53 Bible Verses About Jealousy
Bib Sen An (BSA)
-
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
-
25 “Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse. 26 Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse fè ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.
27 “Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’
28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
29 “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zanmi mwen yo. 30 Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
31 “Papa a te di l: ‘Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou. 32 Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”
-
4 Fachez rèd fè move.
Kòlè se yon inondasyon.
Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
-
1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. 2 Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, 3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?
-
28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
-
30 Yon kè trankil se lavi pou kò a;
men pasyon fè tout zo yo pouri.
-
17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
-
4 “Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
-
21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
-
2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.
-
Yon Sòm David
1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
2 Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,
e disparèt tankou zèb ki vèt.
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
-
3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè. 4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
-
14 Paske nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou.
-
2 Yon Dye jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li.
-
14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen jalou depase pou Jérusalem ak Sion. 15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” 16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladan l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’
17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”
-
1 “Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?
A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?
2 Paske rankin va touye moun ki plen foli,
e jalouzi va touye moun senp lan.
-
6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,
tankou yon so sou bra ou.
Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.
Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;
lè l pete se tankou dife k ap pete.
Vrèman se flanm SENYÈ a.
7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,
ni rivyè p ap ka inonde l.
Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,
sa ta konplètman meprize.
-
3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4 Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.
Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, 5 men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? 7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
-
6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. 7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:
“Saül te touye dè milye pa li menm
e David dè di-milye pa li menm.”
8 Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?” 9 Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.
-
3 Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a. 4 Gade byen, glwa Bondye Israël la te la, tankou aparans ke m te wè nan plèn nan.
5 Li te di mwen: “Fis a lòm, leve zye ou koulye a vè nò.”
Konsa, mwen te leve zye m vè nò, e gade byen, nan nò a pòtay lotèl, se te zidòl jalouzi a ki te nan antre a.
-
4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li. 6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
-
24 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon dife voras, yon Bondye ki jalou.
-
58 Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo,
e te fè L jalou avèk imaj taye yo.
-
2 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
-
16 Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo.
Avèk bagay abominab,
yo te pwovoke Li a lakòlè.
-
21 ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo.
Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo.
Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo.
Mwen va pwovoke yo a lakòlè
avèk yon nasyon ki san konprann.
-
5 Jiskilè, O SENYÈ?
Èske Ou va rete fache nèt?
Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?
-
44 Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
45 Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
-
42 Konsa, Mwen va kalme gwo chalè kòlè Mwen an kont ou. Jalouzi Mwen va kite ou, Mwen va vin satisfè e Mwen p ap fache ankò.
-
1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
-
19 Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo. 20 Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”
-
18 Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
-
8 “Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
-
21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
-
11 Konsa, mwen mande: “Yo pa t glise tonbe nèt”? Se pa sa! Sa p ap janm rive konsa! Men pa transgresyon pa yo, sali a gen tan rive a pèp etranje yo pou fè yo jalou.
-
1 Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”
2 Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”
-
20 SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
-
14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo, 15 paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a.
-
18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,
e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.
-
15 Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo. 16 Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.
17 Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?” 18 Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.
-
10 Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”
-
3 Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou tout wayòm nan.
4 Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li. 5 Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan lalwa Bondye li a.”
-
4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
-
32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
33 L ap twouve blesi ak gwo wont,
e repwòch li p ap efase menm.
34 Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm;
li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,
ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.
-
17 Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.”
-
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
-
15 Asireman kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite.
Shows Read in context, Share and Copy.