73 Bible Verses About Cancer
Bib Sen An (BSA)
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18 Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
-
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.
Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
-
24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
-
14 Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv. 15 Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li. 16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
-
35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik.
-
23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
24 Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
-
34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.
37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’
40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’
-
26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
-
Yon Sòm David
1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm bliye benefis Li yo,
3 ki padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
-
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
-
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
1 Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi. 2 Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li, 3 Philippe ak Barthélèmy; Thomas ak Matthieu ki te kolektè kontribisyon an, Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée; 4 Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
5 Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou Samariten yo, 6 Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo. 7 Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’ 8 Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.
-
25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou. 26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.
-
14 Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt!
Sove mwen e mwen va sove!
Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
17 Paske M ap fè ou reprann lasante,
e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:
“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:
‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”
2 Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di: 3 “Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
4 Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil la, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di: 5 “Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a. 6 Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.”’”
7 Konsa, Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.”
Yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.
-
2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,
e Ou te geri mwen.
3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
-
3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
-
24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
-
2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a.
Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.
Nan maladi li, li va restore li a lasante.
-
14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
29 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman yo te pale avèk Li konsènan li.
31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.
34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
-
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen
chagren anpil.
Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
-
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.
-
14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
-
17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”
-
1 Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
2 Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”
3 Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. 4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. 5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”
6 Lè L di sa, Li krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li. 7 Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “voye”).
Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
-
23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
-
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
1 Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a. 2 SENYÈ a te di a Satan: “Kibò ou sòti?”
Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè, e te mache toupatou sou li.”
3 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou te remake sèvitè Mwen an, Job? Paske nanpwen okenn moun tankou li sou latè, yon nonm san repwòch e dwat ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite tout mal. Epi li toujou kenbe rèd ak entegrite li, malgre ou te eksite Mwen kont li san koz.”
4 Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li. 5 Malgre sa, lonje men Ou koulye a e touche zo li avèk chè li. Li va modi Ou devan figi Ou.”
6 Konsa, SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, li nan pouvwa ou. Sèlman konsève lavi li.”
7 Konsa, Satan te sòti nan prezans SENYÈ a e te frape Job avèk abse ak maleng soti anba pye li jis rive sou kwòn tèt li. 8 Job te pran yon mòso cha kanari pou grate kò l pandan li te chita nan mitan sann yo. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”
10 Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?”
Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
-
1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
5 Yon tan pou voye wòch
e yon tan pou ranmase wòch;
yon tan pou anbrase
e yon tan pou evite anbrase.
6 Yon tan pou chache
e yon tan pou pèdi.
Yon tan pou konsève,
e yon tan pou jete.
7 Yon tan pou chire
e yon tan pou koude;
yon tan pou rete an silans
e yon tan pou pale.
8 Yon tan pou fè lanmou
e yon tan pou rayisman;
yon tan pou fè lagè
e yon tan pou fè lapè.
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
-
17 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
Pa menm youn nan yo va kase.
21 Se mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki kache nan Li yo
k ap kondane.
-
1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”
2 Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a. 3 Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
4 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l: 5 “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou. 6 Mwen va delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.”’
-
40 Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo.
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
-
10 Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
-
29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a. 30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
-
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
-
2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
-
19 Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.
-
49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakayofisye sinagòg la, e te di: “Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò.”
50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”
51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.
52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”
53 Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.
54 Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: “Pitit, leve!”
55 Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman. Li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.
56 Paran li yo te etone, men Li te enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.
-
9 Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.
-
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
-
8 Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te poze men l sou li e te geri li.
9 Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
-
1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
2 Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!”
3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ravaj gwo maladi yo.
4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men sa p ap pwoche ou.
8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
wè rekonpans a mechan yo.
-
2 O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou.
Sèvi kon fòs pa nou chak maten,
delivrans pa nou nan tan gwo twoub.
-
13 Jésus te di a santenye a: “Ou mèt ale. Ke sa fèt pou ou jan ou kwè a.” Konsa, sèvitè li a te geri nan menm lè sa a.
-
12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
-
35 Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo. 36 Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.
-
2 Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
-
6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo.
-
3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. 7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.
-
12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète:
-
1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
Shows Read in context, Share and Copy.