37 Bible Verses About Gentleness

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Gentleness
  1. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

    25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

  2. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.

    24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

  3. 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

    14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.

    17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

  4. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  5. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

  6. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.

  7. 1 Yon repons ki dous kalme kòlè;

    men yon mo sevè pwovoke gwo fache.

    2 Lang a saj la gen pou mèt, konesans;

    men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.

  8. 1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! 2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la.

  9. 1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

    3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

  10. 14 Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble. 15 Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.

    16 Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont. 17 Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.

  11. 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

  12. 4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre.

  13. 11 Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li.

    Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,

    e pote yo sou lestonmak Li.

    Ak dousè, Li va mennen manma a

    ak ti mouton piti yo.

  14. 7 Men nou te pwouve nou plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li.

  15. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  16. 19 Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo. 20 Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans. 21 Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?

  17. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

    11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.

  18. 35 Anplis, Ou te ban mwen

    boukliye sali Ou e

    men dwat Ou te ban m soutyen.

    Se bonte Ou ki fè m gran.

  19. 19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.

    21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

  20. 11 Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”

    Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a. 12 Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, yon ti bwi tankou yon souf lejè. 13 Lè Élie te tande l, li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”

  21. 1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.

  22. 9 Rejwi anpil, O fi a Sion an!

    Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!

    Gade byen wa ou ap vini kote ou;

    Li jis e Li gen Sali;

    Li enb e Li monte sou yon bourik,

    menm yon jenn pòtre,

    pitit a yon bourik.

  23. 21 Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,

    22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.

    24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

  24. 15 Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade;

    se yon lang dous ki kase zo.

  25. 4 Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;

    men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.

  26. 1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;

    sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.

    Mwen te mete Lespri M sou Li.

    Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.

    2 Li p ap kriye menm,

    ni leve vwa l,

    ni fè vwa l tande nan lari.

    3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase,

    e yon fisèl bouji ki brile fèb,

    Li p ap etenn.

    Ak fidelite, Li va mennen lajistis

    e fè l vin parèt.

    4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze

    jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,

    epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”

  27. 14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.

    15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.

    Anpil moun te swiv Li, e Li te geri yo tout.

    16 Epi Li te pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:

    18 “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;

    byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.

    M ap mete lespri Mwen sou Li,

    e Li va pwoklame jistis a payen yo.

    19 Li p ap diskite, ni kriye;

    ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.

    20 Yon wozo brize, Li p ap kase,

    e yon fisèl bouji k ap toufe,

    Li p ap tenyen,

    jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.

    21 Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”

  28. 7 Li te vin oprime e aflije;

    malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.

    Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,

    e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila

    k ap taye lenn li yo,

    konsa Li pa t ouvri bouch Li.

  29. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  30. 40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.

  31. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.

  32. 3 Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.

  33. 11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,

    menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?

  34. 1 Èske ou ka rale Levyatan an deyò ak yon zen lapèch?

    Oswa peze lang li desann ak yon kòd?

    2 Èske ou kab mete yon kòd nan nen l,

    oswa pèse machwè l ak yon zen?

    3 Èske l ap fè ou anpil siplikasyon,

    oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?

    4 Èske l ap fè yon akò avèk ou?

    Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?

  35. 24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;

    dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.

  36. 13 Mwen va pini li pou jou Baal yo,

    kote li te brile lansan an,

    lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo,

    pou l swiv moun ki renmen li yo,

    epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.

    14 Pou sa, gade byen,

    Mwen va atire li mennen li

    antre nan dezè a pou pale dous avèk li.

    15 Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo,

    ak Vale Akò a kon yon pòt espwa.

    Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo,

    tankou nan jou lè l te vin monte

    soti nan peyi Égypte la.

  37. 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.