68 Bible Verses About Wives

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Wives
  1. 22 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.

    25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li. 31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

  2. 18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.

    19 Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.

    21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

    23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

    24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.

  3. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  4. 4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

    7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

    8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

    10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”

    11 Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”

  5. 3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

  6. 1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

    6 Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd. 7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. 8 Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm. 9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

    12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

    16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

    17 Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.

  7. 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?

  8. 10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?

    Paske valè li depase bijou.

    11 Kè a mari li mete konfyans nan li

    e li p ap manke reyisi.

    12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal

    pandan tout jou lavi li.

    13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.

    14 Li tankou bato komès;

    li mennen manje li soti byen lwen.

    15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou

    bay manje a tout lakay li,

    ak yon pòsyon pou sèvant li yo.

    16 Li konsidere yon chan e achte li.

    Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.

    17 Li mare senti l ak gwo fòs

    pou fè bra li vin fò.

    18 Li santi ke siksè li bon;

    lanp li pa janm etenn lannwit.

    19 Li lonje men l vè aparèy tise a

    e men l kenbe l.

    20 Li lonje men l vè pòv yo

    avèk sila ki gen bezwen an.

    21 Lakay li pa fè krent pou lanèj,

    paske tout lakay abiye an wouj.

    22 Li fè kouvèti pou tèt li;

    tout vètman li se twal fen blan ak mov.

    23 Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo,

    lè l chita pami ansyen a peyi yo.

    24 Li fè vètman an len pou vann yo,

    e founi sentiwon a tout komèsan yo.

    25 Fòs ak respè se abiman li

    e li souri a lavni.

    26 Li ouvri bouch li avèk sajès

    e enstriksyon ladousè sou lang li.

    27 Li gade byen tout afè lakay li

    e li pa manje pen laparès.

    28 Pitit li yo leve e beni li;

    mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

    29 “Anpil fi te fè byen bon;

    men ou pi bon anpil pase yo tout.”

    30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;

    men se fanm nan ki krent SENYÈ a

    k ap resevwa lwanj.

    31 Ba li sa ke men l te pwodwi,

    epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

  9. 17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

    18 Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.

    19 Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.

  10. 22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,

    e twouve favè SENYÈ a.

  11. 9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.

    11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

  12. 5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a. 6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”

  13. 13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,

    e yon madanm k ap diskite a

    se tankou dlo kap degoute san rete.

    14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;

    men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.

  14. 7 Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.

  15. 4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

  16. 4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li;

    men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.

  17. 31 “Epi yo te konn di: ‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.

  18. 1 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.

    2 Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an. 3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.

  19. 7 Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason. 8 Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason. 9 Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an. 10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.

    11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan. 12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye.

  20. 34 Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.

    35 Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.

  21. 9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.

    11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.

    14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.

  22. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” 8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.

    9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”

  23. 16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

  24. 17 Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l. 18 Paske Jean t ap di a Hérode: “Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”.

  25. 38 Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.

    39 Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a. 40 Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.

  26. 3 Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo, 4 men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”

  27. 1 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo; 2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè. 3 Anplis, nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo. 4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit.

  28. 15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

    16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

    kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

    17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

    18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

    20 Paske poukisa fis mwen an,

    ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

    e anbrase lestonmak a yon etranje?

    21 Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a,

    e Li veye tout pa li yo.

    22 Pwòp inikite a mechan an va kaptire li.

    Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.

    23 Li va mouri akoz mank enstriksyon,

    e nan grandè foli li, li va vin egare.

  29. 5 Paske mari ou se Kreyatè ou a;

    yo rele L SENYÈ dèzame yo.

    Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.

    Yo rele Li Bondye a tout latè a.

  30. 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.

  31. 9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.

  32. 2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.

  33. 11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.

  34. 9 Epi madanm li te di l: “Èske ou toujou kenbe rèd a entegrite ou a? Modi Bondye e mouri!”

  35. 2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

  36. 17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.

  37. 20 “‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.

  38. 11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”

  39. 14 Ou pa pou fè adiltè.

  40. 22 Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, n ap mouri, paske nou te wè Bondye.”

    23 Men madanm li te di li: “Si SENYÈ a te vle touye nou, Li pa t ap aksepte ofrann brile avèk ofrann sereyal la soti nan men nou, ni Li pa t ap montre nou tout bagay sila yo, ni Li pa t ap kite nou tande tout bagay sa yo konsa nan moman sa a.”

  41. 19 Li pi bon pou rete nan dezè

    pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.

  42. 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.

  43. 1 “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li. 2 Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye. 3 Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri, 4 premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a.

    “Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.

  44. 24 Li pi bon pou viv nan yon kwen twati

    pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.

  45. 8 Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. 9 Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?”

    10 Adam te reponn: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”

    11 Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?

    12 Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.”

  46. 34 Lè Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an. 35 Yo te mennen traka pou twouble Isaac avèk Rebecca.

  47. 1 Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.” 2 “Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.

  48. 5 “Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li. 6 Li va rive ke premye ne ke li fè a, li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël.

    7 “Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’ 8 Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’ 9 alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’ 10 An Israël, non li va rele: “Lakay a sila yo retire sapat la”.

  49. 16 Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.

  50. 3 Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen. 4 Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a. 5 Paske Salomon te kouri dèyè Astarté deyès a Sidonyen yo e apre Milcom, zidòl abominab a Amonit yo. 6 Salomon te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a e li pa t swiv SENYÈ a nèt, jan David, papa li te fè a. 7 Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo. 8 Se konsa li te fè pou tout madanm etranje li yo. Li te brile lansan e fè sakrifis a dye pa yo.

  51. 9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a

    pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.

  52. 18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.

  53. 1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.

  54. 32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. 35 Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.

    36 Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye.

  55. 18 Nou pa pou fè adiltè.

  56. 6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,

    tankou yon so sou bra ou.

    Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.

    Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;

    lè l pete se tankou dife k ap pete.

    Vrèman se flanm SENYÈ a.

    7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,

    ni rivyè p ap ka inonde l.

    Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,

    sa ta konplètman meprize.

  57. 20 “Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.

  58. 8 “‘“Mwen te pase bò kote ou pou te wè ou e gade byen, ou te vin nan lè pou fè renmen. Alò konsa, mwen te lonje jip Mwen sou ou pou te kouvri toutouni ou an. Anplis, Mwen te sèmante a ou menm, e te antre nan yon akò avèk ou pou ou te vin pou Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.

  59. 2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”

  60. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.

    3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

    7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.

  61. 1 Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. 2 Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.

    3 Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li. 4 Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.

  62. 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.

  63. 1 Fanm saj la bati kay li,

    men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.

  64. 27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,

    e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.

  65. 9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;

    ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,

    ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.

    10 A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,

    fi a maryaj mwen an!

    A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven

    e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!

  66. 14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

  67. 8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

  68. 9 Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.” 10 Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye. 11 Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal. 12 Li te gen yon gwo miray wo avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo. 13 Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès. 14 Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.