86 Bible Verses About Boasting

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Boasting
  1. 26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

  2. 23 Konsa pale SENYÈ a:

    “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.

    Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,

    ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.

    24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

    ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

    ke Mwen se SENYÈ a,

    ki aji nan lanmou dous, jistis,

    ak ladwati sou latè a;

    paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

    25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”

  3. 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

    16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.

  4. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  5. 13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan. 15 Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.

    17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.

    18 Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.

  6. 1 Pa vin ògeye sou bagay demen,

    paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.

    2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj,

    e pa fè ak pwòp bouch ou.

    Kite l fèt pa yon moun ou pa konnen,

    e pa de pwòp lèv ou.

  7. 12 Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann. 13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. 14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. 16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. 17 Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.

  8. 6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. 7 Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.

    8 Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou.

  9. 2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.

    Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.

    3 Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;

    li beni moun voras la,

    e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.

    4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,

    Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”

    5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;

    Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.

    Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.

    6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;

    Pandan tout jenerasyon yo,

    mwen p ap gen pwoblèm ditou.”

  10. 12 Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li. 13 Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo. 14 Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.” 15 Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a. 16 Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile.

  11. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  12. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

    27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo.

  13. 18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

    19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.” 21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm, 22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm. 23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.

  14. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  15. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  16. 16 Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti. 17 Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen. 18 Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou. 19 Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan. 20 Paske nou tolere li si yon moun fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi. 21 Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an.

  17. 1 Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

    Evite moun konsa yo.

  18. 14 Tankou nwaj ak van san lapli,

    se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.

  19. 28 Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a. 29 Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone. 30 Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”

    31 Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou. 32 Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”

    33 Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.

  20. 17 Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la, 18 pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen an. 19 Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”. 20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent. 21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis.

  21. 2 Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.

    Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

  22. 18 Ògèy ale devan destriksyon

    e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.

  23. 1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

    2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.

    5 “Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.

    6 “Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.

  24. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  25. 1 Anne te priye e te di:

    “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

    Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

    Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

    akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

    2 Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

    Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

    ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

    3 “Pa pale kè anfle ankò,

    pa kite awogans sòti nan bouch ou.

    Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,

    e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.

  26. 13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,

    ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.

  27. 17 Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, 18 konnen volonte Li, e vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, 19 si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, 20 yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm vrè baz konesans ak verite a; 21 konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? 22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? 23 Nou menm ki vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? 24 Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”.

  28. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.

    6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

    7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  29. 6 Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen,

    ni se pa nepe m k ap sove mwen.

    7 Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo,

    Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.

    8 Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen.

    Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.

  30. 3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.

  31. 3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,

    pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?

    4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.

    Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.

  32. 2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;

    men avèk moun enb lan, se sajès.

  33. 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a, 16 pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.

  34. 12 Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm. 13 Paske nou pa ekri okenn lòt bagay bannou, sof ke sa nou kapab li ak konprann, e m espere ke nou va konprann jiska lafen. 14 Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an.

  35. 5 Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a;

    anverite, li p ap chape anba pinisyon.

  36. 12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?

    Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.

  37. 1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman? 2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye. 3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4 Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5 Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li.

  38. 5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,

    li menm, mwen va detwi.

    Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.

  39. 23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;

    men yon lespri enb va jwenn respè.

  40. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  41. 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

  42. 30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen.

  43. 34 Li moke moun k ap moke,

    men Li bay gras a sila ki aflije yo.

  44. 4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;

    lanp a mechan yo se peche.

  45. 11 Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”

    12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! 13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! 14 Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” 15 Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a.

  46. 5 “Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long. 6 Yo renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo, 7 ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).

  47. 9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.

    10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.”

  48. 25 Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem.

  49. 2 Yo pale sa ki fo a youn lòt.

    Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.

    3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,

    ak lang ki pale gwo bagay yo;

    4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.

    Lèv nou se pou nou.

    Se kilès ki kab mèt sou nou?”

