66 Bible Verses About Women

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Women
  1. 10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?

    Paske valè li depase bijou.

    11 Kè a mari li mete konfyans nan li

    e li p ap manke reyisi.

    12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal

    pandan tout jou lavi li.

    13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.

    14 Li tankou bato komès;

    li mennen manje li soti byen lwen.

    15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou

    bay manje a tout lakay li,

    ak yon pòsyon pou sèvant li yo.

    16 Li konsidere yon chan e achte li.

    Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.

    17 Li mare senti l ak gwo fòs

    pou fè bra li vin fò.

    18 Li santi ke siksè li bon;

    lanp li pa janm etenn lannwit.

    19 Li lonje men l vè aparèy tise a

    e men l kenbe l.

    20 Li lonje men l vè pòv yo

    avèk sila ki gen bezwen an.

    21 Lakay li pa fè krent pou lanèj,

    paske tout lakay abiye an wouj.

    22 Li fè kouvèti pou tèt li;

    tout vètman li se twal fen blan ak mov.

    23 Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo,

    lè l chita pami ansyen a peyi yo.

    24 Li fè vètman an len pou vann yo,

    e founi sentiwon a tout komèsan yo.

    25 Fòs ak respè se abiman li

    e li souri a lavni.

    26 Li ouvri bouch li avèk sajès

    e enstriksyon ladousè sou lang li.

    27 Li gade byen tout afè lakay li

    e li pa manje pen laparès.

    28 Pitit li yo leve e beni li;

    mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

    29 “Anpil fi te fè byen bon;

    men ou pi bon anpil pase yo tout.”

    30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;

    men se fanm nan ki krent SENYÈ a

    k ap resevwa lwanj.

    31 Ba li sa ke men l te pwodwi,

    epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

  2. 8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. 9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.

    11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

  3. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

    7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.

  4. 21 avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.

    22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.

    25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,

  5. 3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la. 4 Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. 5 Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li. 6 Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li. 7 Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason. 8 Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason. 9 Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an. 10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.

    11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan. 12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye.

  6. 1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.

    2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.

    3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

  7. 18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.

    19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.

    21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

    23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

    24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.

  8. 36 Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la, 37 answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè. 38 Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.

  9. 34 Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.

    35 Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.

  10. 13 Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.

    14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.

  11. 1 Mwen rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a. 2 Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou.

    3 Salye Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris, 4 moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo.

  12. 23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, san aksè a lafwa ki t ap vin revele pita. 24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. 25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba yon pwofesè lekòl ankò. 26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.

  13. 2 Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a. 3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.

  14. 20 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo:

    “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.

    Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”

  15. 55 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L. 56 Pami yo, te gen Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.

  16. 9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.

    11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.

    14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch. 15 Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.

    16 Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.

  17. 38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.

    39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

    41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

  18. 3 Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.

    4 Men kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a? 5 Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.

    6 Men Jésus te di: “Lese li. Poukisa nou ap twouble li? Li fè M yon bon zèv. 7 Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan. 8 Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an. 9 Anverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”

  19. 36 Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. 37 Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. 38 Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!

    39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.

    40 Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.”

    Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.

    41 Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.

    42 Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.

  20. 16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

  21. 4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li;

    men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.

  22. 21 Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon. 22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”

    23 Men Li pa t reponn li yon mo.

    Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.

    24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”

    25 Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”

    26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”

    27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”

    28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.

  23. 37 E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat. 38 Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an.

  24. 18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

  25. 8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.

    11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.

    12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.

  26. 18 Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len. 19 Epi manman li ta fè pou li yon ti manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri sakrifis la. 20 Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo. 21 SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.

  27. 1 Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a. 2 Konsa, yo te prepare yon manje pou li la.

    Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li. 3 Nan lè sa a, Marie te pran yon liv pafen yo rele na ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.

    4 Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di: 5 “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?” 6 Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.

    7 Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou jou lantèman M. 8 Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”

  28. 1 Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan. 2 E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”

  29. 17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:

    Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.

    Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

    Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,

    e granmoun nou yo va fè rèv.

    18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,

    nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,

    e yo va pwofetize.

    19 Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la,

    ak sign anba sou latè;

    san avèk dife, avèk vapè lafimen.

    20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san,

    avan gran jou mèvèy Senyè a vini.

