65 Bible Verses About Adultery

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Adultery
  1. 27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.

    29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”

    31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.

  2. 14 Ou pa pou fè adiltè.

    15 Ou pa pou vòlè.

    16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.

    17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.

    18 Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. 19 Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”

  3. 23 Paske kòmandman an se yon lanp,

    e enstriksyon li se limyè.

    Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a

    24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,

    a lang glise de fanm adiltè a.

    25 Pa dezire bote li nan kè ou,

    ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.

    26 Paske akoz yon pwostitiye,

    yon gason redwi a yon mòso pen.

    Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.

    27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo

    pou rad li pa brile?

    28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,

    san ke pye l pa brile?

    29 Se konsa li ye ak yon nonm ki

    antre nan madanm vwazen li.

    Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.

    30 Pèsòn pa meprize yon vòlè

    k ap vòlè pou l kab satisfè grangou.

    31 Men si pa aza, li jwenn li, l ap oblije

    repeye li sèt fwa.

    Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.

    32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;

    nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.

    33 L ap twouve blesi ak gwo wont,

    e repwòch li p ap efase menm.

    34 Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm;

    li p ap fè gras nan jou vanjans lan.

    35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,

    ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.

  4. 9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.

  5. 4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

  6. 6 Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. 7 Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. 8 Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou. 9 Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa. 10 Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.

  7. 3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,

    e pale li pi dous pase lwil;

    4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,

    epi file kon yon nepe ki koupe de bò.

    5 Pye li yo desann vè lanmò

    e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.

    6 Li pa reflechi sou pa lavi a;

    vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.

    7 Alò, fis mwen yo, koute mwen,

    e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.

    8 Kenbe wout ou byen lwen li, e

    pa pwoche toupre pòt lakay li.

    9 Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo

    ak ane ou yo a mechan an.

    10 Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,

    e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,

    va rive lakay a yon etranje.

    11 Epi ou va plenyen nan gòj

    lè dènye moman lavi ou rive,

    lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.

    12 Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon!

    Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!

    13 Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,

    ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.

    14 Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”

    15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

    16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

    kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

    17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

    18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

    20 Paske poukisa fis mwen an,

    ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

    e anbrase lestonmak a yon etranje?

    21 Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a,

    e Li veye tout pa li yo.

    22 Pwòp inikite a mechan an va kaptire li.

    Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.

    23 Li va mouri akoz mank enstriksyon,

    e nan grandè foli li, li va vin egare.

  8. 10 “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè a avèk fanm adiltè a va vrèman vin mete a lanmò.

    11 “‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.

    12 “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.

  9. 8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

  10. 20 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.

    22 “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo. 23 Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.

    24 “Men Mwen di nou, rès moun ki nan Thyatire yo, ki pa kenbe a doktrin sila a, ki pa t konnen bagay pwofon a Satan yo, jan yo rele yo a, Mwen pa mete lòt fado sou nou. 25 Sepandan kenbe fèm a sa nou genyen an jiskaske M vini.

  11. 10 Yo va manje, men yo p ap gen ase.

    Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante,

    akoz yo sispann koute SENYÈ a.

    11 Lavi pwostitisyon, diven,

    ak diven nèf retire bon konprann.

    12 Pèp mwen an mande konsèy

    a zidòl ki fèt ak bwa yo.

    Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;

    yo te enfidèl a Bondye yo a.

    13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo,

    e yo brile lansan sou kolin yo.

    Anba pye bwadchèn yo,

    pye sikrèn ak pye mapou yo;

    akoz lonbraj yo dous.

    Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon

    e madanm nou yo fè adiltè.

    14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon,

    ni madanm nou yo lè yo fè adiltè.

    Paske, mesye yo, yo menm,

    ale sou kote ak pwostitiye yo,

    e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo.

    Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.

  12. 11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”

  13. 3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.

    4 Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?” 6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.

    7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.” 8 Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.

    9 Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. 10 Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?” 11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”

  14. 6 Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a. 7 Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.” 8 Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou. 9 Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a. 11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.

    13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

    14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.

  15. 14 Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li. 15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  16. 22 “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.

    23 “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, 24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.

    25 “Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri.

  17. 1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

  18. 4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

    5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

    6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.

  19. 9 “Si kè m te sedwi pa yon fanm,

    oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,

    10 kite madanm mwen graje pou yon lòt

    e kite lòt yo vin kouche sou li.

    11 Paske sa ta yon krim sansyèl;

    anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.

    12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Sejou Lanmò yo

    e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.

  20. 9 Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo. 10 Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’

    11 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen. 12 Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”

    13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”

    Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri. 14 Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”

  21. 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”

  22. 1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.

    2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”

    3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.

  23. 18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.

  24. 2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.

  25. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

  26. 3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

    7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon.

  27. 18 Nou pa pou fè adiltè.

  28. 37 Paske yo te komèt adiltè e yo gen san nan men yo. Konsa, yo te komèt adiltè ak zidòl yo e te menm fè fis yo, ke yo te fè pou Mwen yo, pase nan dife pou sèvi kon manje zidòl.

  29. 18 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

    19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”

  30. 7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a. 8 Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo.

  31. 2 Reprimande manman ou!