  50. 10 Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou

    e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.

    Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;

    paske nan kè ou, ou te di:

    ‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.

    11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen

    maji pou detounen.

    Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.

    Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk

    va rive sou ou sibitman.

  51. 49 “‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo. 50 Konsa, yo te plen ògèy e te komèt abominasyon devan M. Pou sa, Mwen te retire yo lè M te wè sa.

  52. 1 Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di: 2 “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,

    “Akoz kè ou vin leve,

    e ou te di: ‘Mwen se yon dye,

    Mwen chita sou chèz Bondye,

    nan kè lanmè yo’;

    malgre, ou se yon nonm

    e ou pa yon dye;

    sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—

    3 gade byen, ou pi saj ke Daniel.

    Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.

    4 Ak sajès ou ak bon konprann ou,

    ou te vin genyen richès pou tèt ou,

    e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.

    5 Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou

    e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”

    6 “‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a:

    “Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,

    7 akoz sa, gade byen,

    Mwen va mennen etranje yo sou ou,

    sila ki pi sovaj pami nasyon yo.

    Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou,

    e yo va souye gwo bèlte ou a.

    8 Yo va mennen ou desann nan twou fòs la,

    e ou va mouri lanmò a sila ki touye

    nan kè lanmè yo.

    9 Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’,

    nan prezans a sila ki te touye ou a?

    Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye,

    nan men a sila ki blese ou yo.

    10 Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo,

    paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”

  53. 3 Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”

  54. 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay.

    Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti!

  55. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  56. 7 Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.” 8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.

  57. 14 Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.

    15 Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.

  58. 30 Poukisa nou menm tou, nou an danje a chak moman? 31 Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, mwen mouri chak jou.

  59. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

    16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

    25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

  60. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

    5 Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

  61. 6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

  62. 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

  63. 11 Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. 12 Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, 13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, 14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la. 16 Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. 17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a. 19 Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri. 20 Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”

  64. 4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!”

    A mechan an: “Pa leve kòn nan.

    5 Pa leve kòn ou anwo.

    Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”

    6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,

    ni bò kote dezè a,

    kab gen fòs pou leve moun anwo;

  65. 6 Paske malgre SENYÈ a egzalte,

    Li toujou okipe sila ki ba yo.

    Men moun ki ògeye yo,

    Li rekonèt yo de lwen.

  66. 16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

  67. 25 SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a;

    men L ap etabli lizyè vèv la.

  68. 11 Ògèy a lòm va vin bese

    e wotè a lòm va vin imilye.

    E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.

    12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman

    kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan;

    nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.

  69. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  70. 22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.

  71. 6 Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?

    7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.

    8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.

  72. 11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè.

  73. 19 Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a. 20 Paske nou se laglwa ak lajwa nou.

  74. 19 Mwen va anplis, kase awogans pouvwa nou. Mwen va fè syèl la tankou fè, e tè a tankou bwonz.

  75. 5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.

    Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.

  76. 10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;

    men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.

  77. 24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;

    men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.

  78. 31 “Gade byen, Mwen kont ou,

    O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo,

    “Paske jou pa ou a fin rive,

    lè ke M va pini ou a.

    32 Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li;

    epi Mwen va mete dife nan vil li yo

    e li va devore tout andwa l yo.”

  79. 8 “Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.

  80. 21 Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.

    22 Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!” 23 Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.

  81. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.

  82. 7 Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè? 8 Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen an nan men yo pou sèvi nou. 9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. 10 Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. 11 Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!

    12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo.

  83. 1 Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak revelasyon Senyè a.

  84. 17 Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. 18 Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, 19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.

  85. 14 Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, 15 pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè san fwa yo te pale kont Li.”

    16 Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fot, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flate moun, pou yo kapab gen yon avantaj.

  86. 14 “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen an, Kòmansman kreyasyon Bondye a, di konsa: 15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.

    16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.

    18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.

    19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

    20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.

    21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.

    22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.