39 Bible Verses About God's Wisdom

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Wisdom
  1. 13 A la beni nonm ki twouve sajès,

    e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!

    14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,

    e pwofi li pi bon ke lò fen.

    15 Li pi presye pase bijou;

    e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.

    16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.

    Nan men goch li se richès ak lonè.

    17 Chemen li yo byen dous,

    e tout pa li yo se lapè.

    18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,

    e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.

    19 SENYÈ a ak sajès te fonde latè a;

    ak bon konprann Li te etabli syèl yo.

    20 Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri,

    e syèl yo te vin degoute lawouze.

    21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe bon sajès ak bon konprann.

    22 Konsa yo va lavi pou nanm ou

    ak dekorasyon pou kou ou.

    23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

    e pye ou p ap chape.

    24 Lè ou kouche ou p ap pè;

    kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

    25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

    ni atak a mechan an lè l vini.

    26 Paske Bondye va konfyans ou,

    e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

  2. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:

    “Mwen va detwi sajès a saj yo,

    e entèlijans moun save yo,

    mwen va mete sou kote.”

    20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.

    26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

  3. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  4. 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

  5. 19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon vizyon lannwit lan. 20 Daniel te di:

    “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,

    paske sajès ak pouvwa se pou Li.

    21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.

    Li retire wa e Li etabli wa.

    Li bay sajès a moun saj yo,

    e konesans a moun ki gen bon konprann.

    22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.

    Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,

    e se limyè a ki rete avè L.

    23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,

    mwen remèsye Ou.

    Mwen bay Ou lwanj,

    paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

    Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

    ke nou te mande Ou a,

    Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

  6. 30 Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo, 31 konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou. 32 Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.

    33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!

    34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”

    Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”

    35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay

    pou Li kapab repeye li ankò?”

    36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.

  7. 1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

    e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

    2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;

    e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

    3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;

    e leve vwa ou vè bon konprann;

    4 si ou chache li kon ajan,

    e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;

    5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,

    e dekouvri konesans Bondye a.

    6 Paske, SENYÈ a bay sajès.

    Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

    7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.

    Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,

    8 K ap veye chemen lajistis yo,

    e pwoteje chemen a fidèl Li yo.

    9 Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis,

    e menm egalite avèk tout bon chemen yo.

    10 Paske, sajès va antre nan kè ou,

    e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.

    11 Bon konprann va pwoteje ou,

    konesans va veye sou ou,

    12 pou pwoteje ou kont chemen mal la,

    kont lòm ki pale bagay pèvès yo.

    13 Kont sila ki kite chemen ladwati yo

    pou mache nan chemen fènwa yo;

    14 ki pran plezi nan fè sa ki mal

    e rejwi nan mechanste mal la.

    15 Chemen a sila ki vin kwochi yo

    e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.

  8. 8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;

    repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.

    9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,

    enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.

    10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès

    e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.

    11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,

    e ane yo ap ogmante sou lavi ou.

    12 Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou;

    e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.

  9. 1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:

    2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,

    Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,

    3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,

    ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;

    4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.

    5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li

    e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

    6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.

    7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;

    sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

  10. 24 Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a? 25 Èske li pa fè tè a nivo pou simen grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li? 26 Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon. 27 Paske grenn lanni pa kraze vannen ak gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton. 28 Sereyal pou fè pen oblije kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Menmsi wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta pase sou li, cheval la pa ka fè l moulen. 29 Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li byen gran.

  11. 1 Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo; 2 pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vre konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm. 3 Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.

  12. 18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

    19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.” 21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm, 22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm. 23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.

  13. 16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!

    Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.

  14. 1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. 2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.

    6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. 7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; 8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. 9 Men jan sa ekri a:

    “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

    ki pa janm antre nan kè a lòm;

    tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”

    10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.

  15. 1 Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:

    2 Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an

    ak pawòl san konesans yo?

    3 Alò, mare senti ou tankou gason,

    M ap mande ou e ou va enstwi M!

    4 “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan?

    Pale si ou gen bon konprann,

    5 Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen?

    Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?

    6 Sou kilès baz li yo te fonse?

    Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,

    7 lè zetwal maten yo te chante ansanm,

    e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?

    8 “Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo,

    lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;

    9 lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li

    e fènwa byen pwès kon rad anfans li,

    10 epi Mwen te plase lizyè sou li,

    e te kadnase pòt li yo,

    11 lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis;

    men la vag ògèy ou va rete’?

