18 Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye! 19 Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.”

    Yo te pote bay Li yon denye.

    20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”

    21 Yo reponn Li: “Se pou César”.

    Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”

  48. 35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  49. 49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di. 50 E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”

  50. 10 Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”

    11 Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”

    12 Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”

  51. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  52. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

  53. 22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.

    25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li.

  54. 8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale.

  55. 7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  56. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

  57. 50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”

  58. 33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?” 34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.

    35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”

  59. 46 “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?

  60. 7 “Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje? 8 Men èske li p ap di li: ‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’? 9 Li p ap remèsye esklav la paske li te fè bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vre?

    10 “Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”

  61. 21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”

  62. 1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2 Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3 Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a.

  63. 26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye.

  64. 5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?

  65. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”

  66. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  67. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.

  68. 12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.

    Viv nan lapè avèk youn lòt.

  69. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.