    Reprimande, paske li pa madanm mwen;

    ni mwen pa mari li.

    Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li,

    ak adiltè li yo soti antre tete li yo;

    3 sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt

    toutouni menm jan ak jou li te fèt la;

    pou fè l vin tankou yon peyi dezè

    e touye li ak swaf.

    4 Anplis, Mwen p ap fè mizerikòd sou pitit li yo,

    akoz yo se pitit a pwostitiye.

    5 Paske manman yo te fè pwostitisyon.

    Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di:

    ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo,

    ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen,

    lwil ak bwason mwen.’

    6 Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan,

    e Mwen va bati yon mi kont li

    pou l pa ka twouve ti wout li yo.

    7 Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo,

    men li p ap ka rive sou yo.

    Li va chache yo, men li p ap jwenn yo.

    Konsa li va di: ‘M ap prale retounen

    kote premye mari Mwen an,

    paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’

  32. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  33. 38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.

    39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.

  34. 18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?”

    Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj.

  35. 22 Sibitman, li swiv li tankou

    yon bèf k ap monte labatwa,

    tankou moun sòt

    k ab mache rive nan ne koulan an.

    23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;

    tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.

    Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.

    24 Alò, pou sa, fis yo, koute mwen

    e okipe pawòl a bouch mwen yo.

    25 Pa kite kè ou vire akote nan chemen li yo!

    Pa vin antre egare nan wout li yo!

    26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;

    e anpil se sila ki te mouri akoz li.

    27 Lakay li nan wout Sejou mò yo,

    k ap desann nan chanm lanmò yo.

  36. 13 “Anplis, pami pwofèt Samarie yo,

    Mwen te wè yon betiz.

    Yo te pwofetize pa Baal

    e yo te egare pèp Mwen an, Israël.

    14 Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay:

    Zak adiltè, e yo mache nan sa ki fo.

    Yo ranfòse men a malfektè yo,

    pou okenn moun pa vire kite mechanste li.

    Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome

    e abitan li yo kon Gomorrhe.

  37. 19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”

  38. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

  39. 10 Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. 11 Paske, Sila a ki te di: “Pa fè adiltè” a, Li te di tou: “Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa.

  40. 13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. 14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. 15 Nan abandone bon chemen an, yo vin egare pou swiv chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo.

  41. 20 “‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.

  42. 14 Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon;

    sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.

  43. 22 Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a, 23 akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”

  44. 32 “‘“Ou menm, fanm adiltè, ki pran etranje olye de mari li!

  45. 1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,

    paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:

    Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.

    2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,

    asasine moun, vòlè, fè adiltè.

    Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,

    e vèse san fè san vèse plis.

  46. 13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.

  47. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

    23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

    24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”

  48. 7 Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “Vin kouche avè m.”

    8 Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen. 9 Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” 10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avè l, oswa pou li ta rete avè l.

    11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la. 12 Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.

  49. 1 Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem. 2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li. 3 Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”

    4 David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li. 5 Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”

  50. 15 Zye adiltè a tann lannwit rive;

    li di: ‘Zye p ap janm wè m.’

    Li kouvri figi li.

    16 Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo.

    Yo fèmen yo menm pandan jounen an.

    Yo pa konnen limyè.

    17 Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès,

    tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.

    18 “Se kim yo ye k ap monte sou dlo.

    Pòsyon pa yo modi sou latè.

    Yo pa tankou chan rezen yo.

  51. 1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,

    akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.

    Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,

    pou pwoklame libète a kaptif yo

    e delivrans a prizonye yo;

    2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a

    e jou a vanjans Bondye nou an;

    pou konsole tout moun ak kè ki tris,

    3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;

    pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,

    ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,

    ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.

    Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,

    yon plantasyon SENYÈ a,

    pou Li kapab resevwa glwa.

  52. 9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen, 10 epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo?

  53. 27 Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo

    e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo,

    sou kolin ak nan chan yo.

    Malè a ou menm, O Jérusalem!

    Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?”

    Pou konbyen de tan sa va dire?

  54. 3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”

    4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

  55. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

  56. 17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo. 18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.

  57. 18 “Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen,

    kat ke m pa konprann:

    19 Vòl a yon èg nan syèl la,

    pa sèpan an sou wòch,

    chemen gwo bato a nan mitan lanmè,

    ak manèv a yon jennonm ak yon fi.

    20 “Men konsa chemen a fanm adiltè a:

    Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.

  58. 1 Lè M ta geri blesi Israël,

    inikite a Éphraïm nan vin dekouvri,

    ak mechanste a Samarie a tou;

    paske yo aji nan manti.

    Vòlè a antre,

    bandi yo atake pa deyò.

    2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen

    Sonje tout mechanste yo.

    Alò, zak yo ap antoure yo;

    yo devan figi Mwen.

    3 Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan,

    epi prens yo, ak manti yo.

    4 Yo tout se adiltè;

    yo tankou yon fou

    ke bos boulanje sispann chofe,

    depi nan lè l ap petri pen an,

    jis rive lè pen an fin leve.

  59. 5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.

  60. 22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo?

  61. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.”

  62. 16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

  63. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a,

  64. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  65. 8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”