42 Bible Verses About Prostitution
Bib Sen An (BSA)
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
23 Paske kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,
a lang glise de fanm adiltè a.
25 Pa dezire bote li nan kè ou,
ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 Paske akoz yon pwostitiye,
yon gason redwi a yon mòso pen.
Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.
27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo
pou rad li pa brile?
28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,
san ke pye l pa brile?
29 Se konsa li ye ak yon nonm ki
antre nan madanm vwazen li.
Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
4 Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?” 6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.” 8 Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
9 Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. 10 Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?” 11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”
-
17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo. 18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
-
28 “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan chan rezen an.’”
29 “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.
30 “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale. 31 Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?”
Yo te reponn: “Premye a”.
Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm. 32 Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
-
29 “‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd.
-
10 Yo va manje, men yo p ap gen ase.
Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante,
akoz yo sispann koute SENYÈ a.
11 Lavi pwostitisyon, diven,
ak diven nèf retire bon konprann.
12 Pèp mwen an mande konsèy
a zidòl ki fèt ak bwa yo.
Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;
yo te enfidèl a Bondye yo a.
13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo,
e yo brile lansan sou kolin yo.
Anba pye bwadchèn yo,
pye sikrèn ak pye mapou yo;
akoz lonbraj yo dous.
Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon
e madanm nou yo fè adiltè.
14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon,
ni madanm nou yo lè yo fè adiltè.
Paske, mesye yo, yo menm,
ale sou kote ak pwostitiye yo,
e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo.
Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.
-
25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.
-
1 Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo, 2 avèk sila a wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”
3 Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn. 4 Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo. 5 Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.
6 Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.
-
15 “Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li. 16 Epi pou nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo.
-
1 Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li. 2 Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.”
-
26 Ban m kè ou, fis mwen an;
kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.
27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,
e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
28 Anverite, li kache veye tankou vòlè,
pou l ogmante enfidelite pami lòm.
-
3 Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
-
9 “‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.
-
14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.
Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo.
15 Konsa, mwen te vin rankontre ou,
pou jwenn prezans ou;
e konsa, mwen te twouve ou.
16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;
avèk bèl dra Égypte yo.
17 Mwen te flite kabann nan ak pafen
flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.
-
13 Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14 Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote wo plas vil yo.
15 Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 “Dlo yo vòlè dous
e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.
-
21 Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye!
Sila ki te konn plen ak jistis la!
Nan yon lè, ladwati te rete nan li,
men koulye a, se asasen yo ye.
-
25 “Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse. 26 Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse fè ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.
27 “Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’
28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
29 “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zanmi mwen yo. 30 Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
31 “Papa a te di l: ‘Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou. 32 Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”
-
16 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.
-
16 Alò, SENYÈ a te fè leve jij ki te livre yo soti nan men a sila ki t ap piyaje yo. 17 Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo.
-
1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.
-
5 alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc.
-
27 Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.
-
25 Men yo te aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a.
-
7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a. 8 Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo. 9 “Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
1 Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.
2 “Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou. 3 Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.
-
2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”
3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.
-
27 “Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28 men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
-
12 Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès a lanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.
13 Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè Thimna pou taye lenn mouton li yo.” 14 Alò, li te retire vètman vèv li a, li te kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante li devan li kòm madanm.
15 Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li. 16 Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”
17 Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.”
Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”
18 Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm. 19 Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.
20 Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li. 21 Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”
22 Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”
23 Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”
24 Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.”
Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”
25 Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”
26 Juda te rekonèt yo, e te di: “Li pi jis pase mwen, paske mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.
-
22 Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: “Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.” 23 Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.
24 Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a.
25 Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.
-
33 Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.
-
39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo,
e te jwe pwostitiye nan zèv yo.
-
4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,
paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo pa konnen SENYÈ a.
-
10 Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay.
Gen pwostitisyon nan Éphraïm.
Israël souye pwòp tèt li.
-
1 Malè a sila k ap fè plan inikite yo,
k ap manevre mechanste sou kabann yo!
Lè maten rive, yo pratike li,
paske sa nan pouvwa a men yo.
2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,
kay yo, e konsa yo pran yo.
Yo oprime yon nonm ak kay li,
Yon nonm ak tout eritaj li.
3 Pou sa, pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a,
yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou;
ni nou p ap ka mache ak awogans,
paske sa se yon move tan.
-
15 “Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo. 16 Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.
