29 Bible Verses About Complaining

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Complaining
  1. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  2. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

    14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven. 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.

    18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.

  3. 1 Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an. 2  Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti. 3 Konsa, non a kote sa a te rele Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo.

    4  Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje?

  4. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  5. 9 Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a. 11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt.

  6. 26 “SENYÈ a te pale avèk Moïse, e te di: 27 Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen.

    28 “Di yo: ‘Jan Mwen vivan an, di SENYÈ a, mwen va fè pou ou tout bagay jan Mwen te tande ou di a. 29  Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo, 30 vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan.

  7. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

    8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  8. 7 Nan maten, nou va wè glwa SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo kont SENYÈ a. Epi kisa nou ye pou nou ta plenyen kont nou?”

    8 Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”

    9 Alò Moïse te di a Aaron: “Pale a tout asanble fis Israël yo, ‘Rapwoche nou devan SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo.’”

    10 Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.

  9. 9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.

  10. 39 Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen,

    yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?

    40 Annou egzamine e sonde wout nou yo

    pou nou retounen kote SENYÈ a.

  11. 14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”

    16 Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fot, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flate moun, pou yo kapab gen yon avantaj.

  12. 16 Pou mwen, mwen va rele Bondye.

    SENYÈ a va sove mwen.

    17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.

    Li va tande vwa m.

  13. 24 Alò, yo te meprize bèl peyi a.

    Yo pa t kwè nan pawòl Li,

    25 men te plenyen nan tant yo.

    Yo pa t koute vwa SENYÈ a.

    26 Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,

  14. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  15. 1 Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.

    2 Konsa, tout asanble fis Israël yo te plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a. 3 Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”

  16. 1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.

    2 Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. 3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4 Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”

    5 Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche.

  17. 2 Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.”

    Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”

    3 Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”

    4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”

  18. 10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan. 11  Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? 12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’ 13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ 14  Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. 15  Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”

  19. 1 Epi tout kongregasyon an te leve vwa yo pou te rele, e pèp la te kriye nan nwit lan. 2 Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a! 3 Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?”

  20. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”

    10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”

    Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.

  21. 4 Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la. 5 Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”

    6 SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri.

  22. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  23. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

  24. 11 Alò yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte? 12 Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: ‘Pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.”

  25. 20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore. 21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”

  26. 2 “Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.” 3 Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la? 4 Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men tè a rete pou tout tan.

  27. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  28. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!

  29. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.