    12 “Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive,

    e fè solèy granmaten an konnen plas li,

    13 pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè

    e souke l nèt pou yo sòti ladann?

    14 Li vin chanje tankou ajil anba yon so;

    epi prezante la tankou yon abiman.

    15 Sou mechan yo, limyè yo retire

    e bwa soulve a vin kase.

    16 “Èske ou konn antre nan sous lanmè yo,

    oswa mache nan fon pwofondè a?

    17 Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm?

    Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?

    18 Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a?

    Di M si ou konnen tout sa a.

    19 “Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a?

    Epi tenèb la, kote landwa li,

    20 pou ou ta mennen li nan limit li,

    pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?

    21 Fòk ou konnen paske ou te fèt avan sa,

    e kantite jou ou yo vast!

    22 Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo,

    oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,

    23 ke M te rezève pou tan twoub la,

    pou jou lagè ak batay la?

    24 Kote chemen ki pou fè loray divize a

    oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?

    25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,

    oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,

    26 Pou mennen lapli nan yon tèren kote nanpwen moun,

    nan yon dezè san pèsòn ladann,

    27 Pou satisfè yon peyi savann dezole

    e fè grenn zèb yo vin jèmen.

    28 Èske lapli gen papa?

    Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?

    29 Nan ki vant manman a sila glas la te sòti?

    Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?

    30 Dlo vin di tankou wòch

    e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.

    31 “Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo,

    oswa lage kòd zetwal Orion yo?

    32 Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo,

    oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?

    33 Èske ou konnen tout règleman syèl la,

    oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?

    34 Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo,

    pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?

    35 Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?

    36 Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm,

    oswa te bay bon konprann nan panse a?

    37 Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès,

    oswa vide gwo krich dlo syèl yo,

    38 Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo

    e bòl tè yo vin kole ansanm?

    39 “Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje,

    oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,

    40 Lè yo kouche nan kav pa yo

    e kouche tann pèlen bò lakay yo?

    41 Se kilès ki prepare manje pou kòbo a

    lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?

  16. 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.

  17. 15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

  18. 24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!

    Nan sajès, Ou te fè tout bagay.

    Latè ranpli ak byen Ou yo.

    25 Genyen lanmè, gran e vast.

    Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte

    gwo bèt, kòn ti bèt.

    26 Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak

    levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.

  19. 12 Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L?

    Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;

    ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,

    ki te peze mòn yo nan gwo balans,

    e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?

    13 Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,

    oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?

    14 Ak kilès Li te konsilte,

    e se kilès ki te bay Li bon konprann?

    Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,

    ki te enstwi Li nan konesans,

    e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?

  20. 9 “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.

  21. Pou direktè koral la; Yon Sòm David

    1 O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.

    2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.

    Ou konprann panse mwen yo de lwen.

    3 Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk

    kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.

    4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,

    Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.

    5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e

    Ou te poze men Ou sou mwen.

    6 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.

    Li twò wo.

    Mwen pa kab rive kote l.

  22. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

  23. 12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.

    Li te etabli lemonn ak sajès Li;

    ak konprann Li, Li te etann syèl yo.

  24. 7 Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”

    8 Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou te fè m wa nan plas li. 9 Koulye a, O SENYÈ Bondye, Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè. 10 Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”

    11 Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a, 12 sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”

  25. 8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

  26. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  27. 5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

    Bon konprann Li an san limit nèt.

  28. 24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”

    28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

  29. 7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. 8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”

    10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. 13 Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. 14 Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”

  30. 28 Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.

  31. 22 “Èske gen moun kab bay Bondye konesans?

    Se Li menm ki jije sila anwo yo.

  32. 7 Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa;

    Wi, kite li pale M sa an lòd.

    Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon an.

    Epi kite yo deklare a yo menm bagay

    k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.

  33. 7 Se kilès ki pa ta krent Ou,

    O Wa a nasyon yo?

    Anverite, se sa Ou merite!

    Paske pami tout moun saj nan nasyon yo,

    ak nan tout wayòm yo,

    nanpwen okenn tankou Ou.

  34. 12 Sajès rete ak granmoun;

    yon lavi ki long gen bon konprann.

    13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans.

    A Li menm se konsèy avèk bon konprann.

  35. 14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.

  36. 29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. 30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la. 31 Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. 32 Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk. 33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason. 34 Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.

  37. 24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

  38. 30 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.

  39. 12 Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li. 13 Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo. 14 Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.”