-
15 “‘“Men ou te mete konfyans nan bèlte ou; ou te jwe pwostitiye akoz tout rekonesans ou. Ou te vide pwostitisyon ou an nan tout moun ale vini ki te disponib. 16 Ou te pran kèk nan rad ou yo, pou fè pou kont ou wo plas ak plizyè koulè, e te jwe pwostitiye ak yo. Sa a pa ta janm dwe rive, ni li pa p fèt. 17 Anplis, ou te pran bèl bijou ou yo, fèt ak lò ak ajan pa M, ke M te bay ou. Ak yo ou te fè pou kont ou imaj a gason pou ou te ka jwe pwostitiye ak yo. 18 Epi ou te pran twal bwodri ou a pou te kouvri yo, e te ofri lwil ak lansan Mwen an devan yo. 19 Anplis, pen Mwen an, ke M te bay ou a, farin fen, lwil ak siwo myèl, avèk sila Mwen te konn bay ou manje yo, ou te ofri yo devan yo kon yon odè santi bon. Se konsa sa te rive,” deklare Senyè BONDYE a.
20 “‘Anplis, ou te pran fis ak fi ke ou te fè pou Mwen yo, e ou te sèvi yo kon sakrifis a zidòl pou yo ta ka vin devore. Èske afè pwostitisyon ou an te yon ti bagay piti? 21 Ou te fè labatwa ak pitit Mwen yo, e te ofri yo bay zidòl, lè ou koze yo pase nan dife. 22 Anplis ke tout abominasyon ak pwostitisyon ou yo, ou pa t sonje jou jenès ou yo, lè ou te toutouni, san rad e t ap tòde nan pwòp san ou an.
-
30 “‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon pwostitiye ki san wont. 31 Lè ou te bati lotèl ou yo nan pwent a tout lari a, e te fè wo plas ou yo tout kote yo, san menm mande kòb, ou pa t sanble a yon pwostitiye.
32 “‘“Ou menm, fanm adiltè, ki pran etranje olye de mari li! 33 Mesye yo konn bay kado a tout pwostitiye, men ou te bay kado ou a tout moun ki renmen ou yo pou rale yo vin kote ou sòti nan tout direksyon pou zak pwostitisyon ou yo. 34 Konsa, ou apa de fanm sa yo nan fè pwostitisyon ou an. Nan sa, nanpwen moun ki jwe pwostitiye tankou ou. Ou menm konn vèse lajan olye resevwa lajan. Konsa, ou apa.”’
-
35 “Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a. 36 ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz bagay lèd ou yo te vin vide nèt, toutouni ou a te fin dekouvri nèt atravè pwostitisyon ou ak moun ki renmen ou yo, e ak tout zidòl abominab ou yo, e akoz san a fis ou ke ou te bay a zidòl yo, 37 akoz sa, gade byen, Mwen va rasanble tout moun ki renmen ou yo avèk sila ou te pran plezi yo, menm tout sila ke ou te renmen yo, ak tout sila ou te rayi yo. Konsa, Mwen va rasanble yo kont ou soti nan tout direksyon e Mwen va fè toutouni ou an vin parèt a yo menm pou yo ka wè toutouni ou an nèt. 38 Konsa, Mwen va jije ou kon fanm k ap komèt adiltè, oswa k ap vèse san moun ta jije. Epi Mwen va mennen sou ou san gwo kòlè a ak jalouzi. 39 Anplis, Mwen va bay ou nan men a moun ki renmen ou yo, e yo va demoli tout lotèl ou yo, demoli wo plas ou yo, retire tout rad sou ou, retire tout bijou ou yo e kite ou toutouni, san rad. 40 Yo va pouse yon gwo foul kont ou, yo va lapide ou e rache ou an mòso ak nepe yo. 41 Yo va brile lakay ou ak dife e egzekite jijman sou ou devan zye anpil fanm. Nan lè sa a, mwen va fè ou sispann jwe pwostitiye e ou p ap peye moun ou renmen yo ankò. 42 Konsa, Mwen va kalme gwo chalè kòlè Mwen an kont ou. Jalouzi Mwen va kite ou, Mwen va vin satisfè e Mwen p ap fache ankò.
43 “‘“Akoz ou pa t sonje jou jenès ou yo, men te fè m vin anraje akoz tout bagay sa yo; gade byen, Mwen, nan kou pa M nan, Mwen va desann tout kondwit ou a, sou pwòp tèt ou,” deklare Senyè BONDYE a, “pou ou pa komèt bagay lèd sa a pou mete sou tout lòt abominasyon ou yo.”
Shows Read in context, Share and Copy.