26 Bible Verses About Infidelity
Bib Sen An (BSA)
-
27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
-
4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”
7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”
8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
-
14 Ou pa pou fè adiltè.
-
6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. 7 Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. 8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou. 9 Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.
-
32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
33 L ap twouve blesi ak gwo wont,
e repwòch li p ap efase menm.
34 Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm;
li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,
ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.
-
6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
10 Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò. 11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”
-
4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
-
24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,
a lang glise de fanm adiltè a.
25 Pa dezire bote li nan kè ou,
ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 Paske akoz yon pwostitiye,
yon gason redwi a yon mòso pen.
Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.
27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo
pou rad li pa brile?
28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,
san ke pye l pa brile?
29 Se konsa li ye ak yon nonm ki
antre nan madanm vwazen li.
Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
-
2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
10 “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.
11 “‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.
12 “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.
-
13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.
-
3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
4 Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?”
-
18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
21 Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye!
Sila ki te konn plen ak jistis la!
Nan yon lè, ladwati te rete nan li,
men koulye a, se asasen yo ye.
22 Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim
e bwason ou vin mele ak dlo.
23 Chèf ou yo se rebèl yo ye
k ap fè zanmi parèy ak vòlè.
Se yo tout ki renmen resevwa
anba tab ak kouri dèyè benefis.
Yo pa defann òfelen an,
ni ka a vèv la pa rive devan yo.
-
1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
-
32 “‘“Ou menm, fanm adiltè, ki pran etranje olye de mari li!
-
18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
-
17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
-
20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
-
15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”.
-
20 “‘Alò, si yon nonm kouche nan zak seksyèl avèk yon fanm ki se yon esklav ki te pwomèt pou yon lòt gason, men ki pa t peye ranson li, ni pa t bay li libète l, li va pini. Malgre sa, yo p ap mete li a lanmò, paske li pa t lib. 21 Gason an va pote ofrann koupab li devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a; yon belye pou ofrann koupab la. 22 Prèt la va fè ekspiyasyon pou li avèk belye ofrann koupab la devan SENYÈ a pou peche ke li te fè a, e selon peche ke li te fè a, li va vin padone.
-
12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. 13 Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a. 14 “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”
Shows Read in context, Share and Copy.