54 Bible Verses About Praying for Others
Bib Sen An (BSA)
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18 Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
-
5 “Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.
6 “Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.
7 “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo. 8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. 9 Pou tout sa, priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
10 Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
11 Bay nou pou jou sa a pen
ke nou bezwen an,
12 Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
-
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
-
17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
-
14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
16 Si nenpòt moun wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila. 17 Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
-
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
-
3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a. 7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. 8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
-
2 Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
-
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
-
13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
-
6 Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
-
24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo.
-
27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
-
7 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi. 8 Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”
9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di. 10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
11 Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? 12 Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’”
“Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la. 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”
14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.
-
10 SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.
-
7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
-
34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
-
23 Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo, 24 men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan.
25 Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
-
25 Frè m yo priye pou nou.
-
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
18 Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay. 19 Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
2 Li te di yo: “Lè n ap priye, di:
‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
Ke wayòm Ou kapab vini.
Ke volonte ou kapab fèt sou latè a,
menm jan kon nan syèl la.
3 Bannou chak jou pen nou pou jounen an.
4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou
menm osi padone tout sila ki dwe nou.
Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
5 Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen. 6 Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’ 7 Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’ 8 Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou. 10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
-
7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou.
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
-
5 Alò, Samuel te di: “Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.” 6 Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.
7 Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. 8 Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: “Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.” 9 Samuel te pran yon ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li.
-
21 Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo. 22 Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.” 23 Konsa, nou te fè jèn nan, e te chache Bondye nou konsa, e Li te koute sa nou te mande a.
-
38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
-
15 Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an. 16 Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
18 “Kon Ou te voye M nan lemonn nan, Mwen osi voye yo nan lemonn. 19 E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.
20 “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo. 21 Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M. 22 Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 23 Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
-
34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
-
14 Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a. 15 Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a. 16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an. 17 Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo, 18 epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo. 19 Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
-
60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
-
3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
-
18 “Mwen te tonbe ba devan SENYÈ a, yon fwa ankò. Pandan karant jou ak karant nwit mwen pa t manje pen ni bwè dlo akoz tout peche ke nou te fè nan fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, pou pwovoke Li a lakòlè. 19 Paske Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou.
-
16 Pou mwen, mwen va rele Bondye.
SENYÈ a va sove mwen.
17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.
Li va tande vwa m.
-
14 “Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.
-
2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
-
25 “Konsa, mwen te vin tonbe devan SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit, ke m te tonbe a, akoz SENYÈ a te di Li t ap detwi nou. 26 Mwen te priye a SENYÈ a e mwen te di: ‘O SENYÈ a, pa detwi pèp Ou a, eritaj Ou menm nan, ke Ou te peye ranson selon grandè Ou, pou Ou te mennen sòti an Égypte avèk yon men pwisan.
27 “Sonje sèvitè Ou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. Pa gade rebelyon a pèp sila a, ni sou mechanste yo oswa peche yo. 28 Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: ‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’ 29 Men se pèp Ou yo ye, eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.”
-
5 Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an. 6 Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.
-
16 “Pou ou menm, pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou.
-
11 Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a.
-
21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”
-
14 Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
-
9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou; 11 nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
-
8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.
-
9 Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”
-
19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”
20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou. 21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè. 22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm. 23 Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.
-
54 Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la.
-
9 “Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
Shows Read in context, Share and Copy.