41 Bible Verses About Free Will

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Free Will
  1. 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a. 7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li, 12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.

  2. 15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. 16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, 18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”

  3. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  4. 10 Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. 11 Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, 12 Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”. 13 Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.

    14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la. 17 Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” 18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.

    19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.

  5. 44 Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.

  6. 5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

    16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  7. 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

    16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.

  8. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

  9. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

  10. 15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.

    16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”

  11. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  12. 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

    19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. 20 Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati.

  13. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

  14. 14 “Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”

  15. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.

  16. 22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.

    24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

  17. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

  18. 8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

  19. 27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.

  20. 17 Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi san frè a vini.

  21. 21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.

  22. 16 “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.

  23. 48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè. 49 Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.

  24. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.

  25. 1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.

    3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.

  26. 12  Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo. 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

  27. 26 “Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; 27 Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; 28 epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.

  28. 19 “Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv. 20 Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.

    21 “Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. 22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. 23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”

    24 “Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.

    25 “Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo? 26 Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te fè a. 27 Ankò, lè yon nonm mechan vire kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan. 28 Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri. 29 Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?

    30 “Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. 31 Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? 32 Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”

  29. 34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.

  30. 12 Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.

  31. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  32. 1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

  33. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras.

  34. 15 Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.

  35. 16 “Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.

  36. 19 Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo. 20 Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

    21 Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo. 22 Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.

  37. 1 Nan kòmansman règn a wa Jojakim nan, fis a Josias la, wa a Juda a, pawòl sa a te sòti nan SENYÈ a: 2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo! 3 Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’” 4 Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an, 5 pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute— 6 konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”

  38. 14 “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen. 15 Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.

    16 “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.

    17 “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. 18 Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”

  39. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.

  40. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

    11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.

  41. 20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.