50 Bible Verses About Motherly Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Motherly Love
  1. 25 Fòs ak respè se abiman li

    e li souri a lavni.

    26 Li ouvri bouch li avèk sajès

    e enstriksyon ladousè sou lang li.

    27 Li gade byen tout afè lakay li

    e li pa manje pen laparès.

    28 Pitit li yo leve e beni li;

    mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:

    29 “Anpil fi te fè byen bon;

    men ou pi bon anpil pase yo tout.”

    30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;

    men se fanm nan ki krent SENYÈ a

    k ap resevwa lwanj.

    31 Ba li sa ke men l te pwodwi,

    epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

  2. 10 Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?

    Paske valè li depase bijou.

    11 Kè a mari li mete konfyans nan li

    e li p ap manke reyisi.

    12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal

    pandan tout jou lavi li.

  3. 22 Koute papa ou ki te fè ou a,

    e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

    23 Achte verite e pa vann li!

    Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

    24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

    e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

    25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;

    kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

  4. 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!

    Rejwi, O latè!

    Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!

    Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

    Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.

    14 Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen,

    e Senyè a te bliye mwen.”

    15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,

    pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?

    Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.

    16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.

    Miray ou yo devan Mwen tout tan.

    17 Fè pitit ou yo, fè vit.

    Sila k ap detwi yo e k ap devaste yo va kite ou.

  5. 3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

  6. 13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,

    se konsa Mwen va rekonfòte nou;

    epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”

  7. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  8. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

  9. 3 Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.

    5 Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.

  10. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

  11. 20 Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.

  12. 6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  13. 20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

    21 Mare yo tout tan sou kè ou;

    mare yo nan kou ou.

    22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.

    Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.

    Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.

    23 Paske kòmandman an se yon lanp,

    e enstriksyon li se limyè.

    Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a

    24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,

    a lang glise de fanm adiltè a.

  14. 15 Baton ak repwòch bay sajès;

    men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

    16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

    men moun dwat yo va wè tonbe yo.

    17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

    anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

  15. 25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.

    26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”

    27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.

  16. 24 Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.

    25 Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”

    26 Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.”

    Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”

    27 Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”

    28 Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.

  17. 16 ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.

  18. 46 Marie te di:

    “Nanm mwen egzalte Senyè a,

    47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.

    48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an;

    paske gade byen, soti nan moman sa a

    jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.

  19. 51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.

    52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.

  20. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  21. 1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, 2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.

  22. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  23. 4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”

    5 Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, 6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.

  24. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.

  25. 9 “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. 10 Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’

  26. 44 “‘“Gade byen, tout moun ki site pwovèb va site pwovèb sila a konsènan ou menm. Yo va di: ‘Jan manman an ye a, se konsa fi a ye.’ 45 Ou se fi a manman ou, li te rayi mari li ak pitit li. Ou se, anplis, sè a sè ou yo, ki te rayi mari yo ak pitit yo. Manman ou te yon Etyèn e papa ou te yon Amoreyen.

  27. 7 Men nou te pwouve nou plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li.

    8 Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.

  28. 23 Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.”

    Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre. 24 Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti. 25 Konsa, yo te touye towo a e te mennen gason an bay Éli. 26 Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a. 27 Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a. 28 Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.

  29. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

  30. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  31. 14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. 15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”

    16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”

  32. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  33. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.

  34. 14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.

    15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab. 16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.

  35. 37 “O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.

    38 “Gade byen, lakay nou rete nan men nou dezole nèt.

  36. 34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”

    35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

    38 Marie te di li: “Men gade, sèvant-devwe a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.

  37. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  38. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

  39. 17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  40. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.

  41. 11 Tankou yon èg ki anvayi nich li,

    ki pann sou jenn pitit li yo,

    Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo.

    Li te pote yo anwo plim li.

    12 SENYÈ a sèl te gide li.

    Li pa t gen dye etranje ki te avè l.

  42. 10 Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom an.

  43. 1 Fanm saj la bati kay li,

    men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.

  44. 11 “Akoz nou kontan, akoz nou ap fete,

    o nou menm ki te konn piyaje eritaj Mwen an;

    akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl

    k ap foule sereyal;

    epi ki vin ranni kon jenn poulen,

    12 manman nou va tèlman wont,

    sila ki te bay nou nesans lan va imilye.

    Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo,

    yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.

    13 Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite,

    men li va dezole nèt.

    Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi.

    E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.

    14 Monte lign batay ou kont Babylone tout kote,

    nou tout ki konn koube banza.

    Tire sou li.

    Pa konsève flèch nou yo,

    paske li te peche kont SENYÈ a.

    15 Leve kriye batay la kont li tout kote!

    Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe,

    miray li yo fin demoli.

    Paske sa se vanjans SENYÈ a.

    Pran vanjans sou li.

    Jan li te konn fè a, fè l konsa.

  45. 19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

  46. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

  47. 19 Epi manman li ta fè pou li yon ti manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri sakrifis la.

  48. 5 Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth. 6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. 7 Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.

  49. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  50. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.