46 Bible Verses About Going to Heaven

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Going to Heaven
  1. 1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

    2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

    3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

    5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”

    6 Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè. 7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.

    8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  2. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

    5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”

    6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  3. 20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

  4. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a. 6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.

  5. 1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. 5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.

    6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi.

  6. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  7. 13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.

  8. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  9. 1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.

    3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.

    5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.

  10. 39 Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”

    40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”

    43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”

    44 Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.

  11. 9 Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.

    10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; 11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.

  12. 21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj. 22 Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito. 23 Men mwen santi presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, 24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm.

  13. 10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.

    11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.

    14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.

  14. 2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la. 3 Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen (Bondye konnen), 4 jan li te rale anwo nan Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmisyon pou l pale.

  15. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

    3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

    4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

    5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.

  16. 12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

  17. 10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.

    11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.

    12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.

    14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.

    15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.

  18. 19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.

  19. 13 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14 Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.

  20. 13 “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.

  21. 22 Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.

  22. 13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”

    14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”

    Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an. 15 Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.

    “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16 “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; 17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”

  23. 22 Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li. 23 Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an. 24 Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.

    25 Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo p ap janm fèmen.

    26 Konsa, yo va pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.

    27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.

  24. 21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’

  25. 13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

    14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.

  26. 31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.

    34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

    37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

    40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

    41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

    44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

    45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

  27. 25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

    26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.

    27  Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.

    28 Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”

    29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas, 30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”

    31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.” 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.

    33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.

  28. 5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

    16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  29. 1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.

  30. 7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.

  31. 4 SENYÈ a nan sen tanp Li an.

    SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.

    Zye Li veye.

    Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.

    5 SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;

    men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.

    6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli;

    dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.

    7 Paske Bondye dwat.

    Li renmen ladwati.

    Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

  32. 2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.

  33. 5 Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf santenye Women an te vin sipliye Li: 6 “Senyè, sèvitè mwen an kouche paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”

    7 Jésus Li te di li: “M ap vin geri li.”

    8 Men santenye a te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri. 9 Paske mwen menm tou se yon moun anba otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”

    10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël. 11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12 men fis a wayòm yo ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.” 13 Jésus te di a santenye a: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.

  34. 19 “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak len fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.

    20 “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.

    22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.

    25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’

    27 “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’

    29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’

    30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’

    31 “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.

  35. 36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.

  36. 26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.

    28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?

    30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.” 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.

  37. 2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

  38. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”

  39. 24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.

  40. 32 Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la. 33 Men nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.

  41. 40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. 41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo. 43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.

  42. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

  43. 21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”

    22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.

  44. 39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”

  45. 50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.

    51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”

  46. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.