    21 E li va rive ke tout moun

    ki rele Non Senyè a va sove.’

  30. 15 Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li. 16 Fi a te trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte.

    17 Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”

    18 Li te di: “Bwè, mèt mwen.” Byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè. 19 Lè li te fin ba li bwè, li te di: “Mwen va rale dlo osi pou chamo ou yo, jiskaske yo fin bwè”. 20 Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo.

  31. 5 “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.

  32. 8 Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen. 9 Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan. 10 Souple, annou fè yon ti chanm sou twati kay la. Annou mete yon kabann pou li la, avèk yon tab ak chèz avèk yon chandelye. Konsa li va ye ke lè li vini kote nou, li kapab vire antre la.”

  33. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”

    22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.

  34. 47 Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.

  35. 15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”

    16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”

    18 Lè li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.

  36. 1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,

    apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;

    2 pou ou kab kenbe sajès

    e pou lèv ou ka konsève konesans.

    3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,

    e pale li pi dous pase lwil;

    4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,

    epi file kon yon nepe ki koupe de bò.

    5 Pye li yo desann vè lanmò

    e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.

    6 Li pa reflechi sou pa lavi a;

    vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.

  37. 1 Fanm saj la bati kay li,

    men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.

  38. 22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,

    e twouve favè SENYÈ a.

  39. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

    29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

    31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.

  40. 41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.

    43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”

  41. 41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen? 44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”

  42. 25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.

    26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”

    27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.

  43. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  44. 18 Lè pitit la te fin grandi, jou a te rive pou li te ale kote papa li avèk moun rekòlt yo. 19 Li te di a papa li: “Tèt mwen, tèt mwen.”

    Epi papa l te pale sèvitè li: “Pote li bay manman li.”

    20 Lè li te pran li pou te mennen li bay manman l, li te chita sou jenou li jis rive midi e li te mouri. 21 Li te monte anlè a, li te kouche li sou kabann nonm Bondye a, li te fèmen pòt la dèyè l e li te sòti. 22 Konsa, li te rele mari li, e li te di l: “Souple, voye ban m youn nan bourik yo pou m ka al jwenn nonm Bondye a epi tounen.”

  45. 15 Alò, Esther te di yo prepare reponn Mardochée, 16 “Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”

  46. 16 Yon fanm ak gras twouve onè;

    e mesye san prensip yo twouve richès.

  47. 18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, dekorasyon kwasan yo, 19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 20 dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, 21 bag dwèt yo, zanno nen yo. 22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, 23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.

    24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,

    ap gen move odè pouriti;

    olye se sentiwon, ap gen yon kòd;

    olye se cheve swa byen ranje,

    ap gen yon tèt chòv;

    olye se bèl vètman, ya mete twal sak;

    epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.

  48. 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?

    “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo.

  49. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.

  50. 10 Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.

    12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.

    14 Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”

    15 Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16 Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”

    17 Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.

  51. 1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.

  52. 2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.

  53. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

    12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

    16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

  54. 36 Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye. 37 Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen. 38 Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.

    39 Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a. 40 Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.

  55. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.

  56. 1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, 2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.

  57. 1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

    2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

    6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.

  58. 13 Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”

  59. 17 Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.

  60. 1 Alò, Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo, 2 ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an. 3 Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen. 4 Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a. 5 Paske Salomon te kouri dèyè Astarté deyès a Sidonyen yo e apre Milcom, zidòl abominab a Amonit yo. 6 Salomon te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a e li pa t swiv SENYÈ a nèt, jan David, papa li te fè a. 7 Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo. 8 Se konsa li te fè pou tout madanm etranje li yo. Li te brile lansan e fè sakrifis a dye pa yo.

  61. 13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,

    e yon madanm k ap diskite a

    se tankou dlo kap degoute san rete.

  62. 14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;

    men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.

  63. 9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a

    pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.

  64. 16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye,

    mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,

    mache ak ti pa kout pou atire zye gason,

    e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.

    17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,

    e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”

  65. 1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

  66. 18 “A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a: 19 Mwen konnen zèv nou yo, lanmou nou, lafwa, sèvis, ak pèseverans, e ke zèv nou dènye tan sa yo pi gran pase avan yo.

    20 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.

    22 “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo. 23 Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.