28 Bible Verses About Homosexuality
Bib Sen An (BSA)
-
18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
22 “‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.
-
13 “‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.
-
8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. 9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.
-
3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”
4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
-
3 Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo. 4 Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejte sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.
5 Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. 6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a. 7 Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl la.
8 Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo souye lachè a, rejte otorite a, epi meprize zanj majestik yo.
-
20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
-
17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo. 18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
1 Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan.
Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè. 2 Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”
3 Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.
4 Avan yo gen tan kouche, mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo. 5 Konsa, yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo.”
6 Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l. 7 Li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste. 8 Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”
-
23 Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. 24 Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.
-
6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
-
5 “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
-
20 Malè a sila ki rele mal la bon,
ak bon an mal la;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
21 Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo
e ki sipoze ke yo byen koken yo!
-
27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
-
11 Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”
-
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.
-
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
-
20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
-
1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
-
22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li. 31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
-
12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.
-
17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
13 Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri? 14 Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li, 15 men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li.
-
1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans.
Shows Read in context, Share and Copy.