41 Bible Verses About Hospitality

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Hospitality
  1. 9 Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.

    10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.

  2. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

  3. 1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.

    2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.

  4. 40 Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an. 41 Sila ki resevwa yon pwofèt nan non a yon pwofèt ap resevwa rekonpans a yon pwofèt. Epi li ki resevwa yon nonm ladwati nan non a yon nonm ladwati, va resevwa rekonpans a yon nonm dwat. 42 Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwè; anverite, Mwen di nou li p ap pèdi rekonpans li.

  5. 34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

    37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

    40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

  6. 41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

    44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

    45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

  7. 33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  8. 7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li,

  9. 1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi.

  10. 9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.

  11. 11 “Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”

    12 Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.

    13 “Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo. 14 Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”

  12. 30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

    31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.

    32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.

    33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

  13. 1 Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant lan nan chalè jounen an. 2 Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè. 3 Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an. 4 Souple, kite yon ti dlo ta pote pou lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a. 5 Konsa, mwen va pote yon mòso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.”

    Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”

    6 Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”

    7 Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li. 8 Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.

  14. 14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.

  15. 38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.

    39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

    41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

  16. 1 Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan.

    Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè. 2 Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”

    3 Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.

  17. 5 Ou ranje yon tab devan mwen

    nan prezans lènmi mwen yo.

    Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.

    Tas mwen fin debòde nèt.

    6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou

    va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,

    E mwen va viv lakay

    SENYÈ a jis pou tout tan.

  18. 8 Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen. 9 Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan. 10 Souple, annou fè yon ti chanm sou twati kay la. Annou mete yon kabann pou li la, avèk yon tab ak chèz avèk yon chandelye. Konsa li va ye ke lè li vini kote nou, li kapab vire antre la.”

    11 Yon jou, li te vini la e te vire antre nan chanm anwo a pou te repoze.

  19. 2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.

  20. 44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.

  21. 2 Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.

  22. 41 Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.

  23. 2 Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.

    3 Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. 4 Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. 5 Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”

  24. 5 “‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’. 6 Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou. 7 Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.

  25. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  26. 6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine.

  27. 1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.

    2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal, 3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?

  28. 7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a.

  29. 1 Sajès bati kay li a;

    li taye sèt gwo pilye li yo.

    2 Li te prepare manje li,

    li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.

    3 Li voye demwazèl li yo deyò,

    li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:

    4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”

    Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:

    5 “Vin manje manje mwen an,

    e bwè diven ke m te melanje a.

    6 Kite foli ou pou ou ka viv;

    epi avanse nan chemen bon konprann nan.”

  30. 16 Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”

    17 Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.

  31. 44 Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon: “Èske ou wè fanm sa a? Mwen te antre lakay ou. Ou pa t ban M dlo pou pye Mwen, men li mouye pye M avèk dlo zye li, e li te siye yo avèk cheve li. 45 Ou pa t bo M; men li menm, depi lè M antre a li pa sispann bo pye Mwen. 46 Ou pa t onksyone tèt Mwen avèk lwil, men li te onksyone pye Mwen avèk pafen.

  32. 20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.

  33. 22 Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: “Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.” 23 Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.

    24 Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a.

    25 Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.

  34. 17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,

    e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.

  35. 6 Pa manje pen a yon mesye ki chich,

    ni anvi bèl bagay li;

    7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

    Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.

    8 Ou va vomi mòso ke ou te manje a

    e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.

  36. 10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo.

  37. 58 Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”

  38. 20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

  39. 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  40. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  41. 16 Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;