28 Bible Verses About God Loves You
Bib Sen An (BSA)
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.
9 Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.
10 Men lanmou an; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
12 Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.
-
6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.
-
16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.
-
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. 18 Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwòch yo ye pou ou. 19 Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè. 20 Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.
-
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
-
2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan fis a dezobeyisans yo. 3 Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
-
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
-
15 Men Ou menm, O SENYÈ,
Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.
-
20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
-
13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
-
5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,
ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
-
1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,
e Sila ki te fòme ou a, O Israël:
“Pa pè, paske Mwen te rachte ou.
Mwen te rele ou pa non ou.
Se pa M ou ye!
2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.
Mwen te bay Égypte kon ranson ou
Cush ak Saba nan plas ou.
-
2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”
-
9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
-
9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
-
3 SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:
“Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.
Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
-
10 Paske mòn yo kapab deplase,
e kolin yo ka disparèt,
men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.
Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”
di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
-
37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.
38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.
-
9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.
Shows Read in context, Share and